false

Pèdi pwa rapid ak aritmi

Kontribitè
Lindsay Harris, MBA, APRN, NE-BC
Yon fanm k ap tcheke batman kè li.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/lindsay-harris

Aritmi kadyak se yon batman kè iregilye ki ka devlope lè siyal elektrik ki kowòdone batman kè ou yo pa fonksyone kòrèkteman. Plizyè bagay ka jwe yon wòl nan pwoblèm sa a, tankou chanjman rapid nan pwa kò a.

“Nou konnen twòp pwa gen move enpak sou sante. Kidonk, nou souvan rekòmande pèdi pwa pou moun ki vle amelyore sante jeneral yo. Sepandan, pèdi anpil pwa byen vit ka gen efè segondè, tankou aritmi kadyak,” di Lindsay Harris, MBA, APRN, NE-BC, yon enfimyè ki gen lisans pou bay swen avanse nan Mass General Brigham, yon rezo lopital. Harris se direktè prensipal ekip enfimyè ki bay swen avanse nan Brigham and Women’s Hospital, yon lopital kote li pran swen pasyan ki gen pwoblèm kè.

Harris esplike sa pasyan yo bezwen konnen sou aritmi ki ka rive lè yo pèdi pwa rapidman ak fason yo trete aritmi sa yo.

Kijan pèdi pwa ka mennen nan aritmi

Pèdi pwa rapid ka lakòz yon aritmi akòz chanjman rapid nan:

  • Konpozisyon kò
  • Ekilib elektwolit ak eleman nitritif
  • Idratasyon

“Chanjman sa yo tout ka gen enpak sou fonksyon ak ritm kè a,” Harris di. “Chanjman nan nivo elektwolit yo pandan w ap pèdi pwa souvan lakòz aritmi.”

Elektwolit yo se mineral tankou sodyòm ak potasyòm. Yo ede transpòte siyal elektrik ki kenbe yon batman kè nòmal. Gwo chanjman nan pwa nan yon ti tan ka chanje nivo elektwolit yo.

Mank eleman nitritif ak dlo ka jwe yon wòl tou nan aritmi ki koze pa pèdi pwa rapid. Lè w pa jwenn ase dlo, sa ka deranje balans elektwolit la. Lè w pa jwenn ase eleman nitritif paske w limite sa w manje anpil, nivo eleman nitritif kò w bezwen ak elektwolit yo ka vin ba.

Fibrilasyon atriyal ak pèdi pwa

“Nou pito konsantre sou pèdi pwa piti piti grasa chanjman nan mòdvi lè n ap pale de pèdi pwa ak kontwòl pwa,” Harris di. Sepandan, operasyon ak medikaman pou pèdi pwa ka bay trè bon rezilta alontèm pou pasyan ki ka benefisye de yo.

Nenpòt metòd pou pèdi pwa rapid ka afekte fonksyònman kè a epi lakòz aritmi tankou fibrilasyon atriyal, oswa Afib. Degre pèdi pwa ki ka lakòz aritmi depann de moun nan. “Sa depann de chak moun, pwa yo te genyen okòmansman, vitès yo te pèdi pwa a ak lòt faktè,” Harris di.

An jeneral, plis pèdi pwa a rapid, se plis risk la wo. Ekip swen ou an ka ede w diminye risk ou.

Harris pale sou diferan metòd pou pèdi pwa rapid ak fason yo ka lakòz aritmi:

Limite kalori ak aritmi kadyak

Rechèch Sosyete Ewopeyen an pou Kardyolojimontre lè w limite kalori twòp, sa ka chanje fason kè a fonksyone. Kalori se yon mezi kantite enèji yon manje bay pou kò w itilize.

“Lè w limite konsomasyon w a 600 a 800 kalori pa jou pandan yon bon bout tan, sa ka gen yon enpak negatif sou fonksyònman kè a,” Harris di. “Lè w limite kalori konsa, sa ka lakòz chanjman ki deranje sistèm elektrik kè a.”

Nenpòt bagay ki afekte siyal elektrik kè a ka lakòz ritm kè anòmal. Yon lòt etid nan Journal of the American Heart Association, yon jounal medikal sou sante kè, montre rejim ki limite manje ki gen lanmidon ak sik ogmante risk pou Afib. Gen moun ki suiv rejim sa yo pou pèdi pwa.

Operasyon pou pèdi pwa ak aritmi kadyak

Plis ou pèdi anpil pwa vit, se plis sa ka afekte kò w epi ogmante risk pou w vin gen aritmi. Chanjman ekstrèm ak toudenkou nan kantite eleman nitritif yon moun konsome, ki komen apre operasyon pou pèdi pwa, ka kontribye tou nan aritmi.

“Chanjman nan sa w manje apre yon operasyon pou pèdi pwa, pa egzanp, ka deranje fason kò a fonksyone nòmalman,” Harris di. “Sa montre ankò chanjman nan sa w manje ak nan nivo elektwolit yo ka afekte fason kè a fonksyone.”

Fè twòp egzèsis ak aritmi kadyak

Fè twòp egzèsis ka fè kò w manke dlo, sa ki ka chanje ekilib elektwolit yo. Fè twòp egzèsis ka lakòz tou enflamasyon ak chanjman nan estrikti kè a, sa ki ogmante risk aritmi.

Medikaman pou pèdi pwa ak aritmi kadyak

“Gen yon pakèt medikaman pou pèdi pwa ki parèt sou mache a, epi nou poko gen anpil done sou enpak yo sou sante kè alontèm,” Harris di. “Kounye a, gen enfòmasyon ki pa dakò youn ak lòt sou fason medikaman sa yo ka afekte aritmi.” Sepandan, nenpòt metòd ki fè moun pèdi anpil pwa rapidman, tankou medikaman, gen risk pou l lakòz aritmi.

Si ou devlope yon aritmi akòz pèdi pwa rapid, yon pati nan tretman an se tou yon nitrisyon ekilibre, konsomasyon kalori, idratasyon, ak aktivite anplis medikaman oswa operasyon.

Lindsay Harris, MBA, APRN, NE-BC

  • Senior Nursing Director, Brigham and Women's Hospital

Èske yon aritmi ki soti nan pèdi pwa rapid ka retounen nan nòmal?

Wi, aritmi ki koze pa pèdi pwa souvan ka retounen nan nòmal, men ou ka bezwen tretman. “Gen kèk kalite aritmi ki pi fasil pou retounen nan nòmal oswa pou trete pase lòt. Chak kalite aritmi mande yon tretman diferan,” Harris di.

Selon kalite ak gravite aritmi an, ou ka bezwen tretman tankou medikaman oswa operasyon.

“Si w vin gen aritmi paske w pèdi pwa rapidman, tretman an gen ladan l manje yon fason ekilibre, pran ase kalori, bwè ase dlo epi fè aktivite fizik, anplis medikaman oswa operasyon,” Harris di.

Pwofesyonèl sante ki ba w swen prensipal la, doktè ki espesyalize nan maladi kè a oswa doktè ki espesyalize nan sistèm elektrik kè a ka ede w fè chanjman sa yo nan mòdvi w. Harris di pi bon fason pou pwoteje sante kè w epi anpeche aritmi se travay kole kole ak ekip swen w anvan, pandan ak apre w pèdi pwa.

primary
internal-arrow
Aprann enfòmasyon sou swen pou kè nan Mass General Brigham
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular