Blese ki gen rapò ak patinaj sou glas: Kijan ou kapab rete an sekirite sou glas la
Patinaj sou glas se yon bon fason pou rete aktif, ranfòse janm ou, amelyore ekilib ou epi pran plezi ak zanmi ou. Sepandan, blese ki gen rapò ak patinaj komen epi yo ka varye soti nan ti doulè jiska blese ki grav anpil. Li enpòtan pou konsantre sou sekirite—kit ou gen eksperyans nan patinaj atistik oswa nan jwe hokey, oswa Jwèt Olenpik 2026 yo enspire w fè kèk tou sou yon pist patinaj oswa yon letan.
Gen kèk blese ki se move chans, epi aksidan rive, men anpil aksidan patinaj sou glas ka evite. Gen etap patinè yo, paran yo, antrenè yo, preparatè fizik yo ak lòt moun ka pran pou anpeche blese, se sa Giovanna Medina, MD, MSC, PhD, yon espesyalis medsin espòtif nan Mass General Brigham eksplike.
Doktè. Medina se yon chirijyen medsin espòtif òtopedik pedyatrik ki pran swen pasyan nan Massachusetts General Hospital, Newton-Wellesley Hospital, ak Mass General Brigham Health Care Center nan Foxborough. Li se doktè ekip tou pou plizyè ekip lekòl segondè ak inivèsite nan zòn nan, tankou ekip hokey sou glas pou gason ak pou fi.
Blese komen nan patinaj
Blese ki pi komen nan patinaj sou glas yo se:
- Zo kase, sitou nan cheviy, ponyèt ak zo klavikil la (klavikil, oswa jwenti AC)
- Mak ble ak koupe apre moun tonbe oswa lè yo pran kou ak rondèl, lam paten ak lòt patinè
- Chòk nan sèvo ak blesi nan tèt
- Ligaman chire ak antòs, pa egzanp nan cheviy, jenou ak ponyèt
- Blesi akoz twòp patinaj, tankou anflamasyon ak blesi nan zo akoz mouvman ki repete nan pye ak cheviy
- Blesi nan zepòl, tankou zepòl debwate ak blesi nan misk ak tandon ki antoure zepòl la
- Blesi nan po, tankou iritasyon akòz ekipman ki pa byen ajiste
Konsèy pou sekirite nan patinaj sou glas
Doktè. Medina ofri konsèy sou kijan pou w patine sou glas an sekirite. Li ankouraje pasyan yo pou yo pran pifò konsèy sa yo an konsiderasyon anvan yo monte sou glas la.
Mete paten pou glas ki byen ajiste nan pye w.
Anpil blesi rive lè moun mete paten ki pa byen chita nan pye yo. Paten ki twò gwo pa bay ase sipò pou cheviy la, sa ki ogmante risk pou w fè antòs cheviy. "Epi san estabilite cheviy, ou p ap kapab kenbe bon ekilib, sa ki ogmante risk pou tonbe," se sa Doktè Medina eksplike. Si paten w yo twò sere, ou ka gen zanpoul oswa iritasyon sou po devan cheviy ou lè lasèt yo peze l.
Doktè. Medina rekòmande pou ou asire paten ou yo se mezi pye ou. Si w fèk kòmanse yon espò patinaj, konsidere lwe paten pou w pi byen konprann sa ki pi bon pou ou. Eseye paten yo ak chosèt ou pral mete pou patine yo. Diferan chosèt ka chanje fason paten yo chita nan pye w.
Yon magazen ki vann paten oswa yon kote yo lwe paten ka ede w jwenn kalite ak gwosè paten ki bon pou ou. Eseye plizyè paten diferan anvan w deside kiyès pou w mete. Pye ou ta dwe byen sere nan bòt paten an — pi sere pase yon soulye, men san li pa fè w mal. Pa dwe gen okenn espas anplis, sitou nan cheviy la ak nan talon an.
Lase paten w yo rive jis anwo nèt — pi wo pase cheviy la — pou yo soutni pye w pi byen. Li enpòtan tou pou gen lam ki an bon eta, se sa li ajoute. Lam ki pa file pa glise byen epi yo ka kwense nan defo ki sou glas la, sa ki ogmante risk pou moun tonbe.
Mete ekipman sekirite ki adapte ak patinaj sou glas la.
Moun ki patisipe nan espò konpetitif sou glas oblije itilize sèten kalite ekipman sekirite ki adapte ak patinaj sou glas. Men Doktè Medina ankouraje tout patinè yo mete ekipman pwoteksyon lè y ap patine sou glas, menm lè se pou plezi. “Plis ou manke eksperyans, se plis chans ou genyen pou w tonbe. Se poutèt sa, mete plis ekipman pwoteksyon,” li ajoute.
Li rekòmande pou mete:
- Pwoteksyon pou koud ak jenou pou ede anpeche blesi grav tankou zo kase
- Pwoteksyon pou tèt pandan w ap patine sou glas, sa enkli yon kas ak yon pwoteksyon pou dan
- Pwoteksyon pou kou ak lòt moso ki pwoteje kont koupe lam paten yo ka fè
- Chosèt ki gen kousen epi ki monte omwen rive nan tèt paten w yo pou pwoteje cheviy ou kont fwotman
- Rad cho pou pwoteje kont jele po akòz fredi
Gen kèk moun, sitou timoun, ki ka pa vle mete ekipman sekirite, Doktè. Medina di. Eseye motive yo nan eksplike yo konsekans posib yo.
"Blesi sa yo ka grav. Yo ka pran anpil tan pou geri epi kenbe ou lwen espò ak lòt aktivite," se sa li di. "Plis ou pratike espò ou avèk prekosyon, se mwens chans ou genyen pou ou sibi blesi sa yo."
Fè diferan kalite egzèsis pou amelyore kondisyon fizik ou an jeneral.
Sekirite sou glas la kòmanse sou tè a, avèk yon bon kondisyon fizik an jeneral. Pou patinè yo, Doktè Medina rekòmande pou plan egzèsis yo konsantre sou ekilib pandan mouvman, fòs nan misk ki nan mitan kò a ak leve pwa.
Ekilib dinamik se kapasite pou ou rete kanpe epi estab pandan w ap fè mouvman. Egzanp yo gen ladan yo kanpe sou yon pye sou yon planch ekilib, sou yon tranpolin, sou yon boul bosou, oswa sou yon pad mou. Ekilib bay patinè yo plizyè avantaj, sitou li ede yo evite tonbe epi li fè tonbe yo mwens grav.
Misk nan mitan kò a ki fò ede tou pou kenbe ekilib epi evite tonbe. Doktè. Medina rekòmande pou kenbe pozisyon planch ak planch sou kote a lontan posib, pou w ka ogmante andirans ou piti piti. Leve pwa de oswa twa fwa chak semèn bati misk tou epi fè ou vin pi fò. Sa ka ede kò ou absòbe enpak lè ou tonbe, se sa Doktè Medina eksplike. Fòs jeneral enpòtan, men li ankouraje patinè yo pou yo bay misk nan kou, nan tòs ak nan do yon atansyon espesyal.
Doktè. Medina mete aksan tou sou lefèt ke dòmi, nitrisyon ak idratasyon esansyèl pou kenbe kò w an sekirite pandan w ap fè egzèsis. Aprann konbyen pwoteyin ou bezwen si w ap fè egzèsis.
Pou jèn atlèt yo, nou jeneralman rekòmande pou kantite èdtan yo pase nan espò chak semèn pa depase laj yo. Kidonk, si w gen 12 lane, tan total w ap fè espò pa ta dwe plis pase 12 èdtan chak semèn.
Giovanna Medina, MD, MSC, PhD
- Sports Medicine Specialist, Mass General Brigham
Fè egzèsis pou chofe kò w anvan ou kòmanse patine.
Lè w chofe kò w byen anvan ou fè egzèsis, tanperati kò w monte epi ou ka bouje pi fasil. Detire amelyore fleksibilite tou epi li soulaje tansyon nan atikilasyon ak nan misk yo. Fleksibilite ka amelyore pèfòmans ou epi li ka anpeche blese. An reyalite, Doktè Medina di li bon pou patinè yo detire kò yo chak jou, pa sèlman anvan yo patine sou glas.
Kòmanse fè egzèsis pou chofe kò w sou tè epi fini yo sou glas la. Yon bon echofman ta dwe espesifik pou espò a, se sa Doktè Medina di, imite mouvman ou itilize pou yon aktivite patikilye. Patinè yo ka fè gwo pa devan ak sou kote, pratike kenbe ekilib pandan yo bouje epi sote soti sou yon janm ale sou lòt la.
Limite tan w sou glas la.
Pase twòp tan ap fè yon sèl aktivite ka lakòz blesi akoz twòp itilizasyon (yo rele yo tou blesi akoz estrès repetitif). Patinè ki patine twò souvan riske blese akoz twòp itilizasyon, sitou nan cheviy ak nan pye yo, se sa Doktè. Medina di.
“Pou jèn atlèt yo, anjeneral nou rekòmande pou kantite èdtan w ap pase nan espò chak semèn pa depase laj ou. Donk si ou gen 12 an, tan total ou pase ap fè espò pa ta dwe plis pase 12 èdtan chak semèn,” se sa li di. “Si ou pratike oswa jwe yon espò twòp, oswa si ou ogmante kantite tan ou pase ap fè l twò vit, kò w p ap gen ase tan pou l adapte l, epi sa ogmante risk pou blesi akoz twòp itilizasyon.”
Aprann kijan pou evite blesi akoz twòp itilizasyon ak kilè pou chèche tretman pou doulè ou santi lè w fè egzèsis.
Verifye kondisyon sifas glas la.
Anvan ou glise sou glas la, verifye sifas la pou asire w li san danje. Glas la ta dwe lis, san twou, bòs, oswa kote ki pa regilye. Yon sifas ki graj gen anpil chans pou kenbe lam paten ou yo epi lakoz ou tonbe. Pou sifas glas ki deyò, asire w glas la ase epè pou l pa kase anba pye w.
Aprann kijan pou tonbe ak kijan pou leve.
Doktè. Medina di yon pati nan aprann patine an sekirite se aprann tonbe epi leve. Pratike fason pou w tonbe epi leve ka ede w evite blesi.
Men kèk konsèy li bay pou ede w si w tonbe pandan w ap patine sou glas:
- Kenbe jwenti w yo yon ti kras pliye pandan w ap tonbe (pa egzanp, kenbe koud ou yo yon ti kras pliye olye w kenbe yo rèd nèt dwat).
- Eseye tonbe sou dèyè w olye w tonbe sou devan.
- Si w tonbe pa dèyè, bese manton w yon ti kras nan direksyon pwatrin ou pou anpeche tèt ou frape glas la.
- Pa janm avanse ak tèt ou devan lè w ap deplase nan direksyon yon lòt patinè oswa baryè ki antoure glas la.
Apre yon chit, leve kanpe vit epi deplase san pèdi tan. Ou pa vle rete kouche sou glas la pandan lòt patinè yo ap pase bò kote w. Ou ka fwape nan yon kolizyon oswa yon lam nan men ou," Doktè Medina di.
“Pratike leve kanpe epi soti nan chemen an rapidman. Si w tonbe sou do w, woule sou kote w. Apre sa, mete ajenou sou yon jenou epi kanpe. Patine touswit pou w an sekirite.”
Ki kote mwen ka jwenn swen pou yon blesi ki fèt pandan m ap patine?
Si w blese pandan w ap patine, jwenn swen menm jou a nan Mass General Brigham Orthopedics Walk-In, yon sant swen pou zo ak jwenti ki resevwa moun san randevou nan Wellesley, MA.
Ou pa bezwen randevou pou vini. Sant lan ouvri 7 jou chak semèn epi li ofri lè travay pwolonje. Ou ka vini yon samdi maten apre w fin patine ak zanmi w oswa pi ta nan aswè apre yon antrennman hokey.