Sant pou Timoun ki gen Fant nan Bouch ak/oswa Palè
617-371-4843
Konsènan Sant lan
Chak timoun gen yon ekip swen konplè ki gen ladan yon chirijyen plastik, chirijyen oral-maksilofasyal, òtodontis, òtolarengològ, terapis pale, dyetisyen, pedyat, jenetik, ak lòt espesyalis ki asosye. Tout swen yo bay nan yon anviwònman ki santre sou fanmi, kèlkeswa kapasite fanmi yo pou peye.
Nou konprann estrès ak ensètitid ou genyen lè w gen yon timoun ki gen yon fant nan bouch li oswa palè oswa lòt anòmali nan kràn oswa nan figi. Objektif nou se asire aksè fasil ak swen ke pitit ou a bezwen. Apre laj 18 lane, ekip swen pitit ou a ap detèmine moman ki apwopriye pou transfere swen bay yon espesyalis Mass General Brigham pou kontinye swiv li lè li vin granmoun.
Maladi yo trete
- Fant nan bouch
- Fant nan palè
Metòd ki baze sou kolaborasyon nan swen
Nan sant pou Timoun ki gen Fant nan Bouch ak/oswa Palè, nou gen yon ekip ekspè konplè ki trete timoun ki gen defòmasyon nan kràn oswa nan figi. Apre ou fin enskri, yo pral mennen ou nan chanm egzamen w lan. Tout espesyalis pitit ou bezwen wè nan jou sa a ap vini jwenn ou, ki gen ladan chirijyen bouch, chirijyen plastik, enfimyè, òtodontis, patològ pawòl, ak dyetisyen. Modèl espesyalis nan plizyè branch sa a nan swen pèmèt tout founisè swen pitit ou yo enfème epi gen yon menm plan tretman nan tout etap swen yo.
Enfimyè kowòdonatè swen ak travayè sosyal yo disponib pandan randevou yo pou ede pasyan yo ak fanmi yo ak pwoblèm sikososyal ki asosye ak defòmasyon kràn ak figi yo ak pou asire pi bon rezilta pou pasyan an ak fanmi an.
Maladi ak tretman fant ak anòmali nan kràn ak figi
- Craniosynostosis
- Vascular Malformations and Hemangiomas
- Lymphatic Malformations
- Branchial Cleft Abnormalities in Children
- Flat Head Syndrome (Deformational Plagiocephaly)
- 22q11.2 Deletion Syndrome in Children
- Tongue-Tie (Ankyloglossia)
- Congenital Muscular Torticollis
- Dermoid Cyst
- Rathke Cleft Cyst
- Orthodontic Braces
- Rhinoplasty
- Supportive Treatment for a Cleft Lip or Palate
- Craniofacial Team
- Auricular Reconstruction of a Child’s Ear Phase 1
- Bone Grafting
- Ear Tube Insertion
Espesyalis nou yo
617-371-4843
Kontakte Sant pou Timoun ki gen Fant nan Bouch ak/oswa Palè
617-371-4843
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal