Pwogram Sipò Alètman
Sipò ekspè konpasyon, alètman
Sèvis alètman yo bay sipò espesyalize pou ede ou bay tibebe w la manje, kit ou ap bay tete, ap tire lèt, ap konbine plizyè metòd alimantasyon, oswa si w ap fè fas ak difikilte. Nan Mass General Brigham, ou pral jwenn konsiltan alètman ki sètifye ak ekspè ki ofri swen ki baze sou rechèch, ki enklizif, epi ki travay ak obstetrisyen ou a ak pedyat ou a pou ede ou reyalize objektif ou yo.
Sèvis alètman pou pasyan ki entène ak pasyan ki pa entène
Sipò alètman disponib pandan ou nan lopital (pasyan entèn) ak apre ou retounen lakay (pasyan ekstèn). Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts) ak Brigham ak Women's Hospital (Lopital Brigham ak Fanm) ofri sipò alètman pou pasyan ki entène kòm yon pati nan swen apre akouchman.
Sèvis pou pasyan ki pa entène yo diferan toudepan de lokal la ak nivo bezwen an:
- Brigham ak Women's Hospital (Lopital Brigham ak Fanm) : Gen yon enfimyè ki sètifye avèk konsiltan alètman sètifye ki dirije klnik swen alètman, ki sipòte yon bann bezwen alimantasyon.
- Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massuchestts) : Swen pou pasyan ki pa entène lopital la disponib nan yon klinik medsin pou bay tete ak alètman, ki bay swen medikal pou pwoblèm alimantasyon ki pi konplike. Klinik sa a fèt pou pasyan ki ka bezwen yon evalyasyon ak tretman plis avanse. Vizit yo faktire kòm randevou medikal.
Metòd nou pou n sipò ak swen alètman
Lè ou pa avèk nou an pèsòn, nou asire ou gen aksè a resous pou sipòte objektif alimantasyon ou yo. Nou ofri:
- Klas pou bay tete
- Videyo ak gid pou bay tete
- Resous edikatif an pèsòn
- Konsiltasyon bò kabann pou pasyan ki entène lopital ak pasyan ki pa entène lopital
- Gwoup sipò pou bay tete an pèsòn ak vityèl
- Konsèy pa telefòn
- Fòmasyon pou anplwaye lopital yo sou fason pou ede bay tete
Klinik nou an pou pasyan ki pa entène lopital la konsilte manman ki gen tibebe y ap bay tete, kèlkeswa kote ou te akouche. Dapre bezwen ou, sèvis yo ka gen ladan yo :
- Devlope plan pou bay tete
- Egzamen tete oswa pwatrin
- Entèpretasyon rezilta egzamen
- Fòmasyon pou pasyan
- Referans pou imaj dyagnostik oswa lòt espesyalis medikal
- Sipò pou yon seyans alimantasyon pou pran pwa tibebe a
Enkyetid ak sipò ki gen rapò ak alètman
Kontakte Pwogram Sipò Alètman
Brigham ak Women's Hospital (Lopital Brigham ak Fanm)
617-525-4120
Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts)
617-724-2229
Cooley Dickinson Hospital (Lopital Cooley-Dickson)
413-582-2096
Martha’s Vineyard Hospital (Lopital Martha's Vineyard)
508-696-7294
Nantucket Cottage Hospital(Lopital Nantucket Cottage)
508-825-1000
Newton-Wellesley Hospital (Lopital Newton Wellesley)
617-243-6314
Salem Hospital Lopital Salem)
888-217-6455
Wentworth-Douglass Hospital (Lopital Wentworth Douglas)
603-740-2233