false

Swen Ijan pou enfeksyon nan sistèm irinè

Imaj yon jèn fanm Azyatik-Ameriken kenbe anba vant li epi ekspresyon vizaj li montre l ap soufri ak doulè
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3002518

Yon enfeksyon nan sistèm irinè (UTI) se yon enfeksyon ki trè komen ki ka dezagreyab. Si yo pa trete yo, enfeksyon nan sistèm irinè ka mennen nan konplikasyon ki pi grav, tankou enfeksyon nan ren.

Alexei Wagner, MD, MBA, yon doktè ijans ak direktè medikal sèvis 24/7 Virtual Care nan Mass General Brigham (swen sou entènèt ki disponib lajounen kou lannuit), esplike kijan yo trete enfeksyon nan sistèm irinè ak poukisa li enpòtan pou jwenn swen san pèdi tan.

Ki sa ki lakòz yon enfeksyon nan sistèm irinè?

Si bakteri antre nan sistèm irinè a, sa ka lakòz yon enfeksyon nan sistèm irinè. Sistèm irinè a gen ladan irèt la, ren yo, ak blad pipi a. Ren ou filtre fatra ak likid nan san ou ki tounen pipi epi li pase nan irèt la. Irèt la se tib ki pote pipi soti nan blad pipi a pou l ale deyò kò a.

Nenpòt moun ka gen enfeksyon nan sistèm irinè, men yo pi komen lakay fanm ak moun yo te deziyen kòm fi lè yo fèt (AFAB) pase lakay lòt moun. Anatomi fizik moun AFAB pèmèt bakteri antre nan irèt la pi fasil. Plis pase mwatye nan moun AFAB gen omwen yon enfeksyon nan sistèm irinè yon fwa nan lavi yo. Gason, moun yo te deziyen kòm gason lè yo fèt (AMAB) ak timoun kapab gen enfeksyon nan sistèm irinè tou, men yo mwens komen lakay yo.

Lòt faktè risk pou enfeksyon nan sistèm irinè yo enkli:

  • Aktivite seksyèl
  • Chanjman nan konpozisyon bakteri ki viv sou kò a. Sa ka rive pandan menopoz oswa lè yon moun sèvi ak pwodui ki touye espèm.
  • Dyabèt, ki ka afekte sistèm iminitè a ak nè ki responsab pou vide blad pipi a nèt
  • Gwosès
  • Pwoblèm nan sistèm irinè a, tankou yon pwostat ki elaji
  • Lè ou pa siye soti devan pou ale dèyè apre ou fin sèvi ak twalèt la

Ki sentòm yon enfeksyon nan sistèm irinè?

Yon enfeksyon nan sistèm irinè irite kouch ki kouvri anndan sistèm irinè a epi fè l anfle. Pifò enfeksyon nan sistèm irinè parèt nan irèt la oswa blad pipi a, sa ki ka lakòz siy ak sentòm komen sa yo:

  • Doulè oswa yon sansasyon boule pandan w ap pipi
  • Bezwen pipi souvan epi ijan, menm lè blad pipi ou vid
  • Pipi twoub oswa ki gen san
  • Presyon oswa doulè nan lenn oswa nan pati anba vant

Enfeksyon nan sistèm irinè ak enfeksyon nan ren

Pafwa bakteri yo ka pase nan ren yo. Sa lakòz yon enfeksyon nan ren, ki pi grav.

Sentòm enfeksyon nan ren ka gen ladan:

“Lè ren yo enfekte, li pa sèlman kesyon malèz ankò. Enfeksyon nan ren ka mennen nan pwoblèm sante ki pi grav si yo pa trete yo san pèdi tan epi kòmsadwa. Se poutèt sa, yo konsidere pyelonefrit kòm yon pwoblèm sante ki pi grav pase yon senp enfeksyon nan sistèm irinè," se sa doktè Wagner di.

Kijan doktè yo konnen si ou gen yon enfeksyon nan sistèm irinè?

Si ou panse ou gen yon enfeksyon nan sistèm irinè, pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) se yon bon premye moun pou konsilte. Biwo doktè ou a ka rekòmande pwochen etap yo epi ede w ak nenpòt pwoblèm ijan. Anpil klinik swen prensipal Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit an pèsòn oswa vizit sou entènèt menm jou a.

Doktè yo egzamine ou epi yo pran yon echantiyon pipi pou konnen si ou gen yon enfeksyon nan sistèm irinè. Yo tcheke echantiyon an pou yo wè si gen tras san oswa bakteri nan pipi a, sa ki endike yon enfeksyon. Doktè swen sante ou a ap egzamine nenpòt sentòm avèk ou, tankou si ou santi li boule lè w ap pipi oswa si ou bezwen pipi pi souvan pase dabitid. Y ap egzamine istwa medikal pèsonèl ou tou.

Byenke kèk enfeksyon nan sistèm irinè ki trè lejè ka amelyore poukont yo, lè ou mize sou sa, sa kapab riske paske enfeksyon an ka gaye nan ren, sa ki fè li vin pi grav. Gen tretman tou ki disponib pou diminye sentòm yon UTI pandan antibyotik yo ap kòmanse fè efè.

Alexei Wagner, MD, MBA

  • Emergency Medicine Doctor, Mass General Brigham

Tretman pou enfeksyon nan sistèm irinè

Pifò moun ki gen enfeksyon nan sistèm irinè bezwen tretman medikal pou elimine enfeksyon an, soulaje sentòm yo byen vit, epi anpeche li vin pi grav.

“Byenke kèk enfeksyon nan sistèm irinè ki lejè ka amelyore poukont yo, li riske pou konte sou sa paske enfeksyon an ka gaye nan ren epi tounen yon pwoblèm ki pi grav. Gen tretman tou ki disponib pou diminye sentòm enfeksyon nan sistèm irinè a pandan antibyotik yo ap kòmanse fè efè," se sa doktè Wagner di.

Antibyotik yo se tretman estanda pou enfeksyon nan sistèm irinè. Yo touye bakteri ki lakòz enfeksyon an epi yo anpeche konplikasyon. Pwofesyonèl sante w la ap chwazi antibyotik ki apwopriye a selon sentòm ou yo ak istwa medikal ou.

Si ou gen enfeksyon nan sistèm irinè souvan, pwofesyonèl sante w la ka chwazi yon lòt fason pou pran swen ou.

“Pasyan sa yo ka bezwen yon evalyasyon pi detaye pou konprann poukisa yo souvan gen enfeksyon. Nan ka sa yo, pwofesyonèl sante a ka mande yon echantiyon pipi pou li fè yon kilti oswa refere pasyan an bay yon espesyalis," se sa doktè Wagner di.

Èske mwen ka konsilte yon doktè sou entènèt pou yon enfeksyon nan sistèm irinè?

Pou pifò enfeksyon nan sistèm irinè, souvan li pi bon pou ou al wè yon pwofesyonèl sante an pèsòn. Avèk yon kilti pipi, yo ka idantifye souch espesifik bakteri ki nan pipi ou a. Sa ede detèmine pi bon tretman an. Si ou pa gen yon PCP, oswa si pa gen randevou ki disponib byento, ou ka ale nan swen rapid.

Mass General Brigham 24/7 Virtual Care ka yon bon chwa nan kèk ka. Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 an oswa plis, menm si yo pa janm wè yon pwofesyonèl sante Mass General Brigham anvan. Ni nouvo pasyan ni pasyan ki deja la ka pran randevou pou yon vizit 24/7 Virtual Care menm jou a oswa jou apre a sou Mass General Brigham Patient Gateway.

Pwofesyonèl sante sèvis 24/7 Virtual Care yo ka konnen si ou gen yon enfeksyon nan sistèm irinè lè yo pale avèk ou sou sentòm ou yo.

“Y ap poze kesyon pou detèmine si sentòm ou yo ak istwa medikal ou koresponn ak yon enfeksyon nan sistèm irinè ki senp oswa ki pa gen konplikasyon, oubyen si sentòm ou yo ta ka soti nan yon enfeksyon ak chanpiyon oswa yon enfeksyon moun pran nan fè sèks. Pwofesyonèl sante a ap detèmine si ou bezwen plis tès oswa yon vizit an pèsòn. Yo ta ka poze kesyon sou istwa medikal ou tou. Konvèsasyon sa a ede yo detèmine si li sanble ak yon enfeksyon nan sistèm irinè," se sa doktè Wagner di.

Si ka a senp epi ou pa gen yon istwa medikal konplike, pwofesyonèl sante w la ka kòmanse tretman selon sentòm ou dekri yo. Pou ka ki pi konplike oswa si tretman yo pa mache jan yo te espere a, yo ka rekòmande yon analiz pipi oswa yon kilti pipi.

“Nou ofri tretman espesifik ki baze sou rezilta rechèch pou enfeksyon nan sistèm irinè ki pa gen konplikasyon. Konsa, ou ka jwenn bon jan swen lakay ou. Platfòm nou an konekte w ak pwofesyonèl sante ki swiv direktiv medikal ki pi resan yo pou preskri bon tretman an byen rapid. San tan datant, san traka, jis swen ekspè ki adapte ak istwa sante ou," se sa doktè Wagner eksplike.

Lè pou ale nan sal ijans pou yon enfeksyon nan sistèm irinè

Si sentòm ou yo vin pi grav anpil, fè konfyans nan sa ou santi. Nan ka ki ra, bakteri ki soti nan enfeksyon pipi a ka antre nan san an epi lakòz sepsis. Sepsis se yon pwoblèm sante ki mete lavi an danje ki mande tretman nan yon inite swen entansif (ICU) nan lopital. Si ou panse ou gen yon ijans medikal, ale nan sal ijans oswa rele 911.

Siy ak sentòm sa yo endike yon enfeksyon ki pi grav:

  • Gwo doulè
  • Gwo lafyèv
  • Frison
  • Kè plen oswa vomisman
  • Anpil san nan pipi a
  • Santi w san fòs (ou santi w ralanti oswa ou manke enèji)

Anpeche enfeksyon nan sistèm irinè

Konsèy sa yo ka ede anpeche enfeksyon nan sistèm irinè:

  • Toujou siye soti devan pou ale dèyè apre ou fin sèvi ak twalèt la.
  • Pipi anvan ak apre ou fin fè sèks.
  • Bwè anpil likid pou ou rete idrate.
  • Pa kenbe pipi ou pandan yon bon bout tan.
  • Evite itilize douch vajinal, espre oswa poud nan zòn jenital la.

Ou ka tande moun di ji kranberi oswa pwodui ki fèt ak kranberi ka ede anpeche oswa trete enfeksyon nan sistèm irinè, men etid medikal yo pa bay rezilta klè. Pale ak ekip swen ou an anvan ou sèvi ak pwodui sa yo pou trete yon enfeksyon nan sistèm irinè.

primary
internal
Aprann plis sou Swen Vityèl 24/7
/content/unified-xwalk/ht/find-care/virtual-care/24-7