false

Newoloji NICU

Pwogram Mass General Brigham pou Timoun sa a rasanble reyini plizyè espesyalis ansanm ki soti nan plizyè branchn pou bay swen kowòdone ki konsantre sou pwoteje ak sipòte sèvo timoun ki fenk fèt yo.
primary
phone
617-732-5420

617-732-5420

6177325420

Newoloji newonatal

Inite Swen Entansif pou timoun ki Fenk Fèt yo (NICU) Richard ak Susan Smith Family Foundation (Fondasyon Fanmi Richard ak Susan Smith) nan Brigham and Women's Hospital (Lopital Brigham ak Fanm) gen yon ekspètiz san parèy nan newoloji newonatal (timoun ki fen fèt) Ki gen ladan l yon sèvis medikal klinik avanse ansanm ak yon pwogram akademik pou rechèch ak ansèyman. Newoloji newonatal fè referans a yon sèvis ki ka delivre ekspètiz nan plizyè branch ki vize swen nòmal ak pwoteksyon sèvo timoun ki fenk fèt kit pou tibebe ki fèt anvan lè oswa tibebe ki malad ki fèt sou lè yo.

Gen yon ekip ki gen plizyè espesyalis diferan ki dirije sèvis klinik la ki gen ladan newonatològ , enfimyè espesyalize, newològ timoun piti, newo-iwològ, neworyadyològ, newochirijyen, ak ekspè EEG newonatal. Sèvis sa a bay dyagnostik ki baze sou ekspètiz, evalyasyon, jesyon ak konèy. Kèk nan anviwònman klinik yo gen ladan:

  • Ipotèmi terapetik (refwadisman tanperati kè a) pou tibebe ki bezwen reyanimasyon nan akouchman epi ki ka te soufri estrès nan sèvo a pandan akouchman
  • Evalyasyon espesyalize nan blesi sèvo nan tibebe ki fèt anvan lè
  • Siveyans vag sèvo ak emoraji san nan sèvo nan tibebe ki gen gwo risk pou detekte kriz oswa chanjman nan emoraji nan sèvo
  • Siveyans ak jesyon kriz newonatal
  • Evalyasyon ak reyabilitasyon nan avc newonatal
  • Kowòdinasyon sèvis terapi, tankou sèvis fizik, okipasyonèl ak alimantasyon pou tibebe ki gen gwo risk pou blesi nan sèvo

Pati nan Mass General Brigham pou Timoun

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-732-5420

Jwenn yon espesyalis

6177325420

Kontakte Newoloji NICU

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede w konprann opsyon ou yo epi gide w nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nou yo nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou rann li pi fasil pou ou jwenn swen kowòdone ak ekspè.
primary
phone
617-732-5420

rele 6177325420

6177325420
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact