Sèvis Alètman NICU
Konsènan pwogram lan
Lèt manman se nitrisyon ideyal pou tout tibebe e li amelyore sante, sitou pou tibebe ki fèt avan lè yo. Souvan yo rele li "likid lò," li gen yon konbinezon espesyal ki gen de eleman nitritif ki espesifik pou kwasans ak devlopman tibebe a. Sibstans espesyal yo ak selil vivan ki nan lèt manman an ede konbat enfeksyon, ranfòse sistèm iminitè tibebe a, epi diminye risk alèji pi devan. Lèt manman an se tankou yon medikaman ekstraòdinò.
Nan Inite Swen Entensif pou Timoun ki Fenk Fèt nan Fondasyon Richard ak Susan Smith (NICU), nou gen yon ekip espesyal ki gen ladan l konsiltan alètman ak enfimyè sètifye sou plan entènasyonal. Yo gen anpil ane eksperyans, pa sèlman nan alètman, men tou nan swen tibebe ki nan NICU (Inite Swen Entansif pou Timoun ki Fenk Fèt).
Paske nou angaje pou asire ke chak tibebe gen aksè ak pi bon nitrisyon, nou ankouraje tout manman pou bay tete oswa sèvi ak lèt manman ki te ponpe pou tibebe yo.
Menm si pifò tibebe nan NICU (Swen Entansif pou Timoun ki Fenk Fèt) yo pa pare pou manje touswit, nou travay kole ak chak manman pou asire ke yo bay tete byen nan NICU a ak lakay ou.
Metòd nou
Nou itilize plizyè metòd pou ogmante chans yon pou manman bay tete byen.
- Ekip alètman an montre manman yo kijan pou yo kòmanse ponpe lèt manman an epi sere li jiskaske tibebe yo pare pou manje.
- Yon fwa tibebe a pare pou pran tete, konsiltan sipò alètman yo ede manman an ak tibebe a ak pran bon pozisyon epi montre kijan pou bebe a pran tete a kòrèkteman.
- Lè ou kite lopital la, konsiltan elètman yo ede ou kreye yon plan pou bay tete lakay ou.
- Ekip la ba ou tou yon lis resous alètman pou ede ou kontinye bay tete.
Ekip nou an gen yon espesyalis alètman ki la ki disponib pou manman k ap tann plizyè tibebe.
Defikilte nan bay tete
Konsiltan alètman nou yo espesyalize nan idantifye pwoblèm nan bay tete epi ede ou jwenn pi bon rezilta pou ou ak tibebe ou.
Pou manman an: Manman k ap bay tete souvan rankontre difikite tankou manke lèt, twòp kantite lèt, mastit, blokaj nan kanal lèt, gonfleman, doulè nan zòn tete, ak enfeksyon ki ka deranje alètman an.
Pou tibebe a: Pandan yo nan NICU (Inite Swen Entansif pou Timoun ki Fenk Fèt) Fanmi Smith la, tibebe yo ka rankonstre difikilte lè y ap aprann kowòdone tout aspè nan bay tete. Defi sa yo varye pa rapò ak tibebe a epi yo ka vin pi konplike akoz kèk kondisyon medikal.
Konsiltan nou yo kolabore ak enfimyè k ap pran swen tibebe ou a bò kabann lan pou asire ke yo reponn ak tout bezwen ou ak tibebe w la. Enfimyè ki okipe tibebe w la ap avèti ou sou nenpòt pwoblèm alimantasyon oswa kantite lèt, epi li ka ede ou mete tibebe a sou tete a, epi l ap kòmanse yon konsiltasyon alètman si sa nesesè.
Lèt moun
Pwogram Lèt Lòt Moun lan se pou tibebe ki ekstrèmman prematire ak/oswa ki gen pwa ki ba,lè yo fenk fèt kote paran mande pou tibebe a jwenn lèt lòt moun jiskaske manman l vin gen lèt pou ba li. Sa a se yon solisyon kouttèm pou ranplase lèt si pwòp lèt manman an retade oswa ba ase.
Pi bon nitrisyon pou nenvt tibebe se lèt manman an, jiskaske manman an vin gen yon rezèv regilye lèt (3-5 jou apre akouchman)lèt lòt manman ka ede bebe anpil epi bebe a ka tolere l pi byen ke lèt bwat. Rechèch montre ke tibebe prematire (ki fèt avan lè) ki resevwa tout oswa majorite lèt manman pandan ospitalizasyon yo ka genyen mwens konplikasyon, yon sante miyò, epi menm yon tan pase nan NICU ki pi kout.
Lè yon manman gen difikilte pou pwodwi lèt nan premye jou yo apre akouchman, yo ofri li opsyon pou l itilize lèt lòt manman pou yon ti tan jiskaske lèt li vini. Tout lèt lòt manman nou yo soti nan Mother’s Milk Bank Northeast nan Newton, MA. Tout lòt lèt manman yo sibi yon pwosesis tès depistaj ki trè apwofondi. Yo pasterize (chofe) lèt donatè ki soti nan lòt manman yo epi li kontwole pou asire pa gen okenn risk.