Pwogram Maladi Metabolis Zo ak Mineral Timoun Piti
617-726-2909
Rele Pwogram Maladi Metabolis Zo ak Mineral Timoun Piti nan 617-726-2909
Konsènan pwogram lan
Nan Pwogram Maladi Metabolis Zo ak Mineral Timoun Piti, nou espesyalize nan tretman dansite zo ki ba, osteyopowoz, mank vitamin D, rachitis ak osteyomalasi, ipoparatiridis, sedoyipoparatiridis, ak lòt maladi ki afekte sante zo ak metabolis mineral nan tibebe, timoun ak jenn moun.
Founisè nou yo nan Andokrinoloji Pedyatrik ak Nefwoloji Pedyatrik travay ansanm pou kreye plan swen pèsonalize pou pasyan tout laj, soti nan tibebe rive nan timoun ak jèn moun. Founisè nan Jenetik, Newoloji Pedyatrik, ak Terapi Fizik bay konsiltasyon jan sa nesesè. Nou kolabore tou ak espesyalis nan Mass General Brigham, ki gen ladan Gastwoentewoloji Pedyatrik ak Nitrisyon, Medsin Adolesan, ak Òtopedi Pedyatrik.
Nou pataje chak plan swen timoun ak founisè swen prensipal, espesyalis apwopriye ak, epi sitou timoun lan ak fanmi an pou asire pi bon kalite swen. Nou kwè ke fanmi yo konnen timoun yo pi byen, kidonk nou enplike fanmi an nan chak etap nan plan swen yon timoun. Klinik nou an fasilite yon tranzisyon san pwoblèm soti nan swen pediatrik pou swen granmoun pou adolesan ki pi gran yo pou asire swen yo kontinye pou sante zo yo.
Kondisyon nou trete
-
Mank vitamin D ak lòt maladi metabolis vitamin D
-
Rachitis ak osteyomalasi
-
Maladi metabolis kalsyòm ak fosfò
-
Maladi glann paratiwoyid
-
Nefwokalsinoz ak pyè nan ren
-
Maladi mineral ak zo ki asosye ak maladi ren kwonik (CKD-MBD)
-
Osteyojenèz enpafè (yo rele l tou maladi zo frajil) ak lòt maladi zo jenetik
-
Dansite zo ki ba ak osteyopowoz nan kondisyon, tankou :
- Maladi manje, ki gen ladan anoreksi nève ak boulimi
- Triyad atlèt fi
- Maladi entesten enflamatwa (IBD) ak maladi selyak
- Andikap otis
- Itilizasyon glikokòtikoyid pandan yon bon bout tan
- Konodisyon kote pwa moun lan twò lou pou zo l
- Distrofi miskilè
Sèvis nou ofri
- Mezi mineral ki nan zo yo, metabolis vitamin D, òmòn ki patisipe nan metabolis mineral, ansanm ak tès depistaj pou chèche lòt pwoblèm medikal.
- Egzamen radyografi ak doub enèji (DXA) pou mezire dansite mineral zo yo ak kantite mineral ki nan zo yo. Espesyalis ki gen eksperyans nan entèpretasyon rezilta tès sou mineral zo ak dansite zo timoun analize egzamen sa yo.
- Tès jenetik, tankou sekansaj tout egzòm nan (whole exome sequencing), pou idantifye maladi tankou osteyojenèz enpafè (maladi zo frajil) ak lòt maladi ra ki afekte zo ak metabolis mineral.
- Ekspètiz nan itilizasyon medikaman ki vize zo pou timoun, tankou bisphosphonates (bisfosfonat)
- Terapi fizik
Espesyalis nou yo
617-726-2909
Rele Pwogram Maladi Metabolis Zo ak Mineral Timoun Piti
Maladi ak tretman ki gen rapò
- Hyperparathyroidism
- Osteoporosis
- Hypothyroidism
- Hyperthyroidism
- Juvenile Osteoporosis
- Osteogenesis Imperfecta
- Hypoparathyroidism
- Hypocalcemia (Child)
- Primary Hyperparathyroidism
- Growth Hormone Deficiency
- Delayed Puberty
- Bone Density Test
- Calcium (Blood)
- Vitamin D Test
- Parathyroid Hormone
- Calcium (Urine)
- 24-Hour Urine Collection
- Thyroid Function Tests
- Growth Hormone (Blood)
- Basic Metabolic Panel (Blood)
- Growth Hormone With Stimulation (Blood)
- Bone Scan
- Bone Biopsy
Kontakte Pwogram Maladi Metabolis Zo ak Mineral Timoun Piti
617-726-2909
Rele Pwogram Maladi Metabolis Zo ak Mineral Timoun Piti nan 617-726-2909
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo