Sikilasyon San: Kijan li Afekte Sante w
Sistèm sikilatwa w la se sa ki kenbe ògàn ak tisi w yo an sante epi k ap fonksyone byen. Men, kisa egzakteman li ye, epi kisa k ap pase si li domaje?
«Tout sante w gen yon rapò sere ak sikilasyon, sa a se pawòlAnahita Dua, MD, yon chirijyen vaskilè nan Mass General Brigham. Nenpòt pwoblèm nan sikilasyon an kit se kè a ki pa kapab ponpe san an, kit se veso sangen yo ki pa kite san an sikile tout sa gen yon gwo enpak.
Doktè Dua pran swen pasyan yo nan Massachusetts General Hospital. Isit la, li eksplike kijan sikilasyon an fonksyone ak kijan li enpòtan pou konprann kijan pou pwoteje sante w
Ki sa sikilasyon san an ye?
Sistèm sikilatwa w la konstitiye de kè w ak tout veso sangen ki nan tout kò w.
Pandan kè a ap ponpe, san an pouse ale nan atè yo. Veso sangen solid epi lis sa yo pote san an avèk anpil presyon nan tout pati nan kò w. Yo gaye nan tout diferan pati nan kò w, epi yo vin pi fen pandan y ap ale. Atè ki pi piti yo nan pye w, ki se distans ki pi lwen kè w.
Aprè san an fin bay ògàn ak tisi yo eleman nitritif ak oksijèn, li tounen nan kè a atravè venn yo. Sa yo pi mens epi pi fèb pase atè yo paske tansyon an pi ba anpil.
Kòz move sikilasyon
Sèten kondisyon medikal ak chwa vi ka bay pwoblèm ak pwosesis sa a pandan yo lakòzatewoskleroz, depo grès (plak) ki kole sou sifas atè yo epi bay pwoblèm ak sikilasyon san an. Kòz komen atewoskleroz yo genyen ladan yo:
- Dyabèt:: Nivo sik (glikoz) ki wo nan san an ka domaje veso sangen yo.
- Tansyon wo (ipètansyon): Presyon ki pi wo sou sifas atè w yo ka domaje yo.
- Nivo Kolestewòl ki wo: Nivo Kolestewòl ki wo lakòz akimilasyon grès (plak) sou mi atè yo.
- Obezite: Twòp pwa ka fatige kè w pandan l ap fè l travay ak plis difikilte. Grès kapab akimile tou nan atè yo, sa ki lakòz tansyon wo oswa kolestewòl wo.
- Fimen: Pwodui chimik ki nan pwodui tabak yo domaje veso sangen yo.
- Rejim alimantè: Manje ki gen anpil grès ka ogmante nivo kolestewòl. Anplis de sa, manje ki gen anpil sèl ka lakòz kè w kenbe dlo, sa ki lakòz tansyon pi wo.
Gen kèk maladi ki ka bay pwoblèm ak sikilasyon san an. Pa egzanp, sendwòm Raynaud lakòz kontraksyon nan ti veso sangen yo, sa ki lakòz yo kontrakte epi sa limite sikilasyon san an.
Kijan move sikilasyon afekte sante w
Enpak move sikilasyon an depann de ki pati nan sistèm sikilatwa a ki afekte.
Lè sikilasyon san an limite nan atè yo, san rich an oksijèn gen difikilte pou rive nan tisi ak ògàn yo. « Gwo enpak prensipal la se ke ògàn final la nan sikilasyon san an pa jwenn oksijèn ak eleman nitritif li bezwen pou fonksyone, » se sa Doktè Dua. Privasyon tisi yo de oksijèn ka byen vit tounen yon ijans, se sa li ajoute, paske gen yon kantite tan limite anvan domaj yo rive.
Domaj nan venn yo souvan gen yon enpak ki pi dousman epi ki mwens grav. Venn ki febli yo gen difikilte pou transpòte san tounen nan kè a, pafwa yo fòme kayo san ki ka mennen nan konplikasyon.
Twoub ki koze pa move sikilasyon san
Efè move sikilasyon san yo ka santi nan tout kò w. Siy avètisman bonè yo genyen ladan yo doulè, dwèt oswa zòtèy ki frèt, oswa pèt sansasyon. Si yo pa trete li, kondisyon grav ka parèt, tankou:
- Ensifizans venn kwonik (CVI): San ki akimile anpil nan venn yo lakòz anflamasyon, chanjman nan po a, ak doulè.
- Twonboz venn pwofon (DVT):: Kayo san ki bloke sikilasyon san an pasyèlman oswa nèt, sa ki lakòz doulè oswa anflamasyon.
- Iskemi: Yon mank rezèv san ki ka lakòz ògàn ak tisi yo mouri.
- Maladi atè periferik (PAD): Atè k ap delivre san nan janm oswa bra yo vin pi etwat, sa ki lakòz doulè lè w ap deplase.
- Venn varis: Venn ki febli ki detire epi ki anfle, sa ki lakòz san an retounen oswa akimile.
Nan kèk ka, yon kayo san ka detache. Si li bloke nan poumon yo (anbolis poumon), kè (kriz kadyak), oswa sèvo (estwòk), li ka bloke sikilasyon san an nèt. Sa a se yon ijans ki mande atansyon imedya.
Si w santi sentòm move sikilasyon san oswa si w gen kondisyon ki mete w an danje, pale ak doktè w. Yo ka rekòmande chanjman nan fason w ap viv, medikaman, oswa pwosedi chirijikal pou amelyore sikilasyon san an.