Poukisa Kansè Kolorektal ap ogmante lakay jèn adilt yo?
Ensidans kansè kolorektal ki parèt kay jèn yo ogmante globalman. Yon rapò Sosyete Ameriken pou Kansè 2024 konfime kansè kolorektal pou kounye a se prensipal kòz lanmò akoz kansè lakay gason ki gen mwens pase 50 lane Ozetazini. Li se dezyèm kansè tou ki pi mòtèl lakay fanm nan menm gwoup laj sa a, dèyè kansè nan tete.
Aparna Parikh, MD, direktè medikal Sant pou Kansè Kolorektal kay Jèn Adilt nan Enstiti Kansè Mass General Brigham dekri sa ki ka lakòz ogmantasyon sa a. Li revize faktè risk kouran yo, direktiv tès depistaj aktyèl yo, epi li ofri konsèy pou prevansyon.
Kansè kolorektal se yon maladi ki ka prevni nan yon gwo mezi epi, nan pifò ka yo, li ka geri, sitou si yo detekte l bonè, se sa doktè Parikh di.
Kisa kansè kolorektal ye?
Kansè kolorektal enplike selil malfezan ki grandi nan kolon an oswa nan rektòm nan, se sa doktè Parikh eksplike. Kansè kolorektal souvan kòmanse kòm polip (kwasans bening). Polip yo pa kansè, men yo ka tounen kansè avèk letan.
Kolon ou ak rektòm ou fè pati sistèm dijestif ou:
- Kolon an se premye pati ak pati ki pi long nan gwo trip ou. Li absòbe dlo ak kèk eleman nitritif ki soti nan manje yo. Li chanje pwodui dechè ki rete yo tou an twalèt (poupou).
- Rektòm nan se pati ki pi ba nan gwo trip ou. Se la kò w estoke poupou.
Sa a se yon zòn rechèch aktif pou konnen poukisa tandans sa a ap rive lakay pasyan ki pi jèn yo. Gen anpil ipotèz konsènan alimantasyon ak ekspozisyon anviwònmantal pandan moun nan te timoun piti, ansanm ak chanjman nan pwa, pou site sa yo.
Aparna Parikh, MD
- Direktè Medikal Sant pou Kansè Kolorektal Jèn Adilt
- Mass General Brigham Cancer Institute
Kisa ki lakòz kansè kolorektal?
Kansè kolorektal rive lè gen chanjman, yo rele mitasyon, nan materyèl jenetik ou (ADN). Doktè yo souvan pa konnen kòz egzat chanjman jenetik ki mennen nan kansè kolorektal la. Men kèk nan chanjman jenetik ki ogmante risk ou genyen pou w fè kansè kolorektal yo soti nan fanmi yo. Yo eritye yo, sa vle di ou fèt avèk yo.
Moun nwa gen yon risk ki ogmante pou yo fè kansè kolorektal ak mouri akoz kansè kolorektal konpare ak lòt ras yo. Fason w ap viv ak anviwònman w kapab afekte risk ou pou w fè kansè kolorektal tou.
Poukisa plis jèn adilt ap gen kansè kolorektal?
Risk ou genyen pou w pran kansè kolorektal ogmante amezi w ap pran laj. Men, gen pi plis jèn adilt k ap devlope kansè kolorektal pase jan sa a te ye nan tan lontan.
Sa a se yon domèn rechèch aktif pou konnen poukisa tandans sa a ap rive kay pasyan ki pi jèn yo, se sa doktè Parik eksplike. Gen anpil ipotèz konsènan alimantasyon ak ekspozisyon anviwònmantal pandan moun nan te timoun piti, ansanm ak chanjman nan pwa, pou site sa yo.
Faktè risk kansè kolorektal
Nenpòt moun ka devlope kansè kolorektal, men gen kèk faktè ki fè w gen plis chans pou w devlope l pase lòt moun. Faktè risk pou kansè kolorektal yo enkli:
- Gen antesedan pèsonèl oswa antesedan familyal kansè kolorektal, oswa gen yon sendwom jenetik. Jiska 30% nan tout dyagnostik kansè kolorektal rive kay pasyan ki gen yon antesedan familyal kansè kolorektal. Moun ki gen polipoz adenomatez familyal (FAP) oswa sendwom Lynch (kansè kolorektal ki pa polipoz) gen plis chans pou yo devlope kansè kolorektal.
- Gen antesedan adenom. Adenom yo se polip kolorektal ki parèt anòmal anba yon mikwoskòp, oswa ki mezire 1 santimèt oswa plis. Yo ka pafwa devni kansè avèk letan.
- Gen kolit ilserez kwonik oswa maladi Crohn pandan 8 lane oswa plis.
- Fimen sigarèt. Twoub itilizasyon tabak se yon kalite twoub itilizasyon sibstans (SUD).
- Bwè twa bwason alkolize oswa plis pa jou. Twoub itilizasyon alkòl (AUD) ak gwo pousantaj bwè alkòl lakay fanm ogmante pandan pandemi an.
- Gen obezite. Doktè w la ka kalkile endèks mas kò w (BMI) lè l sèvi avèk yon fòmil ki enplike wotè ak pwa. Si w gen yon BMI ki depase 30, ou gen obezite.
Ki sentom kansè kolorektal lakay jèn adilt yo?
Diferan moun gen diferan sentòm kansè kolorektal. Gen kèk moun ki ka pa gen okenn siy ni sentom ditou. Sentòm kansè kolorektal yo ka gen ladan yo:
- Malèz nan vant oswa doulè nan vant oswa kranp
- Senyen nan dèyè w oswa jwenn san nan poupou w
- Chanjman nan fason poupou w parèt oswa frekans ou ale nan twalèt
- Dyare, konstipasyon, oswa yon santiman ou pa ka vide trip ou nèt
- Gaz ki ogmante
- Pèdi pwa san rezon
Li enpòtan pou w sonje sentom sa yo ka atribiye a bagay ki pa gen rapò ak kansè kolorektal. Si w santi nenpòt nan sentom sa yo, tanpri pale ak founisè swen prensipal ou (PCP).
Tès depistaj kansè kolorektal
Li enpòtan pou w konprann epi suiv rekòmandasyon tès depistaj pou kolonoskopi yo. Kolonoskopi ka detekte kansè anvan ou gen sentòm oswa avan maladi a avanse. Deteksyon bonè enpòtan anpil. Li enpòtan pou w defann pwòp sante w ak byennèt ou si w gen nenpòt sentòm ki bay kè sote.
Si w gen antesedan familyal kansè kolorektal, ou ta dwe fè premye kolonoskopi w la a 40 lane, oswa 10 lane anvan laj manm fanmi pwòch ou a te fè dyagnostik la. Tout lòt yo moun ta dwe kòmanse fè tès depistaj la a 45 lane, sa enkli moun ki pa gen sentòm yo.
Gen lòt opsyon tès depistaj, tankou tès ki baze sou poupou, men li enpòtan pou w pale ak founisè swen prensipal ou (PCP) sou avantaj ak dezavantaj diferan kalite tès depistaj yo.
Antanke onkològ ki wè sitou jèn pasyan, tandans pa m se fè tès depistaj pi bonè. Men, nou dwe fè atansyon pou nou kontinye bese laj tès depistaj la epi konsidere enplikasyon yo nan nivo popilasyon an, se sa Doktè Parikh di. Ideyalman, nou kòmanse konprann faktè ki lakòz maladi a, epi ki jèn moun ki ka gen tandans devlope kansè kolorektal, pou nou ka ofri depistaj bonè bay bon pasyan yo. Yon byomakè pou idantifye risk ta ka ede nou konprann kilè pou nou fè tès depistaj bonè. Anpil nan pasyan mwen yo nan 20èn yo ak nan 30èn yo. Elaji laj ki elijib pou tès depistaj la ka yon bon espas pou tès depistaj ki baze sou poupou ak san, ansanm ak estratifikasyon risk, pou mennen bon moun yo fè kolonoskopi a avèk efikasite.
Li enpòtan pou w sonje lòt metòd depistaj sa yo se sèlman pou pasyan ki pa gen sentòm yo. Si ou gen sentòm, li enpòtan pou ou fè yon kolonoskopi.
Prevansyon kansè kolorektal
Pou ede diminye risk ou genyen pou w devlope kansè kolorektal:
- Manje ki bon pou sante, tankou anpil legim, fwi, ak sereyal konplè.
- Limite vyann wouj.
- Fè egzèsis regilyèman.
- Limite oswa evite alkòl.
- Kenbe yon pwa ki an sante.
- Sispann fimen oswa, sa ki pi bon toujou, pa menm kòmanse.
Ki opsyon tretman ki genyen pou jèn adilt ki gen kansè kolorektal?
Si ou gen kansè kolorektal, gen anpil opsyon tretman ou ka eksplore avèk founisè swen sante ou yo. Sant pou Kansè Kolorektal pou Jèn Adilt nan Mass General Brigham Cancer Institute bay swen espesyalize ak pèsonalize ki satisfè bezwen inik jèn adilt ak adilt ki nan laj mwayen ki gen kansè kolorektal.
Ekip miltidisiplinè nou an pran swen pasyan an nan tout aspè li yo epi li gen ladan l chirijyen, onkològ medikal, onkològ radyasyon, enfimyè klinik ak rechèch ak enfimyè pratisyen, ak konseye jenetik.
Tretman ou an ka genyen ladan l:
- Chiriji kolorektal
- Terapi radyasyon
- Chimyoterapi
- Terapi vize
- Potansyèlman iminoterapi
- Aksè a esè klinik