Kijan pou Bese Tansyon Natirèlman
Tansyon wo an jeneral pa gen sentòm, men li vini ak gwo risk pou sante. Tretman ka gen ladan medikaman epi an jeneral li enplike tou itilizasyon fason natirèl pou bese tansyon.
Lola Ojutalayo, MD, yon kadyològ entèvansyonis nan Mass General Brigham epi direktè medikal Laboratwa Katetèrizasyon Kadyak ak Pwogram Reyabilitasyon Kadyak nan Lopital Salem, eksplike risk tansyon wo ak fason pou bese l natirèlman atravè chanjman nan fason w ap viv.
Poukisa tansyon wo pa bon pou sante
“Tansyon gen yon gwo enpak sou sante kadyovaskilè w an jeneral,” se sa Doktè Ojutalayo di. “Tansyon wo ogmante fòs san an ap egzèse pandan l ap sikile nan atè ou yo, sa ki ka mennen nan domaj ògàn yo.”
Tansyon wo (ipètansyon) ogmante risk ou yon fason siyifikatif pou:
- Kriz kè
- Ensifizans kadyak
- Konjesyon serebral
- Pèt vizyon
- Maladi ren
Li trè enpòtan pou mezire tansyon regilyèman epi pi souvan si w gen tansyon wo, se sa Doktè Ojutalayo di.
Èske w ka bese tansyon san medikaman?
Sèten chanjman nan fason w ap viv ka sètènman amelyore tansyon w,se sa Doktè Ojutalayo di. “Si w gen tansyon ki yon ti jan wo, objektif inisyal la se retounen nan yon nivo ki an sante avèk chanjman nan fason w ap viv anvan w eseye pran medikaman.”
Mezi tansyon yo gen ladan de chif:
- Sistolik (premye nimewo a oswa nimewo ki anwo a): Presyon kont sifas atè w yo lè kè w ap bat
- Dyastolik (dezyèm nimewo a oswa nimewo ki anba a): Presyon kont sifas atè w yo lè kè w ap detann ant chak batman kè
Lekti tansyon tipik yo tonbe nan kategori sa yo:
- Nòmal: Sistolik mwens pase 120, epi dyastolik mwens pase 80
- Yon ti kras wo: Sistolik ant 120 ak 129, epi dyastolik mwens pase 80
- Etap 1 tansyon wo: Sistolik ant 130 ak 139, epi dyastolik ant 80 ak 89
- Etap 2 tansyon wo: Sistolik 140 oswa plis, epi dyastolik 90 oswa plis
Kèlkeswa kategori tansyon wo ou ladan l — yon ti kras, etap 1, oswa etap 2 — chanjman nan fason w ap viv la esansyèl. Yo benefisye menm si w deja pran medikaman pou tansyon.
Gen kèk chanjman nan fason w ap viv ki kapab sètènman amelyore tansyon w. Si w gen yon tansyon ki yon ti kras wo, premye objektif la se retounen nan yon nivo ki an sante avèk chanjman nan fason w ap viv anvan w eseye pran medikaman.
Doktè Lola Ojutalayo, MD
- Kadyològ Entèvansyonèl, Mass General Brigham
Fason natirèl pou bese tansyon
Fè chanjman nan fason w ap viv kapab bese tansyon sistolik ou ant senk jiska dis pwen, se sa Doktè Ojutalayo di. Menm ti rediksyon sa a kapab elimine nesesite pou medikaman tansyon oswa bese dòz ou, sa depann de gravite maladi tansyon wo a.
Men rekòmandasyon Doktè Ojutalayo pou fason natirèl pou bese tansyon w:
Atenn yon pwa ki an sante
Si w poko nan yon pwa ki an sante, pèdi pwa kapab gen yon enpak pozitif sou tansyon w. Twòp pwa oswa obezite kapab ogmante tansyon akòz:
- Chanjman nan fason kò w jere likid anplis, ki kapab ogmante tansyon
- Twòp pwa, ki kreye presyon anplis sou ògàn ou yo ak veso sangen ou yo
- Plis veso sangen nan kò w
- Apne somèy, yon kondisyon ki deranje respirasyon w pandan w ap dòmi
Gen twòp pwa ogmante risk ou genyen pou fè apne somèy, ki kapab lakòz tansyon wo, se sa Doktè Ojutalayo di. “Lè w kenbe yon pwa ki an sante, sa pa sèlman diminye risk pou w fè apne somèy ak tansyon wo, men sa amelyore tou sante kadyovaskilè w an jeneral.”
Rediksyon sèl
Sodyòm, ki se yon eleman nan sèl, gen yon efè dirèk sou tansyon w. “Ogmantasyon sodyòm nan san an lakòz ou kenbe likid nan veso sangen w yo,” se sa Doktè Ojutalayo di. Plis volim likid nan veso w yo ogmante presyon ki ladan yo, sa ki mennen nan tansyon wo.
Rediksyon kantite sèl w ap manje pèmèt kò w kenbe yon kantite likid nòmal nan atè w yo. Doktè. Ojutalayo rekòmande moun ki gen tansyon wo pou yo limite kantite sodyòm yo konsome a pa plis pase 1,500 miligram chak jou. Etikèt manje yo montre kantite sodyòm ki nan yon pòsyon oswa yon pake manje, sa k ap ede w kontwole sa w ap manje.
Suiv yon rejim alimantè ki bon pou kè
Apwòch Dyetetik pou Sispann Tansyon wo (DASH) se yon fason pou manje ki benefik pou sante kadyovaskilè w — ki gen ladan tansyon w — epi ki pèmèt anpil fleksibilite nan sa w manje. Suiv DASH toujou pèmèt ou manje anpil manje ou renmen pandan w ap ede diminye tansyon w.
Plan DASH la rekòmande pou w manje sitou:
- Fwi ak legim
- Pwodui letye san grès oswa ki pa gen anpil grès
- Pwason ak bèt volay
- Grenn antye
- Pwa ak nwa
Plan DASH la rekòmande pou w limite:
- Vyann gra
- Pwodui letye ki gen tout grès
- Vyann wouj
- Sèl
- Bwason ak manje ki gen sik
- Luil twopikal tankou luil kokoye ak luil palmis
Fè egzèsis regilyèman
Egzèsis ka trè itil pou tansyon, epi li mache men nan men epi kenbe yon pwa ki an sante, se sa doktè Ojutalayo di. Li rekòmande pou w fè:
- Omwen 150 minit aktivite entansite modere pa semèn, oswa
- Omwen 75 minit aktivite gwo entansite pa semèn
Nivo entansite a depann de kondisyon fizik ou an jeneral. Pou kèk moun, mache se yon aktivite entansite modere oswa menm gwo entansite. Kèlkeswa nivo kondisyon fizik ou, mache bon anpil pou sante kè.
Sispann fimen epi redui oswa elimine alkòl
Fimen ak bwè alkòl yo chak ogmante risk ou genyen pou fè tansyon wo. Si w ap panse sispann fimen, founisè swen sante w la ka rekòmande resous pou ede w.
Sispann oswa redu alkòl diminye tou risk ou genyen pou fè tansyon wo. “Asosyasyon Kè Ameriken an rekòmande pa plis pase yon bwason ki gen alkòl pa jou pou fanm oswa de bwason pa jou pou gason,” se sa Doktè Ojutalayo di. Yon bwason se yon byè 12 ons oswa yon vè diven senk ons.
Diminye estrès
“Diminye estrès sètènman ede ak tansyon an,” se sa Doktè Ojutalayo di. Sa a se paske estrès ka ogmante tansyon ou ni nan moman an ni avèk tan an si ou gen estrès alontèm (kwonik).
Nenpòt kalite egzèsis ka diminye estrès. Meditasyon, egzèsis pou respire, ak lòt teknik detant ede tou ak estrès ak tansyon wo.
Èske ou ka itilize chanjman nan lavi pou sispann pran medikaman pou tansyon an?
“Ou ka sispann pran medikaman pou tansyon an pandan w ap itilize chanjman nan fason w ap viv, men sa depann de kòz la ak gravite twoub la.” “Sa ta dwe toujou diskite ak founisè swen sante ou,” se sa Doktè Ojutalayo di.
Nenpòt jan sa ye, chanjman nan fason w ap viv ki an sante ka benefisk pou tansyon an, amelyore sante kadyovaskilè ou, epi diminye risk ou genyen pou anpil maladi kwonik.