Terapi fizik pou doulè nan disk èniye
Chak ane, anviwon 3 milyon moun fè eksperyans yon disk èniye, dapre yon etid ki te pibliye nan Journal of Orthopaedic Science. Si w gen kondisyon sa a, ou konnen jan sa ka afekte lavi w chak jou. Erezman, gen fason pou jere doulè nan disk èniye epi ede do w geri. Terapi fizik pou doulè nan disk èniye se yon bon opsyon pou fè w santi w pi byen.
Disk ènye (oswa disk deplase) rive lè pati santral mou yon disk nan kolòn vètebral la pouse soti nan yon chire ki nan kouch ekstèn lan, sa ki lakòz enflamasyon ak doulè nan pati anba do a. Pafwa, yon disk ki deplase (herniated disc) ka peze sou nè ki toupre l yo epi lakòz doulè k ap desann nan janm nan," se sa l eksplike.Edward Wei, MD, Yon fizyat entèvansyonèl nan Mass General Brigham k ap pran swen pasyan nan Spaulding Rehabilitation. Terapi fizik ka ede soulaje doulè epi anpeche blesi nan lavni.
Doktè Wei espesyalize nan opsyon tretman ki pa chirijikal pou doulè nan do epi li travay ak pasyan yo pou devlope plan tretman pèsonalize. Nan atik sa a, li pataje twa pi bon konsèy li yo sou fason pou jere doulè ki soti nan yon disk deplase (herniated disc) epi reprann lavi nòmal ou.
Konsèy #1: Eseye terapi fizik pou jere doulè nan disk èniye.
Pou anpil moun, fizyoterapi se premye opsyon tretman doktè yo rekòmande pou disk ènye. Terapi fizik pou yon disk èniye konsantre sou soulaje doulè ak ranfòse misk ki sipòte do w. Yon fizyoterapis kreye yon plan ki bon pou ou dapre nivo doulè w ak lòt sentòm ou genyen.
Egzèsis fizyoterapi komen pou doulè nan disk èniye ka gen ladan:
- Detire: Detire dou ka ede amelyore fleksibilite epi redwi rèd.
- Ranfòsman misk santral: Ranfòse misk nan vant ou, alantou kolòn vètebral ou, etaj basen, ak dyafram ede retire presyon sou kolòn vètebral ou.
- Egzèsis pou amelyore pwèstans kò a: Aprann kanpe ak chita byen ka redwi presyon sou disk ou yo epi anpeche pwoblèm nan lavni.
- Egzèsis pou ranfòse fòs: Sa ede ou bati misk do pou sipòte do ou.
- Fòmasyon andirans: Sa amelyore fòs jeneral epi redwi chans pou ou blese ankò.
"Terapi fizik adapte ak bezwen kò w, epi li ka ede soulaje doulè epi anpeche lòt blesi," se sa Doktè Wei di. W ap gen devwa tou terapis fizik ou a ap ba ou egzèsis etiraman ak lòt egzèsis pou w fè lakay ou pou w ka kontinye refè.
Konsèy #2: Bay do ou yon poz pou repoze apre yon blesi.
Byenke li enpòtan pou w rete aktif, li esansyèl tou pou w kite do w repoze pandan kèk jou apre blesi inisyal la. Sepandan, Doktè Wei rekòmande pou w reprann aktivite ki lejè yon ti tan apre sa, paske mouvman ede disk ou yo geri epi absòbe eleman nitritif. Li konseye w evite leve bagay lou ak aktivite ki mande pou w bese oswa tòde kò w jiskaske do w vin pi byen.
Tan rekiperasyon an depann de kondisyon espesifik ou ak jan ou swiv plan terapi fizik ou an. Pifò moun kòmanse wè amelyorasyon kèk semèn apre yo fin kòmanse fizyoterapi. Li ka pran plizyè mwa pou moun nan refè nèt, sitou si disk ki deplase a lakòz gwo doulè oswa domaj nan nè yo. Doulè nan do pran tan pou geri, epi li enpòtan pou w sonje ke rekiperasyon se pa yon kous. Sa ka pran jiska 6 mwa pou w santi w tèt ou ankò.
Pandan rekiperasyon an ka pran tan, anpil moun ka jere doulè disk èniye avèk siksè san operasyon lè yo respekte plan terapi fizik yo.
Li bon pou w pran bagay yo dousman okòmansman, men li enpòtan pou w reprann aktivite w piti piti. Mouvman ede do ou geri epi kenbe do ou fò.
Edward Wei, MD
- Fizyatis Entèvansyonèl, Mass General Brigham
Konsèy #3: Konsidere lòt terapi ak tretman si sa nesesè.
Doktè Twazyèm konsèy Doktè Wei a se konsidere terapi ak tretman adisyonèl si terapi fizik pou kont li pa ase. Li eksplike ke byenke fizyoterapi souvan se premye etap la, gen lòt terapi ak tretman tou ki ka ede soulaje doulè ki soti nan yon disk ki deplase (herniated disc); souvan, yo ka fè tretman sa yo ansanm. Sa yo enkli:
- Medikaman anti-enflamatwa san preskripsyon tankou ibipwofèn oswa naproxen
- Piki esteroyid pou doulè ki reziste ak terapi fizik ak medikaman oral
- Akiponkti oswa terapi masaj pou ede detann misk yo epi soulaje doulè
- Yoga pou amelyore fleksibilite ak ranfòse do w
- Estimilasyon elektrik ak ultrason pou soulaje doulè ak espasm nan misk
- Pèdi pwa pou ede diminye presyon sou kolòn vètebral ou alontèm
Li enpòtan pou w pale ak doktè w sou ki terapi ak tretman ki bon pou ou.
Estrateji jesyon lakay
Anplis terapi fizik ak lòt tretman, Doktè Wei rekòmande estrateji sa yo pou ede soulaje doulè nan disk èniye lakay ou:
- Diminye koube oswa tòde do ou. Sa ap ede diminye estrès sou disk yo nan do ou. Pwoteje kolòn vètebral ou lè w kontwole mouvman w epi evite fè efò ki pa nesesè pandan doulè a ap ogmante.
- Evite rete chita twò lontan. Pozisyon chita mete plis presyon sou disk yo nan do ou. Pran poz souvan pou w leve epi deplase kò w; lè w chita, veye pou w pa kite do w koube epi eseye sèvi ak yon bagay pou soutni pati anba do w.
- Evite aktivite ki enplike koube. Ou lib pou sote travay tankou lesiv, pase aspiratè, jadinaj, ak fouye tè ak yon pèl, paske yo enplike anpil koube.
Doktè Wei di ke pandan w ap avanse nan terapi fizik la epi w ap vin pi fò, ou ka retounen fè kèk aktivite. Objektif la se ede w retounen nan woutin nòmal ou avèk yon do ki pi solid epi an pi bon sante.
Kilè ou ta dwe konsidere tretman chirijikal pou doulè disk èniye?
Nan kèk ka, medikaman, fizyoterapi, ak piki nan kolòn vètebral la pou doulè ki soti nan yon disk deplase (herniated disc) ka pa sifi. Si ou pa kòmanse santi w pi byen apre plizyè semèn tretman, oswa si w gen sentòm grav tankou janm ou ki vin fèb, gwo angoudisman, oswa si w pèdi kontwòl sou bezwen natirèl ou (pou w ale nan twalèt), doktè ou ka rekòmande yon operasyon pou trete doulè ki soti nan yon disk ki deplase (herniated disc); sa ka ede soulaje presyon sou nè ki afekte yo.
Gen diferan kalite operasyon ki ka itilize pou trete disk èniye, tankou:
- Mikwodiksektomi: Sa a se yon pwosedi ki mande yon ti ensizyon sèlman nan pati anba do w pou retire pati disk la ki soti deyò (herniated) ansanm ak nenpòt ti moso ki lach. Sa mande mwens deranjman pou misk ak tisi ki antoure kolòn vètebral la.
- Fizyon lonbè: Sa a se yon operasyon ki souvan enplike nan konekte de oswa plizyè zo nan pati anba do a pou diminye mouvman ant zo sa yo.
Malgre operasyon ka efikas, anjeneral yo konsidere l sèlman apre yo fin eseye opsyon ki pa mande operasyon, tankou fizyoterapi, medikaman, ak piki nan kolòn vètebral la.
Jere doulè disk èniye ak bon tretman an
Jere doulè disk èniye souvan komanse ak fizyoterapi. Lè ou ranfòse misk ou yo epi aprann kijan pou pwoteje kolòn vètebral ou, ou ka diminye doulè epi anpeche pwoblèm ki ka rive alavni. Si sentòm ou yo pa amelyore avèk terapi fizik, tretman chirijikal pou doulè ki soti nan yon disk èrniye ka yon opsyon. Ansanm avèk doktè ou, ou ka jwenn tretman ki bon pou ou a.