false

Manje anti-enflamatwa pou atrit ak doulè nan jwenti

Kontribitè
Nancy Oliveira, MS, RD, LDN, CDCES
Koup ap prepare salad ak legim nan kuizin. Kalite manje anti-enflamatwa sa yo ka ede diminye doulè jwenti.

Doulè nan jwenti anjeneral parèt akòz atrit oswa apre yon blesi nan yon jwenti, epi enflamasyon souvan jwe yon wòl nan sa. Tisi ki domaje ka pafwa deklanche anflamasyon ak doulè ki dire pi lontan. Men, doulè nan jwenti ka trete, epi suiv yon rejim alimantè ki apwopriye ka ede, dapre Nancy Oliveira, MS, RD, LDN, CDCES, yon dyetetisyen nan Mass General Brigham ak manadjè sèvis nitrisyon ak byennèt nan Brigham and Women’s Hospital.

Oliveira esplike kijan manje ou manje yo ka afekte enflamasyon ak doulè nan jwenti. Li pale tou de rejim alimantè ki ka diminye enflamasyon.

Enflamasyon ak doulè nan jwenti

“Yon bagay ki enpòtan pou konprann, se enflamasyon pa toujou yon move bagay,” Oliveira di. “Se yon pati enpòtan nan sistèm defans natirèl kò ou kont viris, bakteri ak sibstans ki lakòz alèji. Si ou blese, enflamasyon se fason sistèm iminitè ou pwoteje kò a epi ede l geri."

Men lè enflamasyon an vin dire lontan (kwonik) nan kèk pati nan kò a, tankou jwenti yo, li ka lakòz sansiblite ak doulè ki pèsistan. Doulè nan jwenti ki dire lontan ka soti nan youn oswa toude pwoblèm sante sa yo ki lakòz enflamasyon:

  • Atrit rimatoyid (RA): Sa a se yon kondisyon oto-iminitè kote sistèm iminitè w atake tisi jwenti w yo pa erè. Repons sistèm iminitè sa a irite selil nève yo nan jwenti yo, sa ki lakoz doulè.
  • Osteyoatrit: Se yon maladi kwonik ki devlope piti piti. Li rive lè katilaj ki pwoteje jwenti ou yo kòmanse deteryore. San katilaj, zo yo fwote youn ak lòt, sa ki ka trè douloure. Osteyoatrit souvan fè pati pwosesis aje a. Li ka devlope pi vit tou si ou sèvi twòp ak yon jwenti oswa si ou gen twòp pwa.

Kijan rejim alimantè afekte enflamasyon jwenti

"Anpil moun mande tèt yo si gen manje yo ka konsome pou diminye enflamasyon nan kò yo," Oliveira di. "Gen etid ki fèt sou kèk manje ak eleman nitritif espesifik, men nou dekouvri sa ki pi enpòtan an se pa konsome yon sèl manje oswa yon sèl eleman nitritif. Se plis yon kesyon de abitid alimantè an jeneral."

Li fè konnen pifò manje ki gen yon efè pozitif sou enflamasyon soti nan plant. Yo gen eleman nitritif ak sibstans plant yo pwodui (fitochimik) ki sanble diminye enflamasyon, tankou:

  • Antioksidan yo se molekil ki ede pwoteje selil yo kont domaj, enkli domaj ki rive pandan pwosesis aje a.
  • Fib se yon kalite idrat kabòn. Yon rejim ki rich nan fib ranfòse bakteri benefik ki nan trip ou yo epi li ede diminye enflamasyon.
  • Asid gra omega-3 yo se bon grès ki ede konbat konpoze enflamatwa nan kò ou.
  • Polifenol yo aji kòm antioksidan epi yo diminye enflamasyon pou ede pwoteje kont maladi kwonik.

Rejim ideyal pou enflamasyon jwenti

Olye pou ou konsantre sou kèk manje sèlman, Oliveira rekòmande de rejim ki baze sou manje ki soti nan plant. Yo ka ede ou manje divès kalite manje ki diminye enflamasyon:

  • Rejim Mediterane a se yon fason pou manje ki baze sou abitid manje tradisyonèl moun nan rejyon Mediterane a, tankou Itali, Lagrès ak Espay. Li mete aksan sou konsomasyon manje natirèl ak konplè olye de manje ki twò transfòme, ki gen anpil aditif ladan yo.
  • Rejim DASH (yon rejim pou ede bese tansyon wo) se yon plan alimantè ki fèt pou ede amelyore sante kè. Li mete aksan sou manje konplè ki rich nan eleman nitritif ki diminye enflamasyon tou.

Tou de rejim sa yo pa sèlman diminye enflamasyon, men yo amelyore sante an jeneral tou epi yo ka ede moun viv pi lontan. Yo ka ede ou kontwole pwa ou epi diminye risk pou ou devlope anpil maladi kwonik.

Pi bon manje anti-enflamatwa pou doulè nan jwenti

Rejim alimantè Mediterane a ak rejim DASH la tou de mete aksan sou ogmante konsomasyon manje ki soti nan plant, diminye kantite vyann wouj yo manje, epi limite manje ki twò transfòme ak sik yo ajoute. Konsome divès kalite manje nan kad de rejim sa yo ka ede diminye enflamasyon:

  • Pwa ak lòt legim sèk, fwi ak legim
  • Te vèt ak kafe
  • Zèb ak epis
  • Fwi lanmè kòm premye chwa ou pou pwoteyin ki soti nan bèt
  • Vyann volay, ze ak pwodui ki fèt ak lèt (fwomaj oswa yogout) an ti pòsyon chak jou oswa kèk fwa pa semèn
  • Sous bon grès tankou nwa, grenn, pwason gra ak zaboka
  • Grenn sereyal antye ki pa kraze ni transfòme an pen, makawoni oswa lòt pwodui
Salad epina, tomat ak zonyon sou plan travay la. Legim ka ede ak enflamasyon jwenti.

Manje pou evite

Sèten manje ka agrave enflamasyon, kidonk Oliveira rekòmande pou limite konsomasyon manje sa yo:

  • Vyann frèt an tranch ki gen anpil grès
  • Manje fri
  • Manje ki pa gen anpil eleman nitritif epi ki trete anpil
  • Vyann ki gen anpil grès satire
  • Sik rafine
  • Manje blan ki gen lanmidon tankou pen blan oswa diri blan

Li fè konnen alèji oswa sansiblite ak sèten manje ka pafwa gen yon enpak sou enflamasyon. Gen kèk moun ki rapòte mwens doulè nan jwenti si yo evite glitenn, pwodui letye, oswa lòt manje espesifik. “Sepandan, entolerans ak manje varye anpil selon moun nan,” li di. “Si ou remake sèten manje sanble fè doulè nan jwenti yo vin pi grav, ou ka eseye pa manje yo pandan yon ti tan pou wè si ou santi w pi byen.”

Pa bliye gade tout aspè yo

Pran sipleman vitamin oswa eleman nitritif espesifik ta ka sanble yon fason rapid pou diminye enflamasyon. Men Oliveira di pa gen prèv ki montre yon sèl eleman nitritif, lè ou pran li kòm sipleman, ede diminye enflamasyon. Paske pa gen règleman ki kontwole sipleman yo, yo ka danjere. “Sa ki enpòtan pou konnen, se ke eleman nitritif yo pa aji poukont yo,” li di. “Pou yon bon nitrisyon, manje yo dwe travay ansanm.”

Panse ak chanje fason ou manje ka parèt twòp pou ou, men ou pa oblije fè gwo chanjman tout an menm tan. Kòmanse pa enkòpore yon nouvo manje plant pa semèn. “Diminye enflamasyon se yon pwosesis, kidonk bay tèt ou tan,” Oliveira di.

Lè w ap fè fas ak enflamasyon, li enpòtan tou pou gade fòm vi ou an jeneral. “Enflamasyon pa soti nan manje sèlman,” Oliveira di. “Pa fè ase aktivite fizik oswa gen twòp estrès kapab tou jwe yon wòl. Move somèy kapab ogmante enflamasyon tou, paske pandan w ap repoze, kò w ap repare tèt li epi elimine eleman ki lakòz enflamasyon.”

primary
internal
Aprann poukisa ou pa ta dwe inyore doulè nan jwenti

Pa inyore doulè nan jwenti

/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/why-you-shouldnt-ignore-joint-pain