false

Sipò pou jenou pou moun ki gen atwoz

Doulè nan jenou ki soti nan atwoz
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3001737

Atwoz nan jenou ou ka fè aktivite w kanpe nèt. Tisi katilaj ki pèmèt jwenti jenou w glise san pwoblèm vin pi mens epi pi graj avèk letan akoz atwoz jenou.

Chanjman sa yo nan jwenti ou lakoz doulè ak santiman enstabilite. Ou ka jwenn yon sipò jenou pou atwoz ede w kontinye deplase, depi nan fè espò ou renmen yo rive nan fè randone.

Kilè ou ta dwe mete yon sipò jenou pou atwoz?

Lè pou w mete yon atwoz jenou se lè w ap fè aktivite ki nòmalman t ap fè jenou w fè mal, di David C. Thut, MD, yon chirijyen òtopedik ak espesyalis medsin espò nan Mass General Brigham ki pran swen pasyan nan Lopital Wentworth-Douglass. Ou pa ta dwe mete yon sipò jenou l w chita trankil oswa lè w ap dòmi.

Li fè remake tou ou pa oblije mete yon sipò jis paske ou gen atwoz nan jenou. Ou ta dwe mete youn sèlman si li diminye doulè nan jenou pandan aktivite epi li ede w deplase pi byen.

Eske sipò jenou ede ak atwoz?

Malgre sipò pa anpeche atwoz jenou vin pi mal, yo ka ede diminye doulè nan jenou ki gen rapò ak atwoz. Ou ka jwenn sipò yo konfòtab anpil pou ou, se sa Doktè Thut di, oswa ou ka jwenn yo pa ede anpil.

Ou dwe pran yon ti tan pou chèche konnen ki sipò jenou pou atwoz, si genyen, ki mache pou ou. Founiè swen sante w la ka ede w konprann ki kalite ki pi byen adapte ak bezwen w si w gen yon blesi nan jenou oswa yon lòt kondisyon nan jenou.

Kalite sipò jenou pou atwoz

An jeneral, sipò yo bay sipò pou jenou an nan ka atwoz epi yo ka diminye doulè nan jenou. Chak kalite sipò jenou pou atwoz travay nan diferan fason. Sipò yo ka aplike konpresyon (presyon) sou tisi mou w yo, estabilize jenou w, oswa redistribiye pwa w.

Manch konpresyon pou jenou ki gen atrit

Yon manch konpresyon se yon sipò elastik ki byen adapte sou jenou w. Sipò a sere zòn ki ozalantou jenou w la pou ede diminye anflamasyon epi ogmante konfò. Li ka ede w santi w pi estab tou lè li amelyore konsyans ou sou kote jenou w ye nan espas (propriyosepsyon).

Gen kèk manch konpresyon ki gen yon twou devan. Sa yo ka itil si w gen plis atrit nan jwenti wotil la (devan jenou w, yo rekont kòm patela), Doktè Thut eksplike. Yo ede mete wotil la byen aliyen nan ti fant kote li dwe chita a.

Gen kèk manch konpresyon ki gen gen yon twou devan. Fonksyon sa a pèmèt ou adapte nivo sere a ak fason sipò a chita selon bezwen ou, epi li ede anpeche sipò la desann oswa glise. Bon ajisteman an bay konpresyon san li pa santi l twò sere oswa lakòz anflamasyon anba jenou w.

Sipò jenou ak mekanis atache

Yon sipò jenou ak mekanis atache sanble ak yon manch konpresyon, men li gen tou yon mekanis kout sou youn oswa toude bò yo. Mekanism nan, ki ka fèt an kawotchou oswa an metal, deplase avèk pliye ak redresman jenou w.

Sipò ak mekanis atache bay yon ti konpresyon epi ede ak propriyosepsyon, men yo bay tou yon ti estabilite sou kote, se sa Doktè Thut di. Yo ka ede w santi w pi estab epi ede diminye doulè nan jenou akoz atwoz.

Sipò jenou dechaj (unloader)

Yon sipò jenou dechaj se yon sipòl ki pi long epi ki pi rijid ak gon. Se yon sipò jenou ki fèt sou mezi oswa semi-sou mezi ki soti nan yon espesyalis yo rele òtotis. Ou ka jwenn sipò dechaj estanda sou entènèt. Sepandan, Doktè Thut di yon ajisteman pèsonalize, tansyon, ak anviwònman gon asire sipò nan travay la kòrèkteman pou jenou w.

Sipò dechaj yo se sitou pou moun ki gen atwoz sou bò medyal (anndan) jenou an, se sa Doktè Thut di. Lè w gen atwoz medyal, sipò a ede fòse plis nan pwa w pou l pase sou bè lateral (deyò) jenou an epi mwens sou bò medyal ki chire a. Yon sipò dechaj ka ede tou ak atwoz sou bò deyò jenou w.

Doktè Thut rekòmande kalite sipò jenou sa a pou doulè grav sou bò anndan jenou w (jenou medyal la). Li mete aksan sou lefèt sipò jenou dechaj gen plis rechèch ak rezon ki sipòte itilizasyon yo.

Ki kalite sipò jenou ki pi bon pou atwoz?

Malerezman, pa gen yon repons ki bon pou tout moun. Pi bon sipò jenou pou atwoz depann de dyagnostik endividyèl ou ak kalite kò ou.

Ou ka fasilman (epi yon jan abòdab) jwenn sipò jenou konpresyon nan famasi, magazen dwòg, ak sou entènèt. Si w ap konsidere yon sipò ki pi chè epi ki pi konplèks, Doktè Thut rekòmande pou w pale ak founisè swen sante w an premye.

Bon sipò a ap soulaje doulè jenou ki gen sipò ak atwoz pandan aktivite epi li p ap glise desann lè w ap deplase. Li p ap irite po w tou oswa lakoz anflamasyon anba jenou w.

Yon sipò ta dwe yon bagay ou itilize anplis fè egzèsis fizyoterapi epi kenbe janm ou fò.

David C. Thut, MD

  • Chirijyen òtopedik
  • Mass General Brigham

Tretman konplè pou atwoz jenou

Pandan yon sip ka òbay jenou w sipò pou atwoz, li pa ranplase lòt tretman. Yon sipò jenou fè pati yon pwogram tretman konsèvatif pou atwoz, se sa Doktè Thut di.

Lòt bagay ki ede jere doulè jenou akoz atwoz yo enkli :

Anpil etid montre fizyoterapi se tretman ki pa chirijikal ki pi efikas pou atwoz, Doktè Thut soulinye. Yon sipò ta dwe yon bagay ou itilize anplis fè egzèsis fizyoterapi epi kenbe janm ou fò.

primary
internal
Aprann plis sou sèvis Medsin Espò Mass General Brigham yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine