10 Ranplasman Senp pou Manje ki An Sante
Kathy McManus, MS, RD, LDN
Lè se kesyon manje an sante, ti chanjman ka fè yon gwo diferans.
“Anpil moun santi yo depase lè yo panse ak chanjman yo ta dwe fè nan fason yo manje,” se sa Kathy McManus, MS, RD, LDN di. McManus se yon espesyalis nan nitrisyon nan rezo swen sante Mass General Brigham. Li dirije depatman nitrisyon nan Brigham and Women’s Hospital, yon lopital.
“Reyalite a se ke ranplasman manje senp ka gen gwo benefis, tankou mwens kalori, mwens grès satire, idrat kabòn ki bon pou sante ak mwens sodyòm. Chanjman sa yo ka diminye risk pou maladi kè, dyabèt ak kèk kansè.”
Konsèy pou ranplasman manje ki an sante
Pou fè resèt yo pi an sante pou ou menm ak fanmi ou, eseye 10 ranplasman senp sa yo:
1. Sèvi ak sòs pòm san sik olye de lwil lè w ap kwit patisri nan fou.
Ranplase mwatye lwil la ak sòs pòm nan gato, mofin ak pen ki fèt rapid san ledven boulanje. Sa ap ede w diminye kantite kalori san w pa pèdi gou ni teksti.
2. Eseye diri mawon oswa lòt grenn antye ki bon pou sante, tankou kinoa, faro, ble boulgou, lòj ak pitimi, olye de diri blan.
Grenn antye gen plis fib ak eleman nitritif pase diri blan. Fib la ede w santi vant ou plen pi lontan tou.
3. Sèvi ak bè ki fèt ak nwa oswa zaboka sou pen griye ou olye de bè.
Bè pistach, bè kajou oswa zaboka bay grès enstore ki bon pou sante olye de grès satire.
4. Chwazi pasta ble antye olye de pasta blan.
Pasta ble antye bay plis fib, epi son ak jèm ki nan pasta ble antye rich nan antioksidan, ki ka pwoteje kont enflamasyon. Pasta ble antye se yon bon sous divès vitamin ak mineral ki gen ladan fè, selenyòm, ak vitamin B.
5. Chwazi fwomaj ki pa gen anpil grès olye de fwomaj ki gen anpil grès.
Gen anpil fwomaj ki gen mwens grès ki bon gou e ki diminye kantite kalori ak grès satire san yo pa diminye gou a.
6. Sèvi ak yogout natirèl ki pa gen anpil grès olye de krèm si.
Yogout natirèl ki pa gen anpil grès, sitou yogout grèk, ede w diminye kalori ak grès satire san w pa pèdi ti gou si a. Sa ap ede w santi w pi byen ak repa w la.
7. Eseye sèvi ak zèb fre ak epis olye de sèl.
Konsa, w ap diminye kantite sodyòm epi ajoute nouvo gou nan manje ou. Si w pa ka itilize zèb fre, eseye zèb sèk, epis oswa bagay ki gen gou si tankou vinèg ak ji sitwon.
8. Chwazi lèt ki pa gen anpil grès olye de krèm.
Ou ka itilize lèt ki gen mwens grès nan resèt soup ki fèt ak krèm oswa lè w ap fè gato ak lòt patisri pou diminye kalori ak grès satire.
9. Eseye oumous olye de yon sòs pou tranpe manje ki fèt ak krèm si.
Oumous, ki fèt ak pwa chich, bay pwoteyin ak grès ki bon pou sante. Li fasil pou prepare. Ou ka tranpe legim oswa moso pen pita kroustiyan ki fèt ak grenn antye ladan l.
10. Sèvi ak vyann kodenn moulen, vyann poul moulen, tofou fèm oswa lantiy olye de vyann bèf ki gen anpil grès.
Sa yo se kèk nan manje ou ka itilize olye de vyann bèf ki gen anpil grès pou diminye kalori ak grès satire. Sèvi ak yo lè w ap fè ragou pike, anmbègè, boulèt vyann, vyann moulen kwit nan fòm yon pen ak lazay.