false

Mezire tansyon lakay ou

Yon gason k ap mezire tansyon lakay li.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3011706

Tansyon se yon mezi enpòtan pou sante kadyovaskilè w. Tansyon wo mete kè w anba anpil estrès epi li domaje atè w yo ansanm ak lòt ògàn nan kò w. Li ogmante tou risk pou w devlope pwoblèm kadyovaskilè, tankou kriz kadyak, maladi kè, ak atak serebral.

Doktè Lola Ojutalayo, yon kadyològ entèvansyonis nan Mass General Brigham epi direktè medikal Laboratwa Kateterizasyon Kadyak ak Pwogram Reyabilitasyon Kadyak nan Lopital Salem, eksplike poukisa li enpòtan pou mezire tansyon w lakay ou ak fason pou w jwenn yon mezi ki egzat.

Poukisa mezire tansyon lakay ou?

“Lè nou wè pasyan yo nan kabinè a, pafwa tansyon yo wo akòz sa nou rele efè blouz blan,” Doktè Ojutalayo di. Efè blouz blan rive lè tansyon w monte akòz ou santi w nève oswa anba estrès pandan w nan kabinè founisè swen sante w la. Si ou gen yon lekti tansyon ki wo pandan randevou ou a, founisè swen sante ou a ka vle ou mezire tansyon ou lakay ou.

“Nou ka mande w kontwole tansyon w lakay ou pandan yon semèn pou detèmine si ou vrèman gen tansyon wo epi si ou bezwen tretman avèk medikaman oswa jesyon atravè chanjman nan fason w viv, Doktè Ojutalayo di.

Moun yo dyagnostike ak tansyon wo ka bezwen kontwole tansyon yo pou detèmine kijan tretman yo ap mache byen.

Kijan pou tcheke tansyon lakay ou

Pou mezire tansyon lakay ou, ou bezwen bon ekipman an. “Gen plizyè aparèy pou mezire tansyon ou ka itilize lakay ou,” Doktè Ojutalayo di. “Anjeneral, nou prefere aparèy ki vlope toutotou pati anlè bra a olye de sa yo ki mete sou avanbra a, paske yo pi egzat.” Li rekòmande pou chwazi yon aparèy lis aparèy tansyon valide Asosyasyon Medikal Ameriken an pou itilize lakay ou.

Sèten sibstans ak aktivite ka lakòz yon mezi tansyon ki pa egzat. Kidonk, pou omwen 30 minit anvan ou pran yon mezi tansyon, evite:

  • Alkòl
  • Kafein
  • Manje, sitou yon gwo repa
  • Egzèsis
  • Fimen

Yon mezi tansyon reprezante presyon anndan atè ou yo. Li gen ladan de nimewo:

  • Presyon sistolik: Premye nimewo a oswa nimewo ki anlè a nan lekti tansyon an. Sistolik se presyon kont mi atè ou yo lè kè ou bat.
  • Presyon dyastolik: Dezyèm nimewo a oswa nimewo ki anba a nan lekti a. Dyastolik se presyon san an ap egzèse sou mi atè yo lè kè w ap repoze ant chak batman kè.

Pou pran yon lekti tansyon lakay ou:

  1. Chita an silans pandan omwen 5 minit pou detann ou. Sa ede ou jwenn yon lekti egzat.
  2. Chita dwat ak tou de pye ou atè.
  3. Mete bra ou sou yon tab pou li detann epi li nan nivo kè ou.
  4. Mete manchèt aparèy tansyon an sou pati anlè bra ou.
  5. Swiv enstriksyon ki vini ak manchèt tansyon an pou pran yon mezi.
  6. Ekri nimewo tansyon ou yo (tou de sistolik ak dyastolik) oswa anrejistre yo sou telefòn ou.

Founisè swen sante w la ka vle w tcheke tansyon w yon fwa pa jou, plizyè fwa pa jou, oswa nan yon lè espesifik, tankou anvan ou pran medikaman pou tansyon. Ou ka bezwen note lè w te pran mezi a ansanm ak chif tansyon w yo pou chak mezi.

Konsèy pou jwenn yon mezi tansyon egzat

Pou jwenn yon mezi tansyon egzat, Doktè... Ojutalayo rekòmande:

  • Evite nenpòt bagay ki eksitan oswa estrès anvan w pran yon mezi.
  • Evite pale pandan w ap pran yon mezi.
  • Vide blad pipi w anvan w pran yon mezi.
  • Kenbe janm ou san kwaze epi pye w atè anvan ak pandan w ap pran mezi a.
  • Mete manchèt la sou po bra w olye w mete l sou rad.
  • Detann bra w ap itilize pou pran mezi a.
  • Chita avèk do w dwat.
  • Sèvi ak yon manchèt tansyon ki gen bon gwosè pou bra w.

Rele kadyològoswaounisè swen prensipal ou si w pa sèten kijan pou w pran mezi tansyon lakay ou. Kadyològ ou oswa founisè swen sante w la kapab reponn kesyon sou mezi tansyon w oswa medikaman w yo tou.

Sa pou w veye

Yon tansyon ki twò wo oswa ki twò ba ka danjere. Si sistolik ou pi ba pase 90 epi dyastolik ou pi ba pase 60, tansyon w twò ba. Yon tansyon ki twò ba ka bay enkyetid, sitou si w santi tèt ou lejè oswa si w santi vètij. “Si sa rive, ou dwe rele kadyològ si w gen youn, oswa founisè swen prensipal ou,”,Doktè Ojutalayo di.

Yon mezi tansyon ki trè wo, kote presyon sistolik la depase 180 epi presyon dyastolik la depase 120, yo rele sa yon kriz tansyon wo. Tansyon ki rive nan nivo kriz tansyon wo ka domaje sèvo w, kè w, je w, ak lòt ògàn nan kò w.

“Si ou gen yon mezi konsa, kontakte kadyològ ou oswa founisè swen prensipal ou imedyatman pou diskite sou pwochen etap yo,” Doktè Ojutalayo di. “Si w ap fè maltèt tou, si w gen doulè nan pwatrin, oswa si w souf kout, konsidere ale nan depatman ijans.

primary
internal
Aprann plis sou swen kè ak vaskilè
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular