Ki jan pou Retire nèj san fè do w mal
Lè sezon fredi rive ak tanperati ki desann ak flokon nèj k ap tonbe, li lè pou w pran pèl la. Men, retire nèj avèk yon pèl ka plis pase yon travay ki anmèdan; li lakòz plizyè milye blesi chak ane.
Pou anpeche blesi nan do epi rete an sekirite lè lè a rive pou retire nèj, ou ta dwe konsantre sou kondisyon fizik ou pandan tout ane a, dapre Zacharia Isaac, MD, yon espesyalis nan swen kolòn vètebral ak jesyon doulè nan Mass General Brigham. Li se chèf sèvis swen kolòn vètebral ak jesyon doulè nan Spaulding Rehabilitation, epi li se prezidan adjwen depatman medsin fizik ak reyabilitasyon nan Brigham and Women’s Hospital. Doktè Isaac rekòmande pou pratike egzèsis fòs ak fleksibilite, anpeche enflamasyon nan kò ou atravè nitrisyon, epi pran mezi senp pou pwoteje tèt ou lè flokon yo tonbe.
"Pwoblèm misk ak zo sa yo rive tout moun, kit ou se yon atlèt ki an fòm anpil, kit ou pa gen bon kondisyon fizik," li di. "Men, nou ka fè sèten bagay pou ogmante chans nou genyen pou nou reyisi. Pi bon fason pou anpeche blesi ak doulè kwonik se fè egzèsis regilyèman epi diminye enflamasyon nan kò a lè w gen yon rejim alimantè ki an sante epi kenbe yon pwa ki an sante. Gen plizyè prekosyon tou ou ka pran lè lè a rive pou w retire nèj avèk yon pèl."
Blesi ki rive lè w ap retire nèj ak pèl
Retire nèj ak pèl ka lakòz plizyè kalite blesi, tankou:
- Bòs, mak ble, zo kase ak chòk nan sèvo akoz glise ak tonbe
- Disk ki soti nan plas yo nan do w akoz ou leve chay lou nan move pozisyon
- Blesi nan kou ki soti nan gade anlè twò lontan pandan w ap retire nèj sou do kay ou oswa sou machin ou
- Misk ki rale oswa foule nan zepòl ou oswa nan do w; blesi sa yo rive souvan
"Pozisyon kò a lè w ap retire nèj ak pèl pa alèz pou do a ak kou a. Epi leve nèj ki lou, mouye ak prèske fonn ak yon pèl ki gen manch long mete anpil presyon sou kò a,” Doktè Isaac di. “Doulè nan mitan do a se anjeneral yon doulè nan misk akoz pozisyon panche pi devan an. Men, se tou zòn kote moun ki pi gran yo konn fè ka zo kase akoz konpresyon. Doulè nan pati anba do a anjeneral gen rapò ak misk ki foule oswa rale, men pafwa li ka yon siy atrit oswa chanjman ki rive lè pati nan kolòn vètebral la ap vin ize. Anplis de sa, pozisyon kò a panche pi devan an, ansanm ak leve chay lou, ka lakòz disk nan kolòn vètebral la fè èni.”
Moun ki gen sèten pwoblèm sante ta dwe pale ak yon pwofesyonèl sante anvan yo retire nèj ak pèl, li di. Pa egzanp, sa gen ladan moun ki gen osteyopowoz, ki deja kase plizyè zo oswa ki gen pwoblèm kè.
Eseye etabli abitid ki an sante ak mouvman regilye pou bati fòs nan do w ak nan vant ou.
Zacharia Isaac, MD
- Spine Care and Pain Management Specialist
- Mass General Brigham
Sa ou ka fè pandan tout ane a pou evite doulè nan do lè w ap retire nèj ak pèl
Pou retire nèj an sekirite epi avèk efikasite, ou bezwen fòs nan misk ki pèmèt do a redrese. Misk ki lonje do w yo travay nan anpil aktivite chak jou, tankou dechaje machin alave a, ranmase bagay atè, epi panche sou yon lavabo. “Men, n ap viv nan yon sosyete ki pa antrene misk ki pèmèt do a redrese yo,” Doktè Isaac di. “Anpil moun pase twòp tan chita, epi nou gen tandans kite kò nou afesye lè nou chita sou chèz biwo a oswa nan chèz chofè a. Eseye pran bon abitid epi fè mouvman regilyèman pou ranfòse misk do w ak misk ki nan mitan kò w.”
Pi bon egzèsis pou prepare kò w pou retire nèj avèk yon pèl se akoupi ak leve pwa depi atè, li ajoute. Mouvman fonksyonèl sa yo fè nou pi kapab tou pou nou leve soti nan yon chèz pandan n ap vin pi gran. Fleksibilite ranch yo enpòtan anpil tou pou fòs do a. “Lè anch ou yo rèd, sa afekte do w tou. Kidonk, li enpòtan tou pou w ka bouje anch ou fasil epi pou yo soupl.”
Yon antrenè pèsonèl, yon fizyoterapis, oswa yon videyo sou entènèt ka montre w bon fason pou w fè egzèsis yo. Genyen tou modifikasyon efikas pou egzèsis sa yo pou moun ki bezwen yo.
Manje byen pandan tout ane a epi kenbe yon pwa ki bon pou sante w ka ede anpeche doulè nan do tou, Doktè Isaac di. Moun ki gen yon endis mas kò (BMI) ki wo gen tandans fè eksperyans doulè nan plizyè jwenti. Sa ka lakòz enflamasyon nan tout kò w, pa sèlman nan jwenti ki pote pwa kò w yo, tankou jenou w. Doktè Isaac fè konnen fason pou manje byen pa menm pou tout moun.
“Pou pèdi pwa, ou dwe jwenn yon metòd ou ka kenbe alontèm olye de yon rejim ekstrèm pou pèdi pwa rapid. Ou ka eseye manje plis manje ki soti nan plant oswa eseye fè peryòd jèn pou w ka amelyore rezistans ensilin,” li di. “Pou diminye enflamasyon nan tout kò a, anpil moun jwenn sa ede yo lè yo sispann manje sèten bagay. Pa egzanp, gen kèk moun ki elimine gluten, epi toudenkou jwenti yo santi yo mwens anflame. Gen moun ki santi yo gen mwens enflamasyon lè yo sispann manje sik oswa manje ki gen anpil lanmidon yo transfòme.”
Sekirite lè w ap retire nèj
Lè lè a rive pou w retire nèj, sèvi ak estrateji sa yo pou pwoteje do w:
- Chofe kò w anvan w kòmanse. Bouje kò w, pa egzanp, repete kèk mouvman ou fè lè w ap retire nèj.
- Sèvi ak bon ekipman, asire w pèl la pa twò long oswa twò lou. Mete men w lwen youn ak lòt sou manch pèl la pou w ka leve nèj la pi fasil.
- Eseye pouse nèj la olye w leve l. Lè w oblije leve l, ranmase ti kantite sèlman chak fwa. Apre sa, mache ak nèj la pou w al mete l kote w vle a. Pa voye nèj la sou kote oswa sou zepòl ou; sa ka fè w tòde kò w epi blese.
- Pliye epi lonje jenou w pou w leve pèl la, olye w pliye nan ren w. Epi kenbe do w dwat. Lè w fè koupi konsa, se janm ou ki fè efò a olye do w. Sa ede w evite panche pi devan.
- Koute kò w. Ale dousman epi pran poz, olye w fòse tèt ou jiskaske travay la fini. Si w ap tann anpil nèj, kòmanse prekòs epi retire nèj la ti kras pa ti kras pandan jounen an. Konsa, ou p ap bezwen leve gwo chay nèj ki vin byen di.
- Detire dousman misk ou pandan poz yo epi apre ou fin travay.
Glise ak tonbe se bagay ki komen tou pandan w ap retire nèj epi yo ka lakòz blesi nan do ak lòt blesi. Pou anpeche kalite aksidan sa yo:
- Gaye sèl oswa lòt sibstans ki fonn glas anvan nèj la kòmanse tonbe.
- Mete bòt pou nèj oswa mete akseswa ki gen pik anba soulye w pou ede w pa glise.
- Toujou rete vijilan pou plak glas. Pa kite yon chapo oswa yon echap bloke vizyon w.
- Fè ti pa dousman e regilyèman.
Kilè pou w chèche swen medikal pou doulè nan do
Si w fè yon fo mouvman oswa blese do w pandan w ap retire nèj, Doktè Isaac rekòmande pou ou:
- Aplike chalè oswa frèt, selon sa ki soulaje w.
- Evite aktivite entans pandan yon jou oswa de.
- Chanje pozisyon souvan, epi deplase lè sa posib. Sa ap ede misk ou pa vin sere oswa fè kontraksyon toudenkou. Sa ap fè plis san sikile nan kote ki blese a pou ede l geri.
- Pran asetaminofèn oswa medikaman anti-enflamatwa ki pa esteroyid (tankou ibipwofèn) ou ka achte san preskripsyon doktè.
- Sèvi ak yon roulo kim oswa yon aparèy masaj pou fè masaj tisi pwofon poukont ou epi detann misk ou.
Pifò misk ki foule oswa rale lè w ap retire nèj ak pèl geri poukont yo. Men, si doulè a dire plis pase 4 a 6 semèn oswa si li retounen souvan, pale ak yon pwofesyonèl swen sante. Chèche swen medikal si yon blesi ak pèl ki asosye avèk pèt sansasyon, pikotman, feblès, maladrès, oswa pwoblèm balans. Ou ta dwe chèche swen medikal tou si blesi a te rive pandan ou t ap tonbe oswa pandan yon lòt kalite chòk.
Ekip swen sante ou a ka ede ou santi ou pi byen epi anpeche blesi nan lavni. Opsyon yo ka gen ladan medikaman ak terapi fizik pou geri epi ranfòse do ou.