Pwogram operasyon pou maladi nan pwatrin ak nan poumon
Lidè entènasyonal nan operasyon pou maladi nan pwatrin ak nan poumon
Apwòch nou nan operasyon pou nan pwatrin ak nan poumon
Chirijyen nou yo ki sètifye gen anpil fòmasyon ak anpil eksperyans pou trete plizyè kalite maladi nan pwatrin ak nan poumon, tankou:
- Maladi kansè (malen) nan poumon
- Maladi kansè (malen) nan ezofaj
- Maladi benen nan poumon
- Maladi benen nan ezofaj
- Maladi nan vwa respiratwa ak trache
- Defòmite nan pawa pwatrin
- Sendwòm sòti torasik
- Maladi timis
Ou jwenn sipò nan men espesyalis Mass General Brigham ki gen anpil eksperyans epi ki pran angajman pou bay pi bon swen. Kit dyagnostik ou se kansè oswa yon maladi ki pa kansè, nou travay ansanm pou nou bay bon kalite tretman avèk yon ekip swen ki ka gen ladan:
- Espesyalis nan poumon
- Espesyalis nan kansè (Onkolojis), ki fè tretman ak medikaman, radyasyon, ak operasyon
- Espesyalis nan sistèm dijestif (gastwo-antewològ)
- Espesyalis nan swen pou granmoun aje
- Espesyalis ki egzamine tisi ak echantiyon pou ede jwenn dyagnostik (Patolojis)
- Anestezist
Chirijyen nou yo sèvi ak teknoloji imaj ki gen gwo kalite ak zouti ki trè presi pou fè operasyon ki pi avanse epi ki pi an sekirite posib. Operasyon ki fèt ak ti ensizyon itilize pi piti ouvèti nan kò a epi yo souvan bay pi bon rezilta, tankou:
- Gerizon pi rapid epi pase mwens tan lopital la
- Mwens senyen ak mwens doulè apre operasyon an
- Mwens mak epi mak ki pi piti
- Mwens risk pou bezwen rete nan inite swen entansif la (ICU)
- Retounen pi vit nan aktivite nòmal chak jou yo
Teknik avanse yo ede nou jwenn yon dyagnostik ki egzak epi bay tretman ki pi efikas, ekip chirijikal nou yo sèvi ak teknoloji ki pi modèn yo pou ba ou pi bon swen.
- Echografi andobwonkyal itilize yon ti kamera ak vag son pou gide pwosedi nan pwatrin
- Bwonkoskopi navigasyonèl kreye yon kat 3D pou poumon yo pou ede navige nan pasaj lè yo pou rive nan timè oswa lezyon yo
- Chiriji torakoskopik ki sipòte pa videyo itilize yon andoskòp ki gen kapasite videyo pou fè operasyon nan pwatrin
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò yo
- Lung Cancer
- Non-Small Cell Lung Cancer
- Thoracic Outlet Syndrome
- Collapsed Lung (Pneumothorax)
- GERD (Gastroesophageal Reflux Disease)
- Esophagitis
- Lung Nodules
- Achalasia
- Hiatal Hernia
- Barrett Esophagus
- Pleural Effusion
- Video-Assisted Thoracoscopic Surgery (VATS)
- Thoracotomy
- Lobectomy
- Pneumonectomy
- Mediastinoscopy
- Bronchoscopy
- Lung Biopsy
- CT-Guided Lung Biopsy
- Upper GI Endoscopy
- Endoscopic Ultrasound (EUS)
- Hiatal Hernia Repair
- Esophageal Manometry
Espesyalis nou yo
Jwenn yon chirijyen pou maladi nan pwatrin ak nan poumon
Swen espesyalize tou pre ou a.
Gade adrès kote ki fè operasyon pou maladi nan pwatrin ak nan poumon yo
Kontakte pwogram pou operasyon maladi nan pwatrin ak nan poumon an
Jwenn yon espesyalis
Jwenn yon espesyalis ki fè operasyon pou maladi nan pwatrin ak nan poumon
Gade adrès yo
Gade adrès kote ki fè operasyon pou maladi nan pwatrin ak nan poumon yo
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal