Pwogram konsiltasyon sikyatik konplè McLean nan Pavilion an
617-855-3000
Rele Pavilion an nan 617-855-3000
Konsènan Pavilion an
Mass General Brigham se yon lidè nan domèn swen sante mantal ak swen sikiyatrik, McLean Hospital se youn nan pi gwo referans nan mond lan nan domèn swen, rechèch ak edikasyon. Pwogram tretman rezidansyèl de semèn Pavilion an ofri evalyasyon dyagnostik ki eksepsyonèl, avèk yon fokis sou swen pèsonalize, ki baze sou prèv, diskresyon, fleksibilite ak konfidansyalite. Nou espesyalize nan ede moun ki gen difikilte pou yo jwenn yon dyagnostik egzat sou pwoblèm medikal yo a oswa pou yo jwenn tretman ki efikas pou soulaje sentòm yo genyen yo. Depi 1999, lè nou te louvri kòm yon pwogram inik, moun toupatou nan peyi a ak nan tout mond lan vini nan Pavilion an pou yo benefisye evalyasyon espesyalize ak swen nou yo. Chak ane, nou ede plizyè santèn moun pi byen konprann maladi mantal yo ak aplike estrateji efikas pou tretman.
Apwòch nou nan zafè swen
Pavilion an ideyal pou moun ki:
- Gen yon antesedan pwoblèm sikyatrik ki pèsistan e ki pa geri malgre li pran tretman
- Pa t kapab resevwa yon dyagnostik egzat pou maladi yo a
- Ap lite ak plizyè twoub, tankou difikilte avèk imè ki enstab (depresyon, anksyete, oswa toude), sentòm sikoz, pwoblèm memwa oswa refleksyon, konpòtman kote yon moun fè tèt li mal oswa mete tèt li an danje, konsomasyon sibstans, epi plis pase yon pwoblèm sante mantal oswa depandans an menm tan
- Ou bezwen yon ekip espesyalis ki pran tan pou konprann sitiyasyon ou, jwenn bon dyagnostik la, epi prepare yon plan tretman ki adapte ak bezwen
Nou trete granmoun ki gen plis pase 18 an, sepandan, nou ka fè eksepsyon pou kèk moun ki pi jèn. Kòm se pasyan yo ki responsab pou peye frè yo nan pwogram nou an, nou pa aksepte asirans ni nou pa ka ede ou fè demach pou jwenn ranbousman nan men asirans an.
Nou swete pale avèk ou. Pou refere yon moun nan pwogram nou an oswa pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram inik nou an, tanpri rele 617-855-3000.
Lè pasyan yo kòmanse pwogram nan, yo fè plizyè rankont ak egzamen pou ede ekip la pi byen konprann sante yo, sa gen ladan evalyasyon sou sante mantal, sèvo ak sistèm nève a, egzamen medikal ak imajri, yon tès dòmi pandan lannwit, ak lòt tès sikolojik pou evalye fason yo panse ak aprann.
Egzamen sa yo ede nou pi byen konprann pwoblèm sante a epi chwazi pi bon tretman pou sentòm ki difisil yo.
Nou travay ak moun, fanmi yo, epi klinisyen ki refere yo a pou nou konnen si pwogram nou an se yon opsyon apwopriye. Nou pale avèk ou nan telefòn pou nou fè yon premye evalyasyon epi pou nou jwenn tout enfòmasyon ki nesesè sou sitiyasyon ou.
Nou ka ede òganize admisyon ou, kit ou soti nan pifò kote nan peyi a oswa nan lòt peyi, epi nou ka ede fè aranjman pou transpò nan limouzin soti nan ayewopò a epi ede ou jwenn yon kote pou rete andeyò lopital la.
Konsiltasyon espesyal yo disponib nan domèn tankou:
- abi sibstans
- twoub difikilte pou kontwole konpòtman oswa enpilsyon
- chòk ak estrès apre yon move eksperyans
- swen pou moun aje
- tretman espesyal pou sèvo a (ECT, TMS, ketamin)
- evalyasyon legal oswa mediko-legal
Ekip nou an gade tout aspè nan sante yon moun, tankou kò li, emosyon li, antesedan medikal li ak istwa pwoblèm ki gen rapò ak sèvo oswa sistèm nève li, pou ede jwenn bon dyagnostik la epi prepare yon plan tretman ki fèt pou bezwen li.
Apre yo fin fè tout egzamen yo, ekip k ap pran swen pasyan an prepare yon rezime ki montre sa yo jwenn, bay konsèy sou tretman ki pi apwopriye yo, epi kreye yon plan tretman ki fèt pou bezwen chak pasyan.
Tretman an kòmanse depi lè pasyan an fenk antre nan pwogram nan, e li ka gen ladan jesyon medikaman, terapi konpòtman, terapi endividyèl, rankont ak fanmi an, swen enfimyè tout lajounen ak tout lannwit, ak terapi an gwoup. Lè sa apwopriye, nou kòmanse kèk tretman espesyal pou sèvo a san pèdi tan pou nou ede moun ki gen depresyon ki pa amelyore malgre yo pran lòt tretman.
Terapi an gwoup ede pasyan yo aprann nouvo fason pou jere difikilte, emosyon ak estrès. Nou sèvi ak metòd tretman ki gen prèv syantifik, tankou terapi konpòtman dyalektik (DBT), terapi konpòtman ki ede moun chanje fason yo panse ak aji (CBT), terapi akseptasyon ak angajman (ACT), epi tretman ki ede moun pi byen konprann pwòp panse ak santiman yo ansanm ak santiman lòt moun (MBT).
Pavilion nan, ki chita sou kanpis prensipal istorik McLean nan, ofri pasyan yo yon anviwònman trankil ak konfòtab pou yo resevwa tretman. Anviwònman konfòtab nou an, bèl dekorasyon nou an, ak divès kalite sèvis kalite siperyè nou ofri yo fèt pou ede moun konsantre sou tretman yo ansanm ak sante ak byennèt jeneral yo.
- Pwogram nou an gen 16 kabann epi li ofri chak pasyan chanm ak twalèt prive ki konfòtab. Nou gen sèvis tankou televizyon ak entènèt san fil pou ede pasyan yo santi yo alèz, menm jan yo ta santi yo lakay yo.
- Nou bay aksè ak yon klib espò modèn ki toupre a, yon sant egzèsis fizik sou kanpis la, ansanm ak yon antrenè fitnès nan Pavilion nan ki ede pasyan yo travay sou objektif yo pou amelyore sante ak byennèt yo an jeneral.
- Kizinye nou yo prepare manje ki adapte ak bezwen chak pasyan. Menm si lopital la sitiye nan yon zòn prive ki trankil, men li rete toupre anpil kote ak sèvis ki disponib nan zòn Boston an.
- Nou itilize diferan apwòch ki ede pran swen kò, lespri ak emosyon moun pou ede yo viv pi byen. Menm si chak jou gen randevou ak terapi an gwoup, pasyan yo gen ase tan pou yo repoze, fè egzèsis, epi reflechi nan trankilite chanm prive yo oswa nan lòt espas kalm yo.
Pri aktyèl pou Pavilion an se $63,000, pou yon sejou 14 jou, tout sèvis yo ladan. Kòm yon pwogram kote se pasyan yo ki responsab pou peye frè yo, Pavilion nan pa aksepte asirans epi li pa fè demach dirèk pou jwenn ranbousman nan men konpayi asirans yo.
Pou plis enfòmasyon sou sèvis ki enkli nan pri pou yon jou nan Pavilion an, tanpri gade kesyon yo poze souvan yo anba a.
Sant Mwayen Oryan pou swen kiltirèlman adapte nan Pavilion an bay ofri evalyasyon konplè ak planifikasyon tretman pou plizyè kalite pwoblèm sante mantal, yo bay anpil enpòtans ak kilti, fanmi, ak bezwen espesyal chak moun.
Sèvis pèsonalize sa a ede pasyan entènasyonal yo jwenn aksè ak pwogram swen lopital la ki gen gwo repitasyon atravè lemond — kòmanse sou premye evalyasyon konfidansyèl nan Pavilion an rive nan nenpòt tretman espesyalize yo ka bezwen.
Evalyasyon ak tretman nou yo pran an konsiderasyon pwoblèm pasyan ki soti nan Mwayen Oryan souvan rankontre, epi fanmi yo gen yon wòl enpòtan nan fason nou bay swen. Nou konprann non fanmi ak repitasyon gen anpil valè, onè ak fyète pou anpil moun, nou ede fanmi yo fè fas ak wont, presyon ak difikilte ki ka vini ansanm ak pwoblèm sante mantal, konpòtman ki bay pwoblèm, oswa lè yon moun santi li pa rive satisfè atant sosyete a. Nou pran an konsiderasyon tou fason diskriminasyon ak prejije kapab afekte kalite lavi yon moun.
Menm si anpil pasyan pale Anglè byen, nou konprann gen kèk bagay ak kèk sans espesyal ki pi fasil pou esplike nan lang Arab. Manm ekip nou an pale plizyè kalite dyalèk arab, tankou arab Levan ak arab Gòlf la, konsa pifò pasyan pa bezwen sèvis entèprèt..
