false

Remèd pou kou rèd

Yon fanm ki abiye pwofesyonèl chita nan yon biwo modèn ak yon òdinatè pòtab, yon kaye, ak dokiman. L ap kenbe kou l paske l santi l mal.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3000244

Pèsonn pa vle yon kou rèd gate jounen yo. Doulè byen file ki pa sispann an ka rann menm moun ki pi kalm yo fristre lè yo fè bagay senp, tankou gade nan retwovizè oswa pale ak yon kòlèg.

Yon kou rèd ka parèt sanzatann, men li ka pran plizyè semèn oswa mwa pou l devlope, souvan akoz sa moun nan fè.

“Gen diferan kòz doulè nan kou, tankou kèk bagay nou fè chak jou san nou pa menm rann nou kont—rete nan yon sèl pozisyon twò lontan, bese tèt nou pou n gade telefòn nou, epi kontrakte misk nou akoz estrès,” dapre Zacharia Isaac, MD, yon espesyalis nan swen kolòn vètebral ak jesyon doulè nan Mass General Brigham.

Doktè. Isaac se chèf swen kolòn vètebral ak jesyon doulè nan Spaulding Rehabilitation epi li se prezidan onorè nan medikaman fizik ak reyabilitasyon nan Brigham and Women’s Hospital. Isit la, li eksplike plis sou rezon ki fè kou a vin rèd epi li sijere fason pou soulaje doulè a.

Poukisa kou a vin rèd?

Pote tèt la se pa yon travay fasil. Tèt la peze apeprè 12 liv, epi kou a sèvi kòm sipò pou kenbe l an ekilib.

Plizyè tandon ak misk kenbe tèt la anlè kò a. Yo estabilize kou a pandan y ap pèmèt li bouje yon bò ale yon bò vini, monte desann.

Si ou rete nan menm pozisyon an twò lontan, kou ou ka vin rèd. Move pozisyon ka fè tèt la santi l pi lou tou. Panche twò lwen devan kite misk ki dèyè kou a ak plis pwa pou pote kont fòs gravite a. Misk sa yo ka sipòte pwa anplis pandan yon ti tan, men apre kèk èdtan, yo ka vin twò fatige.

Kòz kou rèd

Misk ak tandon ka vin twò fatige lè yo fè twòp efò. Rete nan menm pozisyon an twò lontan, fè twòp efò ak misk yo ak chanjman natirèl ki vini ak laj se kèk nan kòz ki pi komen ki fè kou a vin rèd. Itilizasyon telefòn, tablèt oswa òdinatè ka lakòz doulè nan kou ak nan pati anwo do a. Yo rele sa “doulè nan kou akoz teknoloji”, yon pwoblèm ki vin pi komen.

Atrit

Kou a, ki nan pati anlè kolòn vètebral la, gen plizyè zo yo rele vètèb. Disk ki gen likid ladan yo separe zo sa yo. Disk sa yo pwoteje vètèb yo kont chòk pou diminye presyon sou jwenti yo (kote de zo rankontre) lè tèt la ap bouje. Yo pèmèt tou gen espas pou nè yo soti nan mwèl epinyè a.

Tank moun ap pran laj, se tank disk sa yo pèdi kapasite yo pou yo amòti chòk. “Likid ki nan disk yo seche, sa ki kreye mwens espas ant vèteb yo,” Doktè Isaac eksplike. “Finalman, presyon an ogmante epi katilaj pwoteksyon an deteryore Kounye a, vètèb yo ka fwote youn kont lòt, sa ki ka fè mal.”

Kondisyon an, yo rele atrit, fè li difisil pou vire tèt la agoch adwat. Lè pa gen ase pwoteksyon ant zo yo, yo ka fwote youn kont lòt oswa peze sou yon nè.

Gwo chanjman nan lavi

Gwo chanjman nan lavi ka fè moun kenbe kò yo nan move pozisyon, sa ki mete twòp presyon sou misk kou yo. Evènman nan lavi ki souvan mennen nan yon kou rèd gen ladan:

  • Kòmanse inivèsite oswa antre nan mache travay la: Nan kòmansman edikasyon siperyè yo, etidyan pase èdtan ak tèt yo nan pozisyon ki pa konfòtab. Yo gen tandans kenbe tèt yo panche devan lè y ap li nan yon ekran òdinatè epi panche yo desann lè y ap li liv lekòl yo. Yo gen tandans kenbe tèt yo panche devan lè y ap li nan yon ekran òdinatè epi enkline yo devan lè y ap li liv lekòl yo. Moun ki gen travay biwo ka pase jiska 8 èdtan chak jou ap fikse yon ekran òdinatè.
  • Nouvo anviwònman travay: Nan kòmansman pandemi COVID-19 la, plis moun te kòmanse fè eksperyans kou rèd. Chanjman souden ki te fèt nan espas travay la te ede eksplike fenomèn sa a. Anpil moun ki te konn travay nan biwo yo te oblije kòmanse travay lakay yo pou premye fwa nan karyè yo. Yo te konn chita nan pozisyon ki pa konfòtab pou adapte yo ak nouvo espas travay yo, kote yo te konn sèvi sèlman ak òdinatè pòtab.
  • Nesans yon premye pitit: Nouvo paran yo gen tandans kenbe pitit yo nan pozisyon ki pa natirèl. Yo ka ap mete twòp presyon sou kou yo ak zepòl yo pou sipòte pwa pitit yo. Lè w ap pran swen yon timoun, souvan ou oblije kenbe tèt ou bese pandan pifò nan jounen an, sa ki ka mete plis chaj sou gwoup misk sa yo.

Move pozisyon pou dòmi

Moun ki dòmi sou vant yo gen tandans soufri plis doulè nan kou pase moun ki dòmi sou do yo oswa sou kote yo. Lè w ap dòmi sou vant ou, sa vle di ou dwe kenbe tèt ou vire sou yon bò pou w zòrye w pa toufe w. Lè tèt la rete vire sou yon bò, sa fòse misk kou yo rete nan yon pozisyon ki mete yo anba tansyon, sa ki ka deranje bon kalite dòmi.

Estrès ak enkyetid

Moun santi efè estrès ak enkyetid nan diferan pati nan kò yo. Menm jan kèk moun grense dan yo, gen lòt ki leve zepòl yo, sa ki fè misk ki dèyè kou a vin sere. Lè misk sa yo rete sere pandan plizyè jou anvan yon dat limit oswa yon prezantasyon, yo kòmanse sibi twòp tansyon.

Chòk

Yon kou rèd ka dire plizyè mwa apre kou a fin pran yon gwo sekous. Fenomèn sa a rive lè tèt la deplase toudenkou, epi souvan vyolaman, ale-vini, sa ki mete twòp presyon sou ligaman ki nan kou a. Kou a ka pran yon gwo sekous pandan yon aksidan machin oswa lè yon moun tonbe epi li frape tèt li.

Atakee koz pwofon doulè nan kou ou, egzanp, lè w chanje pozisyon souvan, ap pote w plis soulajman alontèm.

Zacharia Isaac, MD

  • Spine Care and Pain Management Specialist, Mass General Brigham

Kijan pou soulaje yon kou rèd

Pi bon fason pou evite yon kou rèd se anpeche l rive. Lè w pratike yon bon posti, sa pèmèt kou ki rèd la geri. Sepandan, korije pozisyon kò a pran tan.

Doktè. Isaac rekòmande:

Chanje pozisyon souvan

Rete nan yon sèl pozisyon twò lontan ka lakòz doulè ak rèd nan kou. Eseye chanje pozisyon w chak 20 minit konsa ka ede. Eseye fè mouvman senp tankou vire kou ou, detire zepòl ou oswa mache nan chanm nan.

Ajiste espas travay

Kenbe ekran òdinatè yo nan yon wotè kote tèt la p ap bezwen panche pi devan. Ajiste wotè klavye a pou zepòl yo pa bezwen monte anwo pou tape.

Kit se lakay ou oswa nan biwo a, konsidere itilize:

  • Ekran ak klavye apa: òdinatè pòtab limite chan vizyon yon moun ak zepòl li nan yon sèl wotè. Avèk yon ekran ak yon klavye apa, ou ka ajiste distans ant yo jan sa pi bon pou ou.
  • Chèz ajistab: Kite pye ou plat atè, ou evite mete pwa kò ou sou kolòn vètebral ou. Chèz ki ka monte desann adapte ak moun ki gen diferan wotè.

Korije pozisyon dòmi

Kenbe kolòn vètebral la ak kou a dwat otank posib lè w ap dòmi. Kouche sou do kreye yon espas ant kou a ak matla a. Lè tèt la repoze sou yon zòrye epi do a plat, dèyè kou a pandye desann. San sipò, kou a dwe leve pou l rete an liy ak kolòn vètebral la. Dòmi sou kote mete kou a nan yon pozisyon ki sanble.

Pou korije espas la, ou ka eseye:

  • Mete zòrye nan koub kou a: Kouche sou vant, mete anba zòrye a ant zepòl yo. Mete tèt zòrye a anba tèt ou.
  • Sèvi ak yon zòrye koube oswa yon zòrye vwayaj: Fòm koube zòrye sa yo anpeche kou a plonje ladan yo.
  • Anbrase yon zòrye long pou kò a: Anbrase zòrye long lan sou kote pou kenbe pati anba kolòn vètebral la dwat. Mete yon janm anba zòrye a epi mete lòt janm lan anlè li.

Egzèsis pou kou rèd

Doktè. Isaac sijere twa egzèsis senp pou amelyore posti ou. Eseye kenbe chak pozisyon egzèsis pandan 30 segonn.

  • Rale ba pou do: Kenbe zepòl ou desann epi rale omoplat ou yo ansanm, tankou si w t ap eseye kenbe yon kreyon imajinè ant yo. Pa pivote omoplat yo. Yo pa dwe deplase nan direksyon zòrèy yo. Olye de sa, fè yo vire dèyè, tankou ou ta mete yo nan pòch dèyè ki sou bò opoze yo.
  • Rale manton an dèyè: Gade dwat devan epi pouse manton an dwat dèyè. Kou a ta dwe fòme yon doub menton. Pouse manton ou dèyè jiskaske zòrèy ou vin nan menm liy ak zepòl ou.
  • Detire pwatrin: Ekate bra yo epi kouche sou do sou yon boul egzèsis. Kite bra yo tonbe sou chak bò. Lè w santi yon sansasyon rale devan pwatrin nan, sa vle di misk yo ap detire.

Kijan pou geri doulè nan kou byen vit

Si ou bezwen soulajman tousuit, ou ka eseye plizyè fason pou soulaje doulè a pou yon ti tan.

Masaj

Yon moun ki bay masaj oswa yon aparèy masaj ka detann misk ki fè boul oswa ki sere. Men, Doktè Isaac avèti pasyan yo pou yo pa konte sou yo antanke yon sèl opsyon tretman pou kou rèd. “Si ou aji sou sa ki lakòz doulè nan kou ou, pa egzanp, lè ou chanje pozisyon souvan, sa ap ede ou plis alontèm,” li ajoute.

Kiwopraktè

Yon kiwopraktè ki gen lisans ka soulaje doulè nan misk lè li fè mouvman dou nan jwenti yo. Sa vle di, evite ajisteman rapid, tankou krake kou a toudenkou. Manipilasyon rapid ki fè kou a krake ka konprime atè ki nan kou a epi, nan kèk ka, lakòz yon konjesyon serebral.

Sa ou ka fè lakay ou

Plizyè medikaman ou ka achte san preskripsyon ak lòt pwodui ka soulaje sentòm yo lakay ou.

Sa yo enkli:

  • Glas oswa chalè: Glas sispann enflamasyon epi chalè detann misk yo. Sèvi ak yon kouch pwoteksyon ant kousen chofaj yo ak pake glas yo pou anpeche boule. Mete glas oswa chalè sou kou a pandan 15 minit pou pi plis.
  • Jèl pou aplike sou po a: Krèm ki gen mantòl oswa lidokayin soulaje doulè. Patch jèl yo mache tou. Eseye pa kite plak medikaman yo sou po a pandan plis pase 12 èdtan alafwa.
  • Medikaman: Acetaminophen soulaje doulè, pandan ke dwòg anti-enflamatwa ki pa esteroyid (NSAID) tankou ibipwofèn soulaje tou de doulè ak enflamasyon. Pa depase dòz chak jou rekòmande ki sou etikèt la.
  • Konsantre sou moman an: Diminye estrès ak enkyetid lè w pratike meditasyon oswa yoga. Plizyè aplikasyon pou telefòn entelijan ofri teknik pou ede ou konsantre sou moman an epi kalme lespri ou.

Kilè mwen ta dwe wè yon doktè pou yon kou rèd?

Si kou rèd la pa pase apre plizyè semèn oswa plizyè mwa, al wè yon doktè pou yon evalyasyon pi apwofondi. Nan kèk ka ki ra, yon kou rèd ka endike yon pwoblèm sante ki pi grav anpil.

Menenjit

Menenjit, yon enfeksyon ki mete lavi an danje, fè l fè mal pou bouje kou a. Kondisyon sa a lakoz anfleman nan manbràn pwotektè ki antoure sèvo a ak mwèl epinyè a. Si yo pa trete l, li ka lakòz yon andikap pèmanan.

Chèche swen medikal tousuit si ou gen kou rèd ansanm ak:

  • Lafyèv oswa frison
  • Swe pandan lannuit
  • Kè plen ak vomisman
  • Gwo maltèt

Blesi nan nè

Yon kou rèd kapab endike yon blesi nan nè tou. Ale nan sal ijans si ou gen kou rèd ansanm ak youn nan sentòm sa yo ki parèt toudenkou:

  • Feblès oswa pèt sansasyon ki desann nan bra a
  • Doulè k ap lanse desann nan bra a
  • Pèt ekilib
  • Pèdi kontwòl pipi oswa poupou

Bay sante kou a priyorite

Chanje abitid chak jou ka ede w toujou sonje pran swen kou w. “Mwen ankouraje pasyan yo chanje pozisyon regilyèman epi pratike lonje kou yo ak do yo pandan tout jounen an” Doktè Isaac di. “Yon fizyoterapis kapab travay avèk ou tou pou ede w asire w ap sèvi ak bon gwoup misk yo pou w jwenn plis benefis posib.”

Fè yon ti poz nan travay pou al mache oswa pran kèk minit nan maten oswa apremidi pou kanpe epi detire kò w. Sa ka bay kou w repo li bezwen apre ou fin pase jounen an koube sou biwo w.

Epi, finalman, kèk minit sa yo ka menm evite yon moun pase plizyè semèn ap soufri.

primary
internal
Aprann kijan pou jere doulè nan do.
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/back-pain-cause-diagnosis