false

Kijan pou Prevni ak Trete Doulè nan Tibya

Kontribitè
Jon Mousette, ATC
Yon gason ki fè espò sitou nan wikenn kanpe antrènman li paske li gen doulè nan tibya.

Èske ou se youn nan anpil moun ki gen doulè nan tibya yo lè w fè egzèsis? Lè sa a, ou ka gen sa yo rele doulè nan tibya a.

“Si ou fè espò oswa ou aktif, ou genlè konnen yon moun ki te gen doulè akoz blesi sa a, oswa ou te gen doulè sa a ou menm,” se sa Jon Mousette di. Li se yon antrenè espò sètifye (ATC) nan Mass General Brigham, yon rezo lopital.

Mousette esplike kisa doulè nan tibya ye, kisa ki lakòz li ak kijan ou ka trete l oswa anpeche l alavni.

Kisa doulè nan tibya ye?

Non medikal doulè nan tibya se sendwòm estrès sou bò anndan tibya a. Se yon anflamasyon nan misk, tandon ak tisi zo ki toutotou tibya w.

Yo vin itilize tèm «doulè nan tibya» pi souvan pou dekri pwoblèm sa a. Doulè a parèt sou bò anndan zo devan janm ou, sa vle di tibya a. Doulè a anjeneral kòmanse tankou yon ti doulè ki fè w santi janm ou vin fatige. Si ou pa trete li, doulè a ka vin pi fò epi anpeche ou kontinye ak espò ou oswa aktivite w renmen.

Sentòm doulè nan tibya ka diferan selon moun nan. Doulè a ka mat oswa li ka byen file, tankou yon kout kouto. An jeneral, ou ka jwenn yon zòn ki sansib lè w manyen bò anndan pati anba tibya w.

Faktè risk pou doulè nan tibya

Men kèk bagay ki ogmante risk pou w gen doulè nan tibya:

  • Yon ogmantasyon toudenkou nan nivo entansite antrennman ou oswa espò ou
  • Twòp antrennman
  • Kouri, tankou kouri nan lanati, kit ou se yon debutan oswa yon kourè ki gen eksperyans
  • Kouri sou sifas ki di e ki plat, tankou beton oswa asfalt
  • Gen pye plat oswa vout pye ki wo
  • Fòmasyon militè

Anpeche doulè nan tibya

Li enpòtan pou pran mezi pou anpeche doulè nan tibya, pou janm ou ka kontinye fonksyone byen. Fè yon bon chofaj anvan ou fè egzèsis ka ede misk ou yo prepare pou aktivite fizik. An jeneral, detire misk ou epi pase yon woulo kim sou yo ka ede yo rete an sante.

Si prevansyon pa sifi, kèk mezi senp ka ede soulaje doulè nan tibya anvan doulè a vin pi grav. Mete soulye ki bon pou pye w se yon fason enpòtan pou anpeche blesi.

“Chanje soulye ou yo lè yo fin itilize, menm jan ou ta chanje kawotchou machin ou,” Mousette di. “Plis mil ou fè, se plis ou ka bezwen ranplase yo pi vit.” Epitou, asire w w ap mete bon soulye yo. Pa gen yon sèl kalite soulye ki bon pou tout moun. Li ka itil pou yon espesyalis ede w jwenn soulye ki byen chita nan pye w epi ki ba w sipò ou bezwen an.”

Men lòt konsèy pou anpeche doulè nan tibya:

  • Ajoute antrennman ak pwa nan pwogram ou an. Fòmasyon sa a ap ranfòse lòt zòn nan kò w epi l ap pèmèt ou pwoteje tèt ou kont blesi. Sonje, fòs pran tan. Konsantre sou misk ou yo epi kite kò w vin pi fò ka ede anpeche blesi alavni.
  • Ogmante nivo aktivite w gradyèlman selon kapasite kò w. Si w abitye kouri 2 mil nan yon sèl fwa, kò w pa pare pou kouri yon maraton nan demen. Chaje twòp kò w ka afekte janm ou. Si tibya w yo kòmanse fè mal epi yo fatige, kite yo repoze.
  • Chanje aktivite w tanporèman. Sa pèmèt ou vin pi fò, men sa ka diminye chaj la sou janm ou ki fatige. Monte bisiklèt, naje ak sèvi ak yon machin pou fè egzèsis ki fè pye w glise ka ede w varye antrennman w pandan kò w ap geri.
  • RICE (Repo, Glas, Peze zòn nan ak Leve janm yo). Repoze, mete glas, vlope janm ou ak yon bandaj ki peze l epi leve janm ou ka ede soulaje doulè nan tibya epi anpeche l kontinye.

Ekip tretman w lan ap ede w elimine blese ki pi grav, tankou yon frakti estrès oswa lòt kondisyon medikal. Finalman, [antrenè atletik ou a] la pou ede w epi ede w retounen nan jwèt la.

Jon Mousette, ATC

  • Athletic Trainer, Mass General Brigham

Trete doulè nan tibya

  • Tretman ak frèt. Itilizasyon glas, yo rele l tou kriyoterapi, ka ede diminye doulè ki asosye ak doulè nan tibya. Lè w ap sèvi ak glas, asire w suiv règ 20/20: mete glas la sou zòn nan pandan 20 minit, retire l epi tann omwen 20 minit avan w kontinye. Lè w fè sa, janm ou chofe, epi sikilasyon san an refè, sa ede gerizon vin pi efikas. Anplis sa, ajoute egzèsis pou amelyore mobilite nan peryòd ant chak fwa w mete glas la ap pèmèt misk ou yo travay pi byen.
  • Leve janm ou pi wo pase nivo kè w. Pandan janm ou anlè, sèvi ak zòtèy ou pou fè sèk nan lè a, kòmanse ak ti sèk epi fè yo vin pi gwo. Ou ka "trase" lèt alfabè a tou oswa eple non w nan lè a. Gravite a pèmèt nenpòt anflamasyon nan janm ou diminye epi deplase soti nan zòn nan. Lè anfle a diminye, sa ka ede diminye doulè a tou.
  • Medikaman kont doulè ak anflamasyon ki pa gen esteroyid (NSAID). Itilizasyon medikaman NSAID (dwòg anti-enflamatwa ki pa esteroyid), tankou Ibuprofen oswa Advil, ap ede tou diminye doulè ak enflamasyon an jeneral. Suiv enstriksyon ki sou dèyè boutèy medikaman an epi pran medikaman yo chak kèk èdtan jan yo mande w la. Sa ka ede amelyore sentòm ou yo epi pèmèt ou retounen dousman nan aktivite w yo alavni. Mande doktè w si w gen yon lòt pwoblèm sante ki ta anpeche w pran medikaman sa yo.

Ou ka eseye tretman sa yo lakay ou. Men, si sentòm yo pa disparèt, li ka lè pou w chèche èd nan men yon pwofesyonèl sante.

Kilè li lè pou chèche swen medikal pou doulè nan tibya?

Si w te eseye trete doulè nan tibya lakay ou san okenn amelyorasyon, li ka yon bon moman pou kontakte ekip swen sante w.

Si ou se yon jèn atlèt oswa yon atlèt nan inivèsite, ou ka kòmanse ak yon antrenè espò nan lekòl ou. Moun sa a ka egzamine siy ak sentòm ou yo epi ede w chwazi yon tretman. Moun sa a ka konseye w kontakte pwofesyonèl sante ki ba ou swen prensipal (PCP) oswa yon pwofesyonèl sante ki trete zo ak jwenti. Li ka konseye w fè terapi fizik tou. Yo ka rekòmande plantil òtopedik, epi fè yon analiz detaye sou fason w ap mache oswa kouri pou bay konsèy.

“Ekip k ap trete w la ap ede w konnen si w gen yon blesi ki pi grav, tankou yon zo ki kase akoz twòp presyon sou li oswa yon lòt pwoblèm sante,” Mousette di. “Finalman, yo tout la pou ede w epi ede w retounen nan jwèt la.”

primary
internal
Aprann plis sou sèvis Medsin Espò Mass General Brigham yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine