false

Èske Medikaman pou Obèzite pou Pèdi Pwa bon pou mwen?

Yon fanm kenbe yon boutèy medikaman pou pèdi pwa
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3010088
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/2999071

Pèdi pwa poukont ou ka pafwa sanble ak yon lit ki p ap janm fini. Si ou gen anpil pwa pou pèdi epi chanjman nan fason w viv pa mache, medikaman pou pèdi pwa ka yon opsyon.

Medikaman sou preskripsyon pou obezite trete obezite. Dapre Enstiti Nasyonal Sante (NIH), maladi a afekte plis pase 2 granmoun ameriken sou 5.

“Obezite se yon maladi kwonik ki febli kò a. Twòp pwa ka lakòz maladi grav, tankou dyabèt, maladi kè ak tansyon wo,” di Caroline M. Apovian, MD, yon espesyalis nan medikaman pou obezite nan Mass General Brigham epi kodirektris Sant pou Jesyon Pwa ak Byennèt nan Brigham and Women’s Hospital.

Doktè. Apovian ak Fatima Cody Stanford, MD, MPH, MPA, MBA, yon espesyalis nan medikaman pou obezite nan Mass General Brigham, rekòmande pou pasyan yo pran medikaman kont obezite sèlman anba swen yon doktè.

[Medikaman] pa fèt pou objektif estetik. Yo itilize medikaman pou trete maladi kwonik obèzite ansanm ak lòt maladi obezite ka lakòz.

Fatima Cody Stanford, MD, MPH, MPA, MBA

  • Obesity Medicine Specialist
  • Mass General Brigham

Ki moun ki kalifye pou medikaman pou pèdi pwa?

“Medikaman ka ede si ou gen twòp pwa oswa obezite epi manje yon fason ki bon pou sante ak fè egzèsis pa sifi pou ou fè pwogrè,” di Doktè Stanford, ki pran swen pasyan nan Mass General Brigham Weight Center epi ki responsab ekite nan Divizyon Andokrin nan Mass General.

Doktè yo itilize yon mezi pwa pa rapò ak wotè, yo rele endèks mas kò (BMI), kòm yon gid pou detèmine ki moun ki ka benefisye de medikaman pou pèdi pwa. Nivo BMI ki wo yo asosye ak ogmantasyon grès nan kò a ak pi gwo risk pou pwoblèm sante nan lavni.

An jeneral, doktè ou ka preskri medikaman si ou se yon granmoun ki gen:

  • Obezite, yon BMI 30 oswa plis
  • Twòp pwa, yon BMI 27 oswa plis ak pwoblèm sante ki asosye tankou dyabèt oswa tansyon wo

Menmsi doktè yo sèvi ak BMI pou konnen si yon moun gen twòp pwa oswa obezite, mezi sa a gen limit. Nan kòmansman ane 2025 lan, Doktè Stanford te youn nan moun ki te ekri rapò Komisyon Lancet sou Dyabèt ak Andokrinoloji a. Komisyon an te rekòmande nouvo kritè pou obezite, tankou sèvi ak mezi kò ansanm ak BMI pou moun ki gen obezite grav. Mezi kò a ede doktè yo konprann ki kote grès la estoke nan kò a, sa ki ka reprezante risk pou sante menm si yon moun pa gen yon BMI ki wo.

“BMI se yon gid, men tout moun gen bezwen diferan. Se poutèt sa, li enpòtan pou w travay avèk yon doktè ki pral revize istwa sante pèsonèl ou pou detèmine si medikaman an bon pou ou, Doktè Apovian.

Medikaman pa ta dwe sèvi kòm yon solisyon rapid pou yon moun ki vle pèdi 10 oswa 15 liv anvan yon reyinyon ansyen kamarad klas oswa pou l ka antre nan rad pafè a.

“Sa a pa pou objektif estetik. Medikaman yo itilize pou trete maladi kwonik obezite ak maladi ki rive akoz obezite, Doktè Stanford di. Li ajoute medikaman sa yo pa apwopriye pou moun ki ansent oswa ki gen plan pou yo vin ansent.

Èske medikaman ka trete obezite nan timoun?

Medikaman sou preskripsyon pou pèdi pwa ka apwopriye pou timoun ki gen 12 an oswa plis ki gen twòp pwa oswa obezite epi, nan ka ki ra, pou timoun ki gen sèlman 6 an.

Kisa mwen ka pran pou pèdi pwa?

Gen kèk medikaman pou obezite ki vize sèvo a pou diminye apeti, pandan ke lòt yo aji sou trip la pou kontwole fason kò a absòbe grès ki soti nan manje oswa pou fè w santi w vant ou plen pi lontan. Yo ede moun pèdi pwa. Sa ka amelyore sante yo an jeneral lè li diminye kolestewòl, sik nan san ak tansyon.

Medikaman sou preskripsyon komen pou pèdi pwa

Medikaman sou preskripsyon Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini (FDA) apwouve, yo itilize souvan pou trete moun ki gen twòp pwa oswa obezite, se:

  • Liraglutide (Saxenda®)
  • Naltrexone-bupropion (Contrave®)
  • Orlistat (Alli®, Xenical®)
  • Phentermine-topiramate (Qsymia®)
  • Semaglutide (Wegovy®)
  • Tirzepatide (Zepbound®)

Setmelanotide pou obezite ki koze pa maladi jenetik

Yon lòt medikaman, setmelanotide (IMCIVREE®), sèvi pou trete obezite lakay moun tès jenetik konfime yo gen youn nan twa maladi jenetik ra sa yo:

  • Defisyans proopiomelanocortin (POMC)
  • Defisyans proprotein convertase subtilisin/kexin tip 1 (PCSK1)
  • Defisyans reseptè leptin (LEPR)

Pwa ou ka pèdi a depann de medikaman w lan, fason kò w reyaji ak li, ak angajman w pou w manje an sante epi fè egzèsis. Etid yo montre medikaman ki pi nouvo yo—semaglutide ak tirzepatide—ka ede w pèdi jiska 20% nan pwa kò w. Sepandan, gen kèk moun ki pèdi anpil mwens pwa.

Fason pou w itilize medikaman sou preskripsyon pou pèdi pwa

Selon medikaman an ak konsèy doktè w la, w ap gen pou w pran konprime oswa bay tèt ou piki nan pati anlè bra w, nan vant ou oswa nan kwis ou.

Doktè w la ap travay avè w pou fè yon plan pou jere pwa ou, ak medikaman ki adapte ak bezwen ou. Plan w lan ka gen ladan tou yon rejim alimantè ki bon pou sante ak anpil fwi ak legim, pwoteyin mèg, ansanm ak egzèsis kadyovaskilè ak egzèsis pou ranfòse misk regilyèman.

“Tretman pou jere pwa ta dwe ba ou aksè ak espesyalis nan medikaman pou obezite, dyetetisyen, fizyoterapis ak sikològ pou ede w ak bezwen medikal, fizik ak emosyonèl ou,” di Doktè Apovian.

Yo ka preskri w yon medikaman oswa yon konbinezon medikaman. Gen kèk moun ki reyaji pi byen ak sèten opsyon.

Medikaman pou obezite anvan ak apre operasyon pou pèdi pwa

Si w chwazi fè operasyon baryatrik, ou ka itilize medikaman pou obezite tou anvan ak apre operasyon an pou ba w pi bon chans pou w reyisi pandan lontan.

“Moun ki chwazi konbine medikaman ak operasyon baryatrik gen plis siksè paske yo konbine pi bon tretman kont obezite ki disponib yo,” se sa Doktè Stanford ajoute.

Efè segondè piki ak konprime pou pèdi pwa

Efè segondè grav nan medikaman pou pèdi pwa yo ra.

“Kè plen se efè segondè ki rive pi souvan, ki afekte prèske mwatye nan moun ki pran medikaman kont obezite. Anjeneral, sa amelyore avèk letan pandan dòz la ap ogmante epi kò w ap abitye ak medikaman an,” Doktè Stanford di. “Si efè segondè yo twò difisil pou sipòte, ou ka bezwen eseye yon lòt medikaman.”

Toudepann de medikaman ou pran an, ou ka genyen tou:

  • Sentòm nan vant, tankou doulè nan vant, chanjman nan poupou, konstipasyon, gaz, lestomak boule, domaj nan fwa ak vomisman
  • Vètij ak fatig
  • Bouch sèk ak chanjman nan gou
  • Pèdi cheve
  • Maltèt
  • Ogmantasyon tansyon oswa ritm kè
  • Nen k ap koule oswa gòj fè mal
  • Pikotman nan men ak pye oswa pwoblèm nè

Pran medikaman kont obezite pandan lontan

Sa ka sanble fasil pou pèdi pwa ak medikaman, men se pa sa. Lè ou rive nan pwa ou vize a, ou bezwen kontinye pran medikaman kont obezite, manje manje ki bon pou sante epi fè egzèsis pou kenbe pwa ou pèdi a.

Doktè. Stanford konpare medikaman pou pèdi pwa ak mete deyodoran. "Lè ou bliye l, ou remake li," li ajoute. “Anpil pasyan nou yo anba swen nou depi dis ane oswa plis.”

Se poutèt sa, li enpòtan pou w jwenn yon espesyalis obezite ou kapab travay byen avè l pou sipòte ou epi jere swen ou, Doktè. Apovian di. “Menm jan ak pran medikaman pou kontwole lòt maladi tankou tansyon wo, se yon angajman alontèm pou yon pi bon sante.”

primary
internal
Aprann sou jesyon pwa nan Mass General Brigham (yon sistèm lopital nan Etazini).
/content/unified-xwalk/ht/services/weight-management-wellness