false

Grès nan Rejim Alimantè ak Maladi Kè

Kontribitè
Debbie Krivitsky, RD, LDN
Fanm k ap prepare yon repa ki pa gen anpil grès pou diminye risk maladi kè.

Enfòmasyon sou manje ki sen ak manje ki kapab lakòz maladi kapab konfonn, espesyalman lè li rive sou grès nan rejim alimantè. Èske grès bon pou ou oubyen non?

Repons lan depann de ki kalite grès ou manje. Debbie Krivitsky, RD, LDN, yon dyetetisyèn Mass General Brigham nan Pwogram Prevansyon Maladi Kadyovaskilè, diskite sou fason grès nan rejim alimantè afekte sante kè. Li eksplike tou poukisa grès satire ogmante risk maladi kè epi kilès grès ki bon pou sante.

Kisa ki grès nan rejim alimantè?

Grès se yon eleman nitritif yo jwenn nan anpil manje. Grès bay yon sous kalori konsantre, kidonk sonje kontwole kantite grès ou ajoute kapab ede w jere pwa w. Sa enpòtan paske twòp pwa se yon faktè risk pou tout maladi kwonik, se sa Krivitsky di. Epi nou konnen nan rechèch, yon rejim alimantè ki gen anpil grès ogmante risk ou pou pwoblèm kè akkansè.

Men, se pa tout grès ki pa bon pou sante, epi nou bezwen kèk grès nan rejim alimantè nou. Grès nesesè pou izolasyon tèmik ak pwoteksyon. Li enpòtan tou pou absòbe vitamin ki solib nan grès tankou vitamin A, D, E, ak K, ki se tout eleman nitritif esansyèl.

Grès fè manje gen pi bon gou, epi li ede w santi w plen pi lontan, se sa Krivitsky di. Ou vle mete bon kalite grès la pou yon efè pozitif sou kolestewòl, epi asire w ou pa pran twòp grès.

Kijan grès afekte kè a?

Lè w manje grès, fwa w kraze yo epi li konbine yo ak yon molekil pwoteyin. Pake grès-pwoteyin sa a rele yon lipopwoteyin. Lipopwoteyin yo ka antre nan sikilasyon san w, kote kò w ka itilize yo.

Yon kalite lipopwoteyin, ki rele lipopwoteyin ki gen ba dansite (LDL), yo konnen tou kòm « move » kolestewòl. LDL depoze sou sifas atè w yo epi li ka mennen nan akimilasyon plak. Akimilasyon plak ka limite sikilasyon san nan kè w oswa nan sèvo w, sa ki mennen nan yon kriz kadyak oswa yon estwòk. Kolestewòl wo, sitou LDL wo, se yon endikatè pou pwoblèm kè alavni tankou kriz kadyak.

Men kote ki gen yon mechan, gen yon ewo tou, e sa se HDL oswa lipopwoteyin ki gen gwo dansite, se sa Krivitsky di. HDL se bon kolestewòl. Li retire LDL nan veso sangen w yo pou kò w ka debarase li de li. Pandan HDL gen yon wòl pwoteksyon pou kè w, wòl li nan anonse yon aksidan kadyak davans tankou yon kriz kadyak pa klè.

Grès satire ak maladi kè:

Pou limite risk maladi kè w, fè atansyon ak kantite grès satire w konsome, ki ka mennen nan kolestewòl LDL wo. LDL wo ogmante risk maladi kè ak kriz kadyak, paske li kontribye nan blokaj nan atè w yo.

Grès satire jeneralman soti nan bèt epi yo solid nan tanperati chanm. Luil kokoye ak luil palmis se sèl grès satire ki soti nan plant.

Manje ki gen plis grès satire yo genyen pami yo:

  • Vyann bèf
  • Luil kokoye ak luil palmis
  • Pwodui letye
  • Gghee (bè klarifye)
  • Vyann mouton
  • Vyann kochon
  • Tout kalite vyann trete

Avèk tan an, yon rejim alimantè ki gen anpil grès satire ogmante risk pwoblèm kè w. Sepandan, efè grès satire sou veso sangen ou yo imedya tou. Tousuit aprè ou fin dijere yon repa ki gen anpil grès satire, sifas veso sangen ou yo vin rèd, epi kè ou dwe travay pi di pou ponpe san, se sa Krivitsky di.

Krivitsky rekòmande pou limite grès satire tank sa posib. Men kèk konsèy pou kenbe konsomasyon grès satire ou ba:

  • Chwazi pwodui letye ki pa gen anpil grès oswa ki pa gen grès ditou. Lè w ap achte fwomaj, lèt, yogout, ak lòt pwodui letye, chèche mo "fat-free" (san grès), "low-fat" (grès fèb kantite), oswa "skim" (ekreme) sou etikèt la.
  • Limite konsomasyon vyann wouj ou (vyann bèf, vyann kochon, oswa ti mouton) a pa plis pase yon fwa pa semèn. Si ou mete vyann wouj, chèche moso ki make "round" (wonn) oswa "loin" (an filè) nan non an paske yo pi mèg epi yo gen mwens grès satire. Si ou manje vyann bèf moulen, chwazi 93% mèg.

Yon dyetetisyen konbine konesans nitrisyon ki baze sou rechèch ak yon apwòch pèsonalize pou ede w atenn objektif dyetetik ou yo. Nan fen jounen an, nou vle ede w kreye abitid ki an sen ou ka kenbe.

Debbie Krivitsky, RD, LDN

  • Dyetetisyen, Mass General Brigham

Èske ou ta dwe evite manje ki gen kolestewòl?

Si gwo kolestewòl LDL ogmante risk ou pou maladi kè ak evènman kadyak, èske li bon pou manje manje ki gen kolestewòl? Sa a se souvan youn nan premye kesyon moun poze m sou grès dyetetik, se sa Krivitsky di. Manje ki gen kolestewòl yo genyen pami yo:

  • Fwomaj
  • Jòn ze,
  • Vyann wouj
  • Fwi lanmè

Gwo kolestewòl se youn nan faktè risk prensipal pou maladi kè. Sepandan, pou pifò moun, kolestewòl ki soti nan manje pa ogmante nivo kolestewòl nan san an anpil. Gen kèk moun ki gen yon predispozisyon jenetik ki lakòz kolestewòl dyetetik ogmante kolestewòl nan san an, se sa Krivitsky di. Si ou konnen ou gen yon risk jenetik oswa yon antesedan familyal kolestewòl wo, ou ta dwe fè atansyon ak manje ki gen anpil kolestewòlnan rejim alimantè w.

Si ou pa gen yon pwoblèm jenetik, li pa fasil pou ou konsome ase kolestewòl pou afekte nivo san ou. Ki genyen ladan l jiska kat ze antye pa semèn oswa manje fwi de mè, pa egzanp, pa ta dwe afekte kolestewòl ou.

Chwazi grès ki bon pou kè a: grès ki pa satire ak omega-3

Grès se yon pati enpòtan nan rejim alimantè w, kidonk enkli grès ki bon pou kè a. Gen kèk grès poli-ensatire ak mono-ensatire ki, aktyèlman ede diminye LDL ak trigliserid nan kò w. Trigliserid yo se yon kalite grès ki kontribye nan fòmasyon plak nan atè w yo. Gen gwo nivo trigliserid se yon faktè risk pou maladi kè, atak kè, ak lòt evènman kadyak.

Sous grès ki an sante ki ka ede diminye LDL yo genyen pami yo:

  • Pwason: Fletan, aran, makwo, somon, sadin, ton, ak twout se pi bon chwa pou omega-3. Krivitsky konseye manje pwason omwen de fwa pa semèn pou sante kè a.
  • Luil ki an sante: Kanola, mayi, grenn rezen, oliv, saflowè, katam, sezam, ak tounesòl gen swa grès poli-ensatire oswa omega-3.
  • Nwa ak grenn: Zannmann, grenn len, pekan, ak nwa yo se bon sous grès ki an sen.
Manje tankou somon, luil ki an sen, ak nwa bon pou sante kè a.

Yon dyetetisyen fè li vin senp

Dyetetisyen yo souvan rekòmande pou moun pa jwenn plis pase 30% nan kalori yo soti nan grès. Men, chèche konnen ki jan pou jwenn bon kalite ak bon kantite grès ki an sante ka difisil poukont ou. Yon rejim alimantè ki bon pou kè a se pa sèlman sou kantite grès ou manje.

Lè li rive nan sante kè, sa ki pi enpòtan se obsève fason ou manje ansanm ak fè egzèsis ou an jeneral, se sa Krivitsky di. Yon dyetetisyen konbine konesans nitrisyon ki baze sou rechèch ak yon apwòch pèsonalize. Nou chita avèk ou epi nou devlope yon plan pèsonalize pou ede ou reyalize objektif nitrisyon ou yo. Nan fen jounen an, nou vle ede ou devlope abitid sante ou ka kenbe.

primary
internal
Aprann plis sou swen kè ak swen vaskilè.
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular