false

Alkòl ak Maladi Kè

Yon fanm chita sou yon kanape gri epi li poze tèt li sou yon men pandan l ap kenbe epi gade yon vè ki gen diven wouj ladan l.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3008124

Rechèch anvan yo te montre gen yon lyen ant bwè alkòl ak yon risk maladi kè ki pi ba, dapre American College of Cardiology, yon òganizasyon ameriken pou espesyalis maladi kè. Sepandan, syantifik yo pa t konprann rezon ki fè alkòl te ka gen efè pwoteksyon sa yo. Eksplikasyon posib yo genyen ladan yo akoz moun ki bwè youn oswa de bwason pa jou manje pi byen tou, oswa petèt yo fè egzèsis regilyèman. Faktè jenetik oswa faktè sosyal ak ekonomik ta ka jwe yon wòl tou.

Yon nouvo etid Mass General Brigham, yon rezo lopital, ede nou pi byen konprann lyen ant alkòl ak sante kè: Chèchè yo te jwenn ke bwè alkòl nan nivo lejè jiska modere asosye ak yon rediksyon alontèm nan siyal estrès nan sèvo a. Etid la, ki te pibliye nan Journal of the American College of Cardiology, yon jounal sou sante kè, te jwenn tou yon lyen ant mwens siyal estrès ak mwens kriz kadyak ak konjesyon serebral.

Men sa pa vle di ou ta dwe leve vè w pou sante kè w, dapre kadyològ Mass General Brigham Ahmed Tawakol, MD, youn nan otè prensipal atik la. Doktè Tawakol pran swen pasyan nan Massachusetts General Hospital. Li mete aksan sou alkòl ki gen efè negatif tou. Menm yon ti kantite alkòl ogmante risk kansè, epi pi gwo kantite ka afekte sante sèvo a yon fason negatif.

« Nouvo enfòmasyon sa a pote yon mesaj enpòtan: nou ta dwe sèvi ak lòt mwayen pou diminye siyal estrès nan sèvo a, san risk efè negatif alkòl ka genyen yo », se sa Doktè Tawakol di.

Èske bwè alkòl ka diminye risk maladi kè?

Chèchè yo te evalye done plis pase 50 000 pasyan nan Byobank Mass General Brigham, yon bank done pou rechèch sou sante. Gwo baz done sa a gen ladan l enfòmasyon sou jenetik, fason moun viv, ak anviwònman moun ki dakò patisipe yo. Chèchè yo ka itilize done yo pou pi byen konprann kijan faktè sa yo reyaji youn ak lòt epi afekte sante.

Etid la te jwenn moun ki te di yo te bwè ti kantite alkòl oswa yon kantite modere te gen mwens kriz kadyak ak konjesyon serebral alontèm. Sa te rete vre menm lè chèchè yo te pran an kont yon pakèt lòt faktè ki te ka jwe yon wòl, tankou lòt faktè ki gen rapò ak fason moun viv, faktè jenetik, faktè sosyoekonomik tankou revni ak nivo edikasyon, ansanm ak eta sante jeneral.

Apre sa, ekip rechèch la te etidye yon gwoup ki pi piti pami pasyan sa yo: 754 moun ki te gen imaj sèvo yo nan dosye yo tou. Lè ekip rechèch la te chèche aktivite estrès nan sèvo a, yo te jwenn konsomasyon alkòl avèk tan an diminye aktivite amigdal la. Ti estrikti sa a nan sèvo a jwe yon wòl nan emosyon, nan fason moun reyaji devan estrès, ak nan konpòtman.

Lyen sa a ant alkòl ak sante kè sanble pi fò toujou lakay moun ki gen anpil estrès. « Nou te jwenn konsomasyon alkòl te gen de fwa plis enpak sou diminisyon kriz kadyak pami moun ki gen yon antesedan anksyete », Doktè Tawakol di.

Lyen ki genyen ant alkòl ak sante a konplike. Te gen anpil etid ki montre efè negatif alkòl la. Kidonk, li pa ta dwe yon bagay moun chwazi sèlman nan objektif pou amelyore sante yo.

Ahmed A. Tawakol, MD

  • Cardiologist, Mass General Brigham

Kisa sa vle di lè yon moun bwè yon ti kantite alkòl oswa yon kantite modere?

Etazini. Depatman Sante ak Sèvis Imen (HHS) rekòmande pa plis pase yon bwason ki gen alkòl pa jou pou fanm, epi youn oswa de pa jou pou gason. Yo defini yon bwason kòm:

  • 12 ons byè
  • 4 ons diven
  • 1.5 ons bwason fò ki gen 40% alkòl

Sonje sa yo rele «yon bwason» ka pi piti pase sa ou panse. Li ka difisil tou pou evalye kantite alkòl ki nan yon bwason. Kit w ap vide yon vè diven lakay ou oswa w ap kòmande yon bwason nan yon restoran, konsomasyon alkòl ou ta ka pi wo pase sa ou ta panse. Yon kòktèl tankou yon margarita ka gen plizyè ons bwason fò ki gen plis alkòl.

Kijan pou amelyore sante kè a san alkòl

Doktè Tawakol espere etid la ankouraje moun yo konsantre sou fason ki an sante pou diminye siyal estrès yo nan sèvo a—pa nesesèman sou konsomasyon alkòl.

“Lyen ki genyen ant alkòl ak sante a konplike. Te gen anpil etid ki montre efè negatif alkòl la. Kidonk, li pa ta dwe yon bagay moun chwazi senpleman nan objektif pou amelyore sante yo,” se sa li di.

Bwè anpil alkòl ka ogmante risk pou ou gen plizyè pwoblèm sante, tankou:

Doktè Tawakol sijere lòt fason ki an sante pou diminye estrès ak amelyore sante kè:

  • Fè egzèsis pou konsantre sou moman prezan.
  • Fè egzèsis regilyèman.
  • Medite oswa pratike yoga.
  • Adopte bon abitid pou dòmi.
  • Pase tan ak zanmi ak fanmi, epi fè bagay ou renmen.
  • Eseye ekri nan jounal, kolorye, pase tan nan lanati, oswa koute mizik.

« Nou ta dwe fè plis efò pou diminye estrès lè nou chèche lòt fason », se sa li esplike. « Pa bwè alkòl sèlman pou amelyore sante ou. Men si ou bwè alkòl, eseye pa bwè twòp. »

primary
internal
Aprann plis sou swen kè ak swen vaskilè
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular