Premye siy maladi Parkinson
Maladi Parkinson se yon kondisyon pwogresif ki afekte sistèm nève a. Li lakòz sentòm tankou tranbleman, mouvman ki ralanti ak difikilte pou kontwole mouvman konplike.
Pa gen gerizon pou maladi Parkinson. Men, yon dyagnostik prekòs ak tretman sentòm yo avèk medikaman, egzèsis ak chanjman nan fason ou viv ka ede amelyore lavi ou epi ralanti maladi a.
Michael Hayes, MD, yon newològ nan Mass General Brigham, souvan pran swen moun ki gen maladi Parkinson nan lopital Brigham and Women’s Hospital. Doktè. Hayes dekri siy prekòs maladi sa a, fason yo fè dyagnostik la ak jan sentòm yo konn chanje avèk tan.
Ki sentòm prekòs maladi Parkinson?
Anjeneral, prensipal siy prekòs maladi Parkinson ki pa gen rapò ak mouvman parèt anvan siy ki gen rapò ak mouvman yo.
Siy ak sentòm prekòs ki pa motè
Sa yo enkli:
- Konstipasyon
- Pèt kapasite pou pran sant (anosmi)
- Twoub somèy REM (fè mouvman pandan w ap reve)
Siy ak sentòm motè prekòs
Sa yo enkli:
- Chanjman nan fason ou ekri, sitou lè lèt yo vin pi piti epi pi