false
Swen Palyatif
Nou bay swen espesyalize pou moun ki gen maladi kwonik ak maladi avanse. Espesyalis nou yo konsantre sou amelyore konfò ou ak kalite lavi ou, nan nenpòt etap maladi a.
primary
phone
617-724-9700
Rele Swen Palyatif nan 617-724-9700.
6177249700
Pran swen kò ou, lespri ou, ak nanm ou.
Espesyalis nou yo nan medsin palyatif pran swen pasyan nan lopital, nan klinik pou pasyan ekstèn, ak lakay yo. Ekip nou an reyini konpetans inik doktè, enfimyè pratikan, asistan doktè, travayè sosyal, famasyen, ak chaplen ki travay ansanm pou sipòte byennèt ou. Nou ede jere sentòm yo, ajiste swen ou selon bezwen ou yo, epi gide ou pandan w ap pran desizyon sou swen sante ou.
Pou mande swen palyatif, ou ka mande ekip lopital ou a, founisè swen prensipal ou, oswa espesyalis ou pou yon konsiltasyon.
center
Apwòch nou nan swen palyatif
Swen palyatif travay ansanm ak ekip medikal prensipal ou pou bay yon sipò siplemantè nan nenpòt etap maladi a. Nou konsantre sou diminye malèz fizik, amelyore kalite lavi, epi fè lavi ak yon maladi grav vin pi fasil, ni pou moun ki gen maladi a ni pou moun k ap pran swen li.
Sipòte konfò ou
Nou bay swen global ki pran an konsiderasyon bezwen fizik, emosyonèl, ak sikolojik ou.
Soulajman sentòm
Swen palyatif ka ede soulaje sentòm tankou doulè, malèz nan lestomak, fatig, depresyon, estrès, difikilte pou manje, pwoblèm mobilite, ak souf kout.
Swen ki ann amoni ak valè ou yo
Nou travay ansanm ak ekip swen ou pou ede ou menm ak fanmi ou pran desizyon medikal ki konplèks, pandan n ap asire swen ou reflete sa ki pi enpòtan pou ou.
Kondisyon ak tretman swen palyatif
Nou ofri swen palyatif pou moun tout laj ak nan nenpòt etap yon maladi grav. Men kèk egzanp kondisyon ke ekip nou an jere souvan.
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis tou pre ou ki ka ede ou.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis swen palyatif
Swen espesyalize tou pre ou
Aksè swen atravè Mass General Brigham, ak sèvis espesyalize ki disponib nan lopital kominotè ak sant medikal akademik ki dirijan. Kèlkeswa maladi ou oswa kondisyon ou, espesyalis nou yo tou pre e yo pare pou ede.
secondary
internal
Gade kote swen palyatif yo
Kontakte Swen Palyatif
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
phone
617-724-9700
Rele Swen Palyatif nan 617-724-9700.
6177249700
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal