false

Pwogram Jenetik Timoun

Pwogram Jenetik Timoun nan Mass General Brigham pou Timoun lan espesyalize nan evalyasyon ak swen pasyan tout laj ki ka gen maladi ki lye ak ereditè, jenetik, oswa metabolis.
primary
phone
617-726-1561
6177261561

Konsènan pwogram lan

Pwogram Jenetik Timoun lan espesyalize nan evalyasyon ak swen timoun ak granmoun ki ka gen pwoblèm sante ki gen yon baz ereditè, jenetik, oswa metabolis. Kondisyon sa yo gen ladan swen pou yon tibebe ki fèt ak yon diferans fizik depi nesans, yon tibebe ki gen yon kondisyon metabolis ki detekte pa depistaj tibebe, timoun oswa granmoun ki gen reta devlopman oswa otis, yon moun ansent ki pote yon tibebe ak yon kondisyon jenetik sispèk, oswa yon granmoun ki gen yon istwa fanmi oswa yon dyagnostik sispèk nan yon kondisyon jenetik ki parèt nan granmoun.

Pati nan Mass General Brigham pou Timoun

Yon bann sèvis konplè

Ekip nou an gen ladan doktè ki sètifye nan jenetik klinik ak doktè ki fòme nan metabolis, ansanm ak konseye jenetik ak nitrisyonis metabolis ki gen anpil eksperyans nan trete yon seri maladi tankou:

  • Andikap otis ak lòt sendwòm devloman newolojik
  • Sendwòm kwasans depase tankou sendwòm Beckwith Wiedemann
  • Maladi kromozom tankou sendwòm Klinefelter, sendwèm Turner, sendwòm Down, trisomi 18, trisomi 13, sendwèm efase 22q11.2, ak lòt maladi
  • Diferans kranyofasyal tankou Fant nan bouch ak nan palè oswa defòmasyon nan kràn oswa nan figi
  • Plizyè diferans fizik timoun lan fèt avèk yo
  • Displazi skeletik ak lòt koz jenetik pou ti tay
  • Pèt tande ereditè
  • Maladi lizozom
  • Maladi metabolis

Ekip klinik nou an, ki gen ladan doktè, konseye jenetik, doktè an fòmasyon, ak dyetisyen, bay fanmi yo dyagnostik, tretman, konsèy jenetik, ak swen swivi nan yon anviwònman sipò. Laboratwa jenetik dènye modèn nou yo ak patisipasyon nou nan rechèch aktyèl asire pasyan yo resevwa dènye opsyon tès ak tretman.

Maladi jenetik yo se maladi kwonik epi, nan kèk ka, yo ka menase lavi. Anplis moun ki gen maladi a, lòt moun nan fanmi yo ka afekte. Konprann baz kondisyon sa yo ka ede fanmi aprann sou chans pou gen yon timoun ki gen yon dyagnostik jenetik.

Nou ekipe pou trete tout fanmi an, depi dyagnostik jiska konsèy ak swen swivi. Nou gen espesyalis ki fòme nan dyagnostik, konsèy jenetik ak swen kondisyon jenetik ki espesifik pou chak etap nan lavi. Kowòdinatè swen nou an disponib pou ede fanmi yo jwen swen plizyè espesyalis nan plizyè branch ki souvan nesesè

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon ekip swen la.
primary
phone
617-726-1561
6177261561

Kontakte Pwogram Jenetik timoun

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone ki soti nan ekspè¨.
primary
phone
617-726-1561
6177261561
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact