Mache pou sante kè
Hicham Skali, MD, MSc
Mache se yon fason trè senp pou kenbe oswa amelyore sante kè w ak veso sangen w yo. Li gratis. Ou pa bezwen okenn konpetans oswa ekipman espesyal. Se youn nan fason ki pi an sekirite pou w rete aktif, epi li bay anpil lòt avantaj pou lespri w ak kò w.
“Mache te esansyèl pou sante ak siviv moun, depi lè moun te konn lachas ak ranmase manje rive nan travay nan jaden. Men, pandan 100 dènye ane yo, nou pase twòp tan chita. Sa lakòz plis ka maladi kè, estwòk, atak kè, tansyon wo oswa ipètansyon ak kolestewòl wo,” di Hicham Skali, MD, MSc, yon doktè kè nan Mass General Brigham ki trete pasyan nan Brigham and Women’s Hospital.
“Mache se youn nan bagay kò nou bezwen fè, epi li ka ede anpeche pwoblèm sante sa yo,” li ajoute. Sa fèt natirèlman, epi li enpòtan menm jan pou siviv kounye a jan li te ye sa gen 100 ane.”
Kijan mache bon pou kè w?
Men kijan mache regilyèman bon pou kè w ak veso sangen w yo:
- Bese kolestewòl
- Bese tansyon
- Diminye risk pou moun mouri anvan lè
- Amelyore sante atè w yo
- Anpeche pran pwa
Li gen anpil lòt benefis tou. Li kapab:
- Ba w plis enèji epi amelyore imè w
- Ede w panse pi klè
- Amelyore dòmi w
- Anpeche lòt maladi, tankou dyabèt, demans ak kèk kansè ak maladi enfektye
- Diminye enflamasyon nan tout kò a
- Diminye estrès
- Ranfòse zo
“Tout pwoblèm sante sa yo enfliyanse youn lòt. Pasyan ki gen obezite gen plis chans pou yo gen tansyon wo. Pasyan ki gen tansyon wo gen plis chans pou yo gen dyabèt, apne dòmi ak depresyon. Epi yo gen plis risk pou yo fè kansè oswa mouri anvan lè,” Doktè Skali di. “Mache amelyore tout pwoblèm sa yo, sa ki finalman mennen nan pi bon sante.”
Konbyen mwen bezwen mache?
Si w fèk kòmanse mache regilyèman, pale ak pwofesyonèl swen prensipal (PCP) ou, doktè kè ou, yon espesyalis nan egzèsis fizik oswa yon espesyalis nan terapi fizik. Yo ka ede w kreye yon “preskripsyon pou mache” pèsonalize ki pi byen satisfè bezwen ak kapasite w, Doktè Skali di. Plan w lan ka reponn kesyon tankou: Ki entansite ak ki vitès? Konbyen tan? Konbyen fwa?
An jeneral, Doktè Skali rekòmande pou w kòmanse ak ti mache ki pa twò entans. Apre sa, ogmante dire a ak vitès la piti piti sou tan. Finalman, vize pou w rive nan rekòmandasyon Asosyasyon Kè Ameriken an ki se omwen 150 minit egzèsis modere oswa 75 minit egzèsis entans pa semèn.
Enstiti Nasyonal Kè, Poumon ak San an gen yon egzanp pwogram mache sou 12 semèn pou ede moun piti piti rive nan 175 minit mache pa semèn. Ou kòmanse ak ti pwomnad senp 10 minit 4 jou pa semèn, ki gen ladan yon chofaj ak yon detant Ou ogmante tan ak vitès ou mache piti piti, jiskaske ou ka mache vit pandan 35 minit, 5 jou pa semèn.
Malgre nou tande anpil pale de fè 10,000 pa chak jou, Doktè Skali di ou pa oblije rive nan chif sa a pou jwenn benefis. “Nenpòt ti mache pi bon pase pa mache ditou. Si 10,000 pa se yon objektif ki twò difisil, ou ta ka panse li pa menm vo lapenn pou w eseye. Men etid yo montre ke menm avèk 4,000 pa, moun yo jwenn benefis,” li di.
“Nou pase tèlman tan chita devan òdinatè ak nan machin nou. Kounye a, ak plis moun k ap travay lakay yo, nou gen menm mwens chans pou nou mache toutbon. Chak ti kras konte.”
Hicham Skali, MD, MSc
- Cardiologist, Mass General Brigham
Konsèy pou fè plis pa
Li ka difisil pou jwenn tan pou w aktif, sitou pou moun ki gen orè chaje ak travay ki mande pou yo chita. Doktè Skali ankouraje moun chèche ti moman kote yo ka fè kèk pa anplis chak jou. Ti peryòd mache yo ka mete ansanm pou w rive nan objektif la.
“Nou pase tèlman tan chita devan òdinatè ak nan machin nou. Kounye a, ak plis moun k ap travay lakay yo, nou gen menm mwens chans pou nou mache toutbon. Chak ti kras konte,” Doktè Skali di.
Pake machin ou lwen magazen yo epi mache pou rive devan pòt la. Pran ti poz souvan nan biwo w pou w al nan twalèt. Si w nan yon bilding biwo, al nan twalèt ki nan etaj anwo oswa anba w la, epi asire w ou pran eskalye yo. Nan makèt la, eseye fè wout ki pi long la pou w rive nan seksyon ou bezwen an.
Eseye lòt konsèy sa yo pou ogmante mache w pou sante kè:
- Fè plizyè bagay an menm tan pandan w ap fè mache ki pi long yo. Ou ka pale ak yon zanmi nan telefòn oswa koute yon podkas pou tan an pase pi vit.
- Envite zanmi oswa kòlèg travay mache avè w chak jou oswa kòmanse yon gwoup mache.
- Mete yon revèy pou fè w sonje leve epi deplase plizyè fwa pandan jounen an.
- Mennen bèt kay ou mache—oswa mache ak bèt kay yon lòt moun.
- Pote yon aparèy pou konte pa oswa sèvi ak yon telefòn entèlijan oswa yon mont entèlijan pou swiv kantite pa w fè epi fikse objektif.
Mache pou moun ki gen yon pwoblèm kè
Doktè Skali fè konnen mache ka ede menm moun ki gen misk kè yo ki deja domaje. Epi fè egzèsis pap rann yon kondisyon kadyak vin pi mal, li ensiste. Pale ak doktè w sou fason pou mete an aplikasyon yon plan mache ki san danje, efikas, epi ki adapte ak bezwen w.
“Anpil moun panse ke si yo deja gen yon pwoblèm kè, domaj la fèt deja oswa li twò ta,” li di. Men, mache ka ede moun ki gen maladi kè deja nan plizyè fason. “Sa ka ranfòse misk kè a, soulaje sentòm yo avèk letan epi diminye risk pou moun mouri akòz pwoblèm kè ak veso sangen. Li pi bon pase nenpòt grenn medikaman ki egziste,” Doktè. Skali di.