Twoub Spèk Otis (ASD) ak Malkadi
857-282-4900
Rele Enstiti Newosyans Mass General Brigham, yon sant swen pou sèvo ak nè, nan 857-282-4900.
Èske gen yon lyen ant otis ak epilepsi?
“Moun ki gen otis gen plis chans pou yo fè epilepsi pase rès popilasyon an. Anpil moun ki gen epilepsi gen twoub espèk otis (ASD) tou,” dapre Rani Sarkis, MD, MSc, yon doktè ki espesyalize nan maladi sèvo ak epilepsi nan Enstiti Newosyans Mass General Brigham. “Lè yon moun gen toude kondisyon sa yo, sa ka pote plis difikilte pou li ak fanmi li. Men, nou gen sa nou bezwen pou ba yo plis sipò pou yo jere toude.”
Doktè. Sarkis pran swen pasyan nan Brigham and Women’s Hospital, kote yon ekip pwofesyonèl sante devwe ede pasyan ki gen malkadi jere sentòm yo epi amelyore kalite lavi yo. Li esplike lyen ant otis ak epilepsi epi li reponn kesyon moun poze souvan sou lyen sa a.
Defini epilepsi ak twoub espèk otis
- Epilepsi: Yo rele epilepsi tou twoub kriz epilepsi. Se yon tèm jeneral pou lè yon moun fè plis pase de kriz youn apre lòt san yon kòz klè. Plizyè bagay ka lakòz epilepsi, tankou blesi nan sèvo, timè oswa maladi jenetik. Pafwa, doktè yo pa ka jwenn kòz la.
- Otis: Kondisyon sa a pi byen rekonèt kòm twoub spèk otis (ASD). Se yon twoub newolojik ak devlopman ki manifeste ak anpil sentòm ki afekte konpòtman ak ladrès sosyal. “Nou pa konnen sa ki lakòz otis. Sepandan, jenetik sanble jwe yon wòl enpòtan,” se sa Doktè Sarkis di.
Èske gen yon lyen ant epilepsi ak otis?
Ozetazini, yo te dyagnostike anviwon 1 sou 31 timoun ak 1 sou 45 granmoun ak ASD. Pami moun k ap viv ak epilepsi, 1 sou 5 gen ASD tou—prèske 10 fwa pi wo pase mwayèn nasyonal la.
Èske epilepsi li menm lakòz otis?
Yo toujou pa fin byen konprann lyen ki genyen ant otis ak epilepsi. Gen rechèch ki montre ke kriz pa lakòz otis dirèkteman.
Yo panse otis ak epilepsi ka gen menm kòz, tankou maladi jenetik oswa blesi nan sèvo nan peryòd prekòs lavi a akoz yon konjesyon serebral oswa yon enfeksyon. Lakay pasyan kote kòz la pa klè, gen anpil chans yon faktè risk jenetik ki responsab pou tou de maladi yo. Nan kèk fòm epilepsi ki parèt nan peryòd prekòs lavi a, tankou espasm lakay tibebe (yon kalite kriz tibebe fè), epilepsi ka lakòz plis pwoblèm nan fonksyònman sèvo a epi kontribye nan devlopman ASD pi devan.
Konfonn sentòm otis ak kriz epilepsi
Akòz anpil sentòm ak konpòtman diferan ki asosye ak otis, ansanm ak anpil kalite kriz epilepsi, li posib pou konfonn youn nan kondisyon sa yo ak lòt la. Egzanp espesifik yo gen ladan yo moman kote moun nan fikse yon pwen ak mouvman ki repete, estereyotip. Sentòm ak konpòtman sa yo trè komen nan ASD, epi yo ka sanble ak kèk kalite kriz epilepsi.
Yon moun ka gen tou de maladi yo pandan yon bon bout tan anvan yon pwofesyonèl sante fè dezyèm dyagnostik la.
Tretman otis ak epilepsi
Lè yo trete epilepsi lakay moun ki gen otis, yo konsidere efè kèk medikaman ka genyen sou konpòtman yo. Gen medikaman pou epilepsi ki ka pi bon pase lòt si moun nan gen enkyetid oswa yon pwoblèm ki afekte atitid li tou.
Moun ki gen otis resevwa menm sipò pou konpòtman ak devlopman yo, kit yo gen epilepsi, kit yo pa genyen l. Sepandan, moun ki gen tou de maladi yo ka bezwen plis sipò pou jere sentòm yo pase moun ki gen otis sèlman.
Kesyon yo poze souvan sou epilepsi ak otis
Èske epilepsi komen lakay moun ki gen otis?
Wi. Epilepsi ka rive jiska 10 fwa pi souvan lakay moun ki gen otis pase lakay rès popilasyon an.
Konbyen moun ki gen otis ki gen epilepsi tou?
Epilepsi ak otis souvan parèt lakay menm moun nan. Chif yo varye, men kèk etid montre 1 moun sou 5 ki gen otis gen epilepsi tou. Sa vre tou pou 1 moun sou 5 ki gen epilepsi: yo gen otis.
Ki lòt pwoblèm sante ki pi komen lakay moun ki gen otis?
Lòt pwoblèm sante rive pi souvan lakay moun ki gen otis pase lakay rès popilasyon an. Pwoblèm ki pi souvan parèt ansanm ak twoub espèk otis se twoub defisi atansyon ak ipèaktivite (ADHD). Epilepsi parèt souvan lakay moun ki gen otis tou.
Si ou menm oswa yon moun ou konnen gen epilepsi, Epilepsy Foundation, yon fondasyon ki bay enfòmasyon sou epilepsi, ak Centers for Disease Control and Prevention (CDC), yon ajans sante piblik, bay enfòmasyon pou ede moun konprann kondisyon sa a.