Nou gen anpil eksperyans nan travay avèk pasyan ak fanmi ki soti nan peyi Kowet, Arabi Sawoudit, Barèyn, Emira Arab Ini, Liban, Jòdani, Ejip ak Libi. Pwoteksyon vi prive se yon bagay ki enpòtan anpil pou nou. Nou travay avèk anpil diskresyon pou nou pwoteje non fanmi yo, vi prive yo ak repitasyon yo.
Malgre sèvis sa a fèt sitou pou pasyan ki soti nan Mwayen Oryan, nou resevwa epi travay avèk moun ki soti toupatou nan mond lan, epi nou resevwa referans ki soti nan sis kontinan yo. Nou adapte swen nou bay yo pou reponn ak bezwen chak pasyan entènasyonal ak fanmi yo.
Si ou ta renmen plis enfòmasyon, tanpri rele 617-855-3000.
Kesyon yo poze souvan
Sèvis klinik tankou:
- Sikoterapi, terapi konpòtman ki ede moun chanje fason yo panse ak aji (CBT), terapi konpòtman dyalektik (DBT)
- Rankont ak fanmi an
- Terapi an gwoup
- Evalyasyon ak jesyon medikaman
- Medikaman
- Medsin entèn: egzamen fizik konplè ak revizyon istwa medikal
- Evalyasyon newolojik, tès sikolojik ak tès pou wè kijan sèvo a ap fonksyone
- Analiz laboratwa ak egzamen imaj nan sèvo
- Etid sou somèy
- CPAP (aparèy ki bay presyon lè kontinyèl pou ede respire pandan dòmi)
- Konsiltasyon pou nitrisyon
- Swen enfimyè, jesyon ka
- Planifikasyon swen apre tretman an fini
Lòt sèvis klinik siplemantè (selon bezwen medikal pasyan an):
- Tretman espesyal tankou ECT (terapi elektwokonvilzif), TMS (yon tretman ki itilize leman pou ankouraje aktivite sèvo a), ak perfizyon ketamin
- Konsiltasyon ak espesyalis nan sante mantal pou plizyè kalite pwoblèm, tankou chòk ak estrès apre yon evènman difisil, pwoblèm ak itilizasyon sibstans, pwoblèm manje, difikilte sosyal, pwoblèm ki gen rapò ak laj, ADHD, pwoblèm pèsonalite, pwoblèm ak fason yon moun wè kò li, evalyasyon ki gen rapò ak lalwa, ak lòt pwoblèm sikyatrik.
- Etid laboratwa anplis, tès jenetik, imajri espesyalize
Sèvis ki pa sèvis klinik:
- Chanm prive
- Repa, ti goute, bwason
- Sant kondisyon fizik ki pa sou sit
- Konsiltasyon ak aktivite pou amelyore kondisyon fizik ak abitid ki bon pou sante
- Sèvis limouzin pou randevou ki pwograme
- Yoga
Sèvis klinik tankou:
- Konsiltasyon medikal espesyalize tankou konsiltasyon pou pwoblèm tande, maladi kè, po, òmòn, san, maladi enfeksyon, gwosès ak akouchman, je, zo ak jwenti, medsin fizik ak reyabilitasyon, pye, poumon, ENT (zòrèy, nen ak gòj), jinekoloji, aparèy irinè ak ògàn repwodiksyon, ak lòt espesyalite medikal.
- Sèvis dantè
- Swen enfimyè espesyal
Yo otorize vizit, selon règleman pwogram nan. Lè vizit yo se 2-8 aprèmidi, sèt jou nan semèn nan.
Tanpri pale ak ekip ki responsab tretman pasyan an pou plis enfòmasyon.
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò yo
- Major Depression
- Generalized Anxiety Disorder (GAD)
- Bipolar Disorder
- Obsessive Compulsive Disorder (OCD)
- Posttraumatic Stress Disorder (PTSD)
- Schizophrenia
- Anorexia Nervosa
- Bulimia
- Borderline Personality Disorder
- Psychosis
- Binge Eating Disorder
- Substance Use Disorder
- Dialectical Behavior Therapy
- Counseling for Depression
- Selective Serotonin Reuptake Inhibitors
- Transcranial Magnetic Stimulation (TMS) An Alternate Path to Well-Being
- Eye Movement Desensitization and Reprocessing (EMDR)
- Treating Eating Disorders
- Panic Disorder with Therapy
Espesyalis nou yo
617-855-3000
Rele Pavillion an
Kontakte Pwogram Konsiltasyon Sikyatrik Konplè McLean ki nan Pavilion an.
617-855-3000
Rele Pavilion an nan 617-855-3000
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal