Sèvis pou Otis ak Maladi Devlopman newolojik
Swen ekspè pou otis, ADHD, ak lòt maladi
ASD, ADHD, diferans aprantisaj, ak lòt maladi devlopman newolojik (sèvo ak sistèm nève) se kondisyon ki dire tout lavi ki afekte kijan moun panse, aprann, kominike, ak konekte ak lòt moun. Eksperyans ak nivo sipò ki nesesè ka varye anpil de moun ak moun ak atravè diferan etap nan lavi.
Mass General Brigham se nimewo 1 nan swen sante mantal ak sikyatrik, epi McLean Hospital ki se nimewo 1 mondyal nan swen, rechèch, ak edikasyon.
Pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik
Metòd nou nan swen maladi devlopman newolojik (sèvo ak sistèm nève)
Maladidevlopman newolojik afekte chak moun yon fason diferan. Nou pran tan pou konprann fòs, defi, ak bezwen chak moun, apre sa nou kreye yon plan swen pèsonalize ki adapte pandan bezwen sa yo chanje.
Tretman pou ASD (Otis) gen ladan l:
- Analiz konpòtman aplike (ABA) pou amelyore konpetans sosyal ak kominikasyon, ak pou ede kontwole emosyon.
- Terapet konpòtman mantal (CBT) pou rekonèt ak chanje santiman, panse, ak konpòtman ki danjere.
- Terapi ekspozisyon entèoseptif (IE) pou ranfòse kapasite moun lan pou kontwole emosyon l, lè li ede konekte sansasyon kò a ak emosyon yo..
- Medikaman pou ADHD oswa maladi ki egziste ansanm tankou anksyete.
- Terapi okipasyonèl pou ede ak tretman sansasyon, swen pèsonèl, ak konpetans sosyal.
- Terapis fizik pou amelyore konpetans motè, kowòdinasyon, ak balans.
- Terapet langaj ak pawòl pou amelyore kominikasyon pa mwayen langaj oral, imaj, jès, oswa aparèy.
Medikaman ka yon opsyon pou pasyan ki gen ADHD. Sepandan, pa gen okenn medikaman kounye a pou trete andikap otis.
Maladi ak tretman ki gen rapò
- Autism Spectrum Disorder in Children
- Communication Disorders in Children
- Learning Disorders in Children
- Attention-Deficit Hyperactivity Disorder (ADHD) in Adults
- Childhood Apraxia of Speech
- Tourette Syndrome
- Applied Behavior Analysis (ABA) for Autism
- Comprehensive Psychiatric Evaluation for Children
- Psychiatric Evaluation
- Clinical Genetic Testing
Kontakte Sèvis pou Otis ak Maladi Devlopman newolojik
McLean Hospital
617-855-3141
Brigham and Women's Hospital
617-732-6753
Massachusetts General Hospital
617-724-5600