false

Swen timoun ki fenk fèt

Pedyat Mass General Brigham pou Timoun yo bay swen ki santre sou fanmi apre akouchman ki ankouraje sante ak devlopman jeneral timoun ki fenk fèt yo. Nou kolabore ak fanmi ou pou ede bebe w la fleri pandan anfans li ak pi lwen.

Swen espesyalize pou ede ti bebe ou grandi ak fleri

Akeyi yon ti bebe nan mond lan se youn nan okazyon ki pi enpòtan nan lavi.

Pedyat nou yo ak ekspè nou yo nan timoun ki fenk fèt (newonatoloji) pasyone pou sipòte fanmi ou pandan premye jou majik sa yo, ki pafwa kapab estresan, nan eksperyans paranaj.

Nou bay sèvis konplè pou pwoteje sante bebe ou apre akouchman epi ede asire yo kontinye fleri apre yo sòti lopital la. Inite swen entansif newonatoloji nou an (NICU), ki pi gwo ak pi avanse nan New England, bay nivo swen ki pi wo pou timoun ki fenk fèt yo ki gen bezwen sante enpòtan.

Pati nan Mass General Brigham pou Timoun

Metòd nou pou swen timoun ki fenk fèt

Doktè nou yo kolabore ak fanmi ou pou ankouraje sante ti bebe ou apre akouchman ak pi lwen. Metòd nou an ki baze sou fanminou an sipòte lyen sere ant manm fanmi yo epi ranfòse konfyans moun k ap bay swen.
Swen timoun ki fenk fè ki santre sou fanmi nan lopital la

Nou ankouraje fanmi yo pou yo rete ansanm pandan tout pwosesis akouchman an ak pandan sejou yo nan lopital la. Dezinye nou kòm zanmi tibebe ki soti nan Baby-Friendly USA®, yon pwogram entènasyonal pou akredite lopital, reflete angajman nou pou koneksyon ant paran ak tibebe atravè :

  • Sipò pou bay tete ki soti nan konseye altèlman ki sètifye
  • Rete nan menm chanm ak bebe w la
  • Kontak po-a-po (kangaroo care)
Tès ak depistaj sante timoun ki fenk fèt

Bebe w la ap resevwa tès depistaj pou timoun ki fenk fèt ki obligatwa nan men leta pou verifye si li pa gen maladi ki grav anvan ou retounen lakay ou.

Tès sa yo ladan l:

  • Tès san pou depiste maladi san, fibwoz sistik, atrofi miskilè epinyè, ak lòt maladi.
  • Tès tande (audioloji) pou verifye si li tande.
  • Tès lafyès jòn (lajonis) ak fototerapi pou trete lafyèv jòn (lajonis), si sa nesesè.
  • Depistaj oksimetrik (oksijèn nan san) pou verifye pou defayans kè nan timoun ki fenk fèt.
Swen pedyat kowòdone

Ekip swen timoun ki fenk fèt nou an ki nan lopital la ap pran swen bebe w la depi akouchman jiskaske li kite lopital la. Nou anseye fanmi yo sou sekirite, ki gen ladan l fòmasyon sou dòmi sou do ak sekirite chèz machin.

Nou kolabore avèk ou pou asire bebe w la wè yon pediat oswa yon founisè medsin familyal nan 48 èdtan avan ou retounen lakay ou. Yon ajans swen ka vizite fanmi ou lakay ou.