false

Mit ak reyalite sou krèm pwoteksyon kont solèy

Kontribitè
Charles Yoon, MD, PhD
Imaj yon fanm aje sou bisiklèt ki pran yon poz pou li chita atè a epi k ap mete krèm pwoteksyon kont solèy sou li, deyò a.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/2999819

Kansè po se kansè moun genyen pi souvan Ozetazini. Li afekte jiska 1 sou 5 Ameriken, dapre estatistik American Academy of Dermatology, yon òganizasyon ameriken ki espesyalize nan maladi po.

Ekspozisyon nan solèy se pi gwo faktè risk pou kansè po moun ka evite. Poutan, anpil Ameriken pa pran prekosyon ki nesesè pou pwoteje po yo.

“Kansè po se yon kansè grav ki ka touye moun,” se sa Charles Yoon, MD, PhD, yon espesyalis nan operasyon kansè nan lopital Brigham and Women’s Hospital, di. "Anpil kalite kansè po agresif menm jan ak kansè nan kolon ak nan rektòm, kansè nan tete, oswa kansè nan poumon."

Sa ki pa vre sou krèm pwoteksyon kont solèy

Benefis krèm pwoteksyon kont solèy pou anpeche kansè po byen dokimante, jan yo rapòte sa nan Canadian Medical Association Journal, yon jounal medikal kanadyen. Poutan, gen moun ki toujou doute enpòtans krèm nan. An pati, se paske anpil moun gen move lide sa yo:

Mit: Solèy la p ap domaje po ou si ou mete krèm pwoteksyon kont solèy ankò chak kèk èdtan.

Ou petèt tande yo di ou ta dwe mete krèm pwoteksyon kont solèy ankò chak kèk èdtan lè w ap pase tan deyò. Sa anpil moun pa konprann, sepandan, se ke krèm pwoteksyon kont solèy jis retade vitès domaj solèy la pral fè a. Mete krèm nan ankò chak kèk èdtan pa ase pou fè risk ou a rive nan zewo.

Doktè. Yoon sèvi ak egzanp yon gan pou pran bagay cho nan fou pou eksplike kijan pou mete krèm pwoteksyon kont solèy. Pote yon gan fou ofri yon kouch pwoteksyon siplemantè pou ou pa boule men ou lè ou ranmase yon chodyè cho. Men, si ou kenbe chodyè cho a pandan inèdtan, chalè a ap fini pa pase nan gan fou a epi boule men ou.

Mete krèm pwoteksyon kont solèy sou ou ankò apre inèdtan se tankou chanje pou mete yon nouvo gan pou pran bagay cho nan fou. Li ka retade tan li pran pou boule, men li pa anpeche domaj nèt. Li pa defèt tou èdtan domaj ki deja rive. Pou yon pwoteksyon tout bon vre, menm avèk krèm pwoteksyon solèy, ou toujou bezwen limite tan total ou pase nan solèy la.

Mit: Ou pa bezwen mete krèm pwoteksyon kont solèy ki reziste ak dlo sou ou ankò apre ou fin naje oswa swe.

Ou ka panse krèm pwoteksyon solèy "ki reziste ak dlo" vle di ou ka naje oswa swe san okenn risk. Men, dapre , Administrasyon Manje ak Medikaman (FDA), ajans ameriken ki kontwole manje ak medikaman, pa gen krèm pwoteksyon kont solèy dlo pa ka retire ditou.

Krèm pwoteksyon kont solèy yo vann kòm krèm “dlo pa ka retire” yo sèlman reziste ak dlo. Yo ka dire pi lontan nan dlo pase lòt krèm pwoteksyon solèy, men yo toujou lave ale alafen. Ou bezwen mete krèm pwoteksyon kont solèy la ankò pi souvan lè ou swe oswa naje.

Mit: Ou pa bezwen krèm pwoteksyon kont solèy nan yon jou ki gen nwaj oswa pandan sezon fredi.

Gen kèk moun ki panse yo p ap sibi domaj solèy si yo pa ka wè solèy la, tankou pandan yon jou lapli oswa yon jou ivè ki gri. Men nwaj yo jeneralman bay ti pwoteksyon kont solèy la.

Solèy la domaje po ou paske li bay radyasyon iltravyolèt (UV), espesyalman reyon UVA ak UVB. Endèks UV a evalye entansite reyon sa yo nan yon moman byen presi. Endis UV ki pi wo yo asosye ak yon pi gwo risk pou boule. Yo konsidere yon endis UV 6 oswa 7 kòm yon gwo risk pou sibi domaj solèy la.

“Menm avèk kouvèti nwaj, endis UV a souvan depase 6 oswa 7,” eksplike Doktè Yoon di. “Ou t ap bezwen yon siklòn oswa yon lòt gwo tanpèt pou kouvèti nwaj yo bay vrè pwoteksyon — epi ou petèt pa ta vle sòti deyò pandan yon tanpèt konsa.”

Imaj yon manman k ap mete krèm pwoteksyon kont solèy sou figi pitit li nan sezon ivè

Aplike krèm pwoteksyon kont solèy pandan mwa ivè yo pou pwoteje po ou.

Mit: Lè po ou vin pi fonse anba solèy la, sa pi bon pase lè li boule.

Ou ka kwè ke sèl domaj solèy ki merite enkyetid se yon gwo boule. Men, doktè Yoon di: “Lè po a vin pi fonse anba solèy la, sa se yon boule. Tou de se siy domaj selilè sou po ou.”

Lè ou pase tan nan solèy la, selil po ou yo vin domaje. Domaj la ka sanble ak yon boule, oswa li ka sanble ak yon ti bronze. Chanjman sa yo ka vin pèmanan apre sèlman 15 a 20 minit, sa ki ogmante risk pou ou gen kansè po.

Mit: Ou pa bezwen krèm pwoteksyon kont solèy si ou gen po pi fonse.

“Si nou reflechi sou fason popilasyon yo evolye, moun gen diferan koulè po selon latitid kote yo te viv,” eksplike Doktè Yoon eksplike. “Moun ki te viv pi pre ekwatè a, kote ekspozisyon ak reyon UV pi entans, gen plis melanin nan po yo.”

Melanin se sibstans natirèl ki bay po ou koulè. Li ede pwoteje po ou kont domaj solèy la.

Sepandan, pwoteksyon melanin bay la limite. Li toujou enpòtan pou mete krèm pwoteksyon kont solèy pou evite domaj sou po.

Yon fanm k ap mete krèm pwoteksyon kont solèy sou yon tifi sou plaj la.

Li enpòtan pou aplike krèm pwoteksyon kont solèy menm si ou gen po pi fonse.

Reyalite: Krèm pwoteksyon kont solèy diminye pwodiksyon vitamin D.

Se vre ke krèm pwoteksyon kont solèy diminye efikasite pwodiksyon vitamin D. Sa a se paske kò nou fè vitamin D atravè ekspozisyon UV. Vitamin D se yon eleman nitritif enpòtan ki ede kò ou absòbe kalsyòm pou kenbe zo ou an sante epi fò.

Mete krèm pwoteksyon kont solèy oswa gen po ki pi fonse fè kò ou pwodui vitamin D apati ekspozisyon ak solèy la mwens efikasman. Erezman, nou gen sipleman vitamin D pou konble nenpòt mank vitamin D.

Kansè po fasil trete lè yo detekte l bonè. Ekip nou an ajil nan adopte nouvo estanda swen paske nou patisipe dirèkteman nan kreye yo.

Charles Yoon, MD, PhD

  • Surgical Oncologist, Brigham and Women’s Hospital

Prevansyon ak tretman kansè po

Mete krèm pwoteksyon kont solèy chak jou ka diminye risk pou ou gen kansè po, tankou melanòm ak kansè nan selil plat po a. Anplis de sa, gen anpil lòt mezi ou ka pran:

  • Evite ekspoze nan solèy lè endis UV a pi wo, anjeneral ant 10 AM ak 4 PM.
  • Chwazi yon krèm pwoteksyon kont solèy ki gen yon SPF 50 oswa plis epi sonje li disparèt pi vit lè ou swe.
  • Limite ekspoze dirèk a 1 èdtan oswa mwens lè endèks UV a wo, menm lè w ap itilize krèm pwoteksyon kont solèy.
  • Pale ak doktè ou nan yon faz prekòs si ou remake nenpòt chanjman nan po ou.
  • Vizite yon espesyalis nan maladi po chak ane pou fè tcheke po ou.

“Yo ka trete kansè po avèk anpil siksè lè yo detekte l nan yon faz prekòs,” di Doktè. Yoon di. Pasyan nan Mass General Brigham gen aksè a tretman pou kansè po ki pi resan yo, sa ki gen ladan atravè esè klinik. “Ekip nou an adapte l byen vit ak nouvo estanda swen yo paske nou patisipe dirèkteman nan kreye yo.”

primary
internal
Aprann plis sou siy kansè po a
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/signs-skin-cancer