false

Tip piki ki kapab soulaje doulè nan atikilasyon

Yon jogèz ki genyen laj mwayen chita sou yon pis kous, ki kenbe jenou li paske li genyen doulè nan jenou li.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/2999772

Plis nou soumèt kò nou anba efò — kit se nan espò konpetitif, kit se tou senpleman paske n ap pran laj — se plis nou ka atann nou pou n gen doulè nan atikilasyon. Men, lè doulè nan atikilasyon anpeche w viv lavi w nòmalman, li lè pou w chèche yon lòt solisyon olye medikaman pou doulè ki vann san preskripsyon.

Piki nan atikilasyon yo ka yon lòt opsyon, daprè Joanne Borg Stein, MD, yon espesyalis nan medikaman fizik ak reyabilitasyon ak medikaman espòtif nan Mass General Brigham.

Ki sa piki kont atrit ak doulè nan atikilasyon yo ye?

Piki nan atikilasyon yo pèmèt yo mete yon varyete sibstans ki itil dirèkteman nan atikilasyon ou yo oswa nan ligaman ak tandon ki antoure yo. Yo ka diminye enflamasyon, soulaje doulè ou, epi yo ka gen potansyèl pou geri estrikti ki bay sipò yo.

“Piki pa ta dwe konsidere kòm tretman poukont yo, men pito kòm yon mwayen pou atenn yon objektif,” se sa Doktè Borg Stein di. “Ou dwe fè travay reyabilitasyon, sa vle di kineziterapi oswa ègoterapi, pou jwenn rezilta.”

Kit ou gen doulè nan yon sèl atikilasyon akoz yon blesi (oswa paske atikilasyon an fin ize ak tan), kit ou gen osteyoatrit nan plizyè atikilasyon, piki yo ka ede w. Piki yo ka apwopriye pou atikilasyon nan tout kò ou, tankou jenou, anch, zepòl, cheviy, atikilasyon sakwoyilyak (SI) ak atikilasyon fasèt ki nan kolòn vètebral la.

Ou dwe kòmanse ak baz repo ki apwopriye, egzèsis, ak nitrisyon. Si nou maksimize sante ou atravè lòt mwayen epi ou toujou gen doulè, lè sa a nou kòmanse reflechi sou piki.

Joanne Borg Stein, MD

  • Sports Medicine Specialist, Mass General Brigham

Kilè piki nan atikilasyon yo se yon opsyon?

“Ou dwe kòmanse ak bagay debaz yo: pran ase repo, fè egzèsis, epi byen manje,” se sa Doktè Borg Stein di. “Si nou deja fè tout sa nou kapab pou amelyore sante w pa lòt mwayen epi ou toujou gen doulè, lè sa a nou kòmanse reflechi sou piki.”

Desizyon pou pran yon piki nan atikilasyon kòmanse ak yon konvèsasyon reflechi epi onèt avèk doktè ou. Anpil fwa, asirans pa kouvri tretman chè sa a. Kouvèti asirans ka pa disponib paske kèk nan piki sa yo toujou nan faz eksperimantal epi FDA pa apwouve yo. Lè w ap peye ak pwòp lajan w, evalye tout opsyon w yo ansanm ak doktè w atravè priz desizyon ansanm.

“Nou chita epi nou pale avèk ou pandan yon bon ti tan,” se sa Doktè Borg Stein di. “Èske ou fin itilize lòt mwayen, sitou sa yo asirans ta kouvri yo? Èske li t ap pi bon pou ou si ou te fè operasyon? Ki sa w ap atann de gerizon ou?”

Kalite piki pou doulè nan atikilasyon

Doktè ou a ap rekòmande yon kalite piki ki baze sou bezwen ou yo. Piki ki disponib yo varye ant kotikostewoyid byen koni yo ak selil yo pran nan pwòp kò ou.

Piki kotizòn

Ou gen anpil chans pou ou resevwa yon piki kotizòn, yo rele tou piki estewoyid, kòm yon premye liy tretman. Piki kotizòn ede anpil pasyan diminye enflamasyon ak doulè anndan atikilasyon an byen vit, men gen kèk prekosyon pou w pran.

“Estewoyid yo ka yon ti jan toksik pou katilaj ki nan atikilasyon w lan, epi avèk tan, yo ka lakòz efè segondè nan tout kò w,” se sa Doktè Borg Stein di. “Mwen sere yo pou lè ou bezwen yon soulajman imedya. Si n ap itilize yo plizyè fwa alontèm, nou ta dwe jwenn yon lòt plan.”

Asirans sante souvan kouvri piki kotizòn. Si w gen yon ti blesi, soulajman an ka dire endefiniman. Men pou doulè kwonik (alontèm), w ap santi efè estewoyid la sèlman pandan anviwon 3 mwa.

Piki jèl nan jenou

Piki jèl yo fèt ak asid yalironik, yon sibstans epè ki imite likid ki nòmalman sèvi kòm kousen anndan atikilasyon w yo. Gen kèk plan asirans sante ki ka kouvri piki jèl, men sèlman pou jenou w (epi pafwa pou zepòl ou).

Piki jèl nan jenou mache byen pou pifò doulè nan jenou, sitou si w gen atrit ki lejè oswa modere. Efè yo jeneralman dire 6 a 12 mwa.

“Nou souvan itilize yon piki jèl si w te eseye lòt tretman tankou medikaman, egzèsis oswa piki estewoyid san siksè, men ou poko ka fè yon operasyon pou ranplase jenou,” se sa Doktè Borg Stein di.

Piki pwoloterapi

Piki pwoloterapi sèvi ak dlo ki gen anpil sik ladan l (dèkstwoz) pou soulaje doulè nan atikilasyon, ligaman ak tandon. Asirans sante raman kouvri piki sa yo. Yo ka ede diminye doulè osteyoatrit ak doulè blesi ki dire lontan nan tandon ak ligaman, tankou fouli nan cheviy.

“Gen prèv solid nan rechèch ki montre pwoloterapi ka ede moun ki gen atrit nan jenou ak doulè nan koud akoz tenis, an patikilye,” se sa Doktè Borg Stein di.

Òtobyolojik

Òtobyolojik yo, yo rele yo pafwa medsin rejeneratif, se yon nouvo kalite pwodui pou piki ki fèt ak pwòp san w oswa tisi w. Rechèch poko pwouve terapi sa a vrèman retabli tisi ki manke. Ajans Etazini ki kontwole manje ak medikaman (FDA) pa apwouve pwodui sa yo pou trete atrit oswa lòt pwoblèm nan atikilasyon. Men, kèk etid montre òtobyolojik yo ka ede tisi geri.

Anjeneral, asirans sante pa kouvri piki sa yo. Yo sèvi pou trete atikilasyon ki gen atrit ak pwoblèm tandon ki dire lontan prèske nenpòt kote nan kò w. “Atrit nan cheviy ou, anch, jenou, zepòl, koud, ponyèt,” se sa Doktè Borg Stein mansyone. “Doulè nan koud akoz tenis, pwoblèm tandon nan anch ou, nan misk dèyè kwis ou oswa nan tandon Achil ou—kèlkeswa kote a, nou ka bay piki a.”

Li ajoute piki òtobyolojik ka itil anpil pou doulè nan atikilasyon sakwoyilyak (SI) a. Jwenti SI a konekte basen w ak pati anba kolòn vètebral ou. Ligaman ki mare zo nan jwenti SI a fasil pou foule. Dapre eksperyans Borg Stein, tretman ak piki ki ede tisi refè ka bay trè bon rezilta.

Piki PRP ak terapi selilè

Òtobyolojik ki pi komen e yo plis etidye a rele plasma ki rich nan plakèt (PRP). Pou fè piki PRP, yo pran san w, separe plakèt yo, konsantre yo epi enjekte plizyè milya plakèt nan atikilasyon, ligaman oswa tandon w.

Gen kèk nouvo pwodui pou piki, yo rele terapi selilè, ki sèvi ak selil ak tisi yo pran nan pwòp kò ou, tankou mwèl zo oswa tisi gra. Yo pran selil yo, netwaye yo epi enjekte yo avèk anpil atansyon nan atikilasyon, ligaman oswa tandon w.

“Terapi selilè yo diminye enflamasyon ki dire lontan lakay anpil nan pasyan mwen yo. Rechèch montre yo ka ede tisi yo kòmanse geri avèk tan,” se sa Doktè Borg Stein di.

Sa pou w sonje sou piki nan atikilasyon

“Diferans ki genyen ant pifò nan tretman sa yo se tan,” se sa Doktè Borg Stein di. “Nan yon mwa, w ap santi w pi byen avèk yon esteroyid. Alontèm—6 mwa apre—mwen wè pasyan yo santi yo pi byen pandan plizyè mwa oswa plizyè ane gras ak plasma ki rich nan plakèt oswa proloterapi.”

Gen anpil fo piblisite ak reklam ki egzajere rezilta piki nan atikilasyon. Se poutèt sa, chèche yon doktè ou ka fè konfyans. Mande doktè ou sa rechèch la montre pou dyagnostik espesifik ou a ak konbyen tan soulajman doulè a ka dire. Chwazi kote w ap resevwa piki òtobyolojik yo avèk swen. Poze kesyon sou mezi sekirite doktè a oswa klinik la pran.

Pou fini, Doktè Borg Stein mete aksan sou enpòtans pou konsidere tout aspè yo. "Asire ou angaje kòm yon patnè aktif, tou de anvan ak aprè piki nan atikilasyon an. Mete tèt ou nan pi bon eta fizik ak mantal posib,” se sa li di. “Si w ap depanse lajan pou sa, fè tout sa w kapab pou pwosedi a ak reyabilitasyon w lan pote pi bon rezilta posib.”

primary
internal
Aprann sou sèvis Medsin Espò Mass General Brigham yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine