Pwogram Fibwoz Kistik Pedyatrik
617-726-8707
Konsènan pwogram lan
Fibwoz kistik (CF) se yon maladi konplike, ereditè ki lakoz yon defo nan sistèm transpò elektwolit, ki lakoz pwoblèm nan fonksyònman anpil sistèm ògàn tankou poumon ak sistèm dijestif. CF afekte apeprè 30,000 moun nan Etazini. Malgre pa gen okenn remèd jiskaprezan, swen konplè amelyore pwonostik pou anpil moun k ap viv avèk CF, epi rechèch la ap bay nouvo konesans ak terapi.
Pwogram Fibwoz Kistik Pedyatrik nan Mass General Brigham pou Timoun se yon klinik CF pediatrik ki gen akreditasyon Fondasyon Fibwozi Kistik (CFF) ki angaje nan bay swen premye klas, endividyèl pou chak pasyan. Nou gen yon ekip gen espesyalis nan plizyè branch ki kreye pou bay swen prevantif, jesyon sante poumon, sipò nitrisyon ak sipò sikolojik san rete. Pi bon tretman yo reyalize nan vizit regilye nan klinik ak ekip swen CF, kominikasyon dirèk ak fanmi yo, ak pwogram edikatif.
Sant Fibrwoz Kistik Mass General Brigham gen ladan l Pwogram CF pou Timoun ak Pwogram CF pou Granmoun Manm ekip swen sa yo travay ansanm pou bay pi bon swe swen ak tout laj, ak yon tranzisyon fleksib soti nan pwogram timoun lan antre nan pwogram granmoun lan Pou plis enfòmasyon sou pwogram CF pou Granmoun lan, tanpri vizite paj Sant Fibwoz Kistik Granmoun lan.
Pati nan Mass General Brigham pou Timoun
Tès ak tès depistaj
Pou fanmi ki ap fè fas ak yon rezilta pozitif ki soti nan yon tès depistaj CF pou timoun ki fenk fèt, nou ofri yon sistèm avanse pou tès dyagnostik CF (tès klorid avèk swe), epi espesyalis CF nou yo ap rankontre avèk ou menm jou a pou diskite sou rezilta tès yo.
Pou randevou tès swe, tanpri rele 617-724-0703 oswa 617-724-2992. Yo ka voye rekòmadasyon yo pa fax nan 617-724-2803 (ATENSYON: Egzamen Swe).
Maladi ak tretman fibwoz kistik pedyatrik
Espesyalis nou yo
617-726-8707
Kontakte Pwogram Fibwoz Kistik Pedyatrik
Prensipal
617-726-8707
Laboratwa Tès Fonksyònman poumon ak tès klorid nan swe
617-724-0703
617-724-2992
Sant Fibwoz Kistik pou Granmoun
617-724-0520