Nitrisyon ak Kansè
Ashley Draviam, MS, RD ak Carol Sullivan, MS, RD
Manje byen se yon pati enpòtan nan tretman kansè ak nan gerizon. Jwenn bon eleman nitritif yo ede w rete fò epi plen enèji. Sa ede kò w geri natirèlman pandan tretman kansè a ak apre li. Sa ede w jere efè segondè yo epi diminye risk pou w pran enfeksyon.
Men, efè segondè tretman an, tankou kè plen, fatig ak chanjman nan gou, ka fè li difisil pou w manje byen.
Ashley Draviam, MS, RD ak Carol Sullivan, MS, RD se espesyalis nan nitrisyon klinik ki gen anpil eksperyans nan Mass General Brigham. Yo travay kole kole ak pwogram medsin ki baze sou mòdvi a ak pasyan nan Mass General Brigham Cancer Institute, sant swen kansè Mass General Brigham lan. Yo esplike ki eleman nitritif ki pi enpòtan lè w ap fè fas ak kansè. Yo bay konsèy tou pou ede w manje byen pandan tretman an ak apre li.
Plan alimantasyon pou moun ki gen kansè: Pi bon manje pou moun ki gen kansè
An jeneral, yon plan alimantasyon ki bon pou moun ki gen kansè swiv konsèy sou manje byen. Li gen ladan l:
- Anpil manje ki fèt ak grenn antye, fwi ak legim—plis yo gen koulè ak varyete, se pi bon
- Yon kantite modere pwoteyin ki pa gen anpil grès, tankou pwa, soya, nwa ak grenn
- Ti kantite sik, sèl ak grès satire
- Evite vyann yo trete, tankou bekonn, sosis hot dog ak lòt sosis
Men, moun ki gen kansè souvan bezwen adapte konsèy sa yo ak bezwen yo pandan tretman an. Draviam ak Sullivan mete aksan sou twa eleman kle sa yo nan nitrisyon ak kansè:
Kalori
Li enpòtan pou manje manje ki nourisan. Poutan, anpil pasyan ki gen kansè bezwen sitou konsantre yo sou manje ase.
“Moun depanse plis kalori epi yo itilize plis eleman nitritif pandan y ap swiv tretman,” Draviam di. Men, efè segondè tankou kè plen ak chanjman nan gou ka rann li difisil pou satisfè bezwen ogmante sa yo. Pou rezon sa a, Draviam ak Sullivan ede pasyan yo jwenn sous kalori yo ka tolere—menm si yo pa opsyon ki pi an sante yo.
“Si tout sa yon pasyan ka manje se krèm glase, se byen. Nou vle ou manje krèm glase a,” Draviam di. “Men, nou ka travay avèk ou pou fè ajisteman pou w jwenn ase kalori pandan n ap travay [tou] pou amelyore kalite rejim alimantè w la.”
Pwoteyin
Pwoteyin sipòte pwosesis gerizon kò w la. Li esansyèl tou pou kenbe mas miskilè ak fòs—bagay ki enpòtan anpil pou sante an jeneral ak pou maksimize efè tretman kansè a. “Gen yon relasyon ant rezilta tretman ak pèt mas miskilè,” Sullivan di.
Rechèch montre ke pèdi mas miskilè ogmante risk pou tretman an lakòz efè segondè danjere. Li diminye tou kalite lavi ak chans pou siviv.
Malgre bezwen chak moun ka varye, pasyan yo ka bezwen jiska 30% plis pwoteyin pase nòmal pandan tretman an.
Likid
Rete idrate enpòtan anpil pandan tretman kansè a, paske sa ede kò a fonksyone nòmalman. Idratasyon ede kò a elimine toksin ki soti nan tretman an epi li ka soulaje sentòm tankou dyare ak konstipasyon.
Moun ki gen kansè gen tandans dezidrate pi fasil akoz efè segondè tretman yo, tankou dyare ak vomisman. Yo ka gen mwens apeti tou, sa ki limite kantite likid yo bwè.
Paske manje gen likid, ou ka gen plis chans tou pou dezidrate si ou pa manje ase.
Nou pèsonalize swen yo pou n tire pi bon avantaj posib nan valè nitritif manje, pandan n ap jere sentòm ak efè segondè yo tou.
Ashley Draviam, MS, RD
- Senior Clinical Nutritionist, Mass General Brigham
Konsèy pou manje an sante pou pasyan kansè yo
Li pi bon pou w travay ak yon dyetetisyen ki gen lisans pandan w ap fè fas ak kansè. Yon dyetetisyen ki anrejistre ka ede w devlope yon plan manje an sante pèsonalize ki satisfè bezwen nitrisyonèl espesifik ou yo. “Nou pèsonalize swen yo pou n tire pi bon avantaj posib nan sa manje ka fè pou sante, pandan n ap jere sentòm ak efè segondè yo tou,” se sa Draviam di.
Men senk estrateji pou manje an sante Draviam ak Sullivan itilize lè y ap travay ak pasyan yo:
1. Fè sa ou kapab.
Swiv yon plan alimantasyon "ideyal" pou moun ki gen kansè, pandan w ap fè fas ak efè segondè yo, ka parèt akablan. "Nitrisyon se youn nan kèk bagay nan tout pwosesis dyagnostik ak tretman kansè a ke pasyan yo ka kontwole," Draviam di. "Kidonk, pafwa ou santi gen anpil presyon pou w fè l jan sa dwe fèt la."
Men, olye w eseye swiv yon rejim ki sanble bon an teyori, fè sa ou kapab. Sa ka vle di ou ta dwe eseye manje yon pòsyon fwi pa jou, menm lè ou pa gen apeti. Oswa jwenn yon manje ki fèt ak grenn antye ou ka tolere pi byen lè w gen dyare.
2. Manje repa ki pi piti.
Moun ki santi yo anvi vomi oswa ki pa gen anpil apeti ka pi byen tolere ti repa yo pran pi souvan pase gwo pòsyon manje. Vize pou w manje chak 2 a 3 èdtan. Eseye pa sote repa—yon vant vid ka fè kè plen an vin pi mal.
Draviam ankouraje pasyan yo manje sa yo ka tolere, men li rekòmande pou yo manje pwoteyin lè yo kapab. Panse ak poul boukannen, pwa oswa sòs pwa tankou sòs pwa chich ak yogout ki gen tout grès li.
Ou ka ajoute kalori tou nan ti goute ak repa yo. Pa egzanp, sèvi ak yon bwason nitrisyonèl nan plas dlo nan smouzi ak pouding enstantane. Oswa ajoute bè ki fèt ak nwa nan sereyal oswa avwan.
3. Fè sa fasil.
Senplifye repa ak ti goute lè w achte atik ki deja fèt epi ki fasil pou prepare (oswa ki pa mande okenn preparasyon). Konsidere manje tankou:
- Soup ak pwa nan bwat
- Fwi ak legim nan frizè
- Sache manje ki fèt ak grenn avwàn
- Bwason pwoteyin
- Diri ki kwit vit
- Poul woti
- Pake engredyan pou fè salad
Si w santi w kapab kwit manje (oswa si w gen yon zanmi oswa yon manm fanmi ki ofri pou kwit manje pou ou), ou ka kwit plizyè repa alafwa epi jele yo nan pòsyon pou yon repa, konsa w ap toujou gen manje ki pare.
4. Planifye davans.
Anpil moun remake sentòm yo chanje pandan y ap resevwa chimyoterapi oswa tretman ak radyasyon. Ka gen moman kote sentòm yo pi entans, ou twò fatige pou prepare manje e ou gen twòp kè plen pou manje anpil.
“Pwofite moman kote w santi w byen,” Sullivan di. Sèvi ak moman sa a pou fè rezèv manje epi kwit manje an gwo kantite. Konsa, w ap gen manje ak ti goute ki an sante ki pare pou lè sentòm yo vin pi grav.
5. Jwenn eleman nitritif ou manke yo ak sipleman.
Sipleman alimantè ka ede w jwenn ase eleman nitritif ou pa jwenn nan manje. Sepandan, Draviam ak Sullivan ensiste sou enpòtans pou travay ak ekip swen kansè w la pou idantifye ki sipleman pou w pran. “Nou pran anpil prekosyon ak sa nou rekòmande lè se kesyon sipleman,” Sullivan di. Gen kèk sipleman ki ka afekte tretman kansè oswa lòt medikaman. Sa ka fè tretman an oswa medikaman yo mwens efikas oswa danjere.
Nitrisyon ak medsin ki baze sou mòdvi
Nitrisyon se sèlman yon pati nan medsin ki baze sou mòdvi nan swen kansè, ansanm ak:
- Aktivite fizik
- Somèy
- Jesyon estrès (sa enpòtan tou pou moun k ap bay swen yo)
- Reyabilitasyon
Pale ak pwofesyonèl sante ki ba w swen prensipal la oswa doktè kansè ou (onkològ). Mande kijan ou ka travay ak yon dyetetisyen ki gen lisans oswa yon lòt pwofesyonèl sante pou rete an sante otank posib pandan w ap fè fas ak kansè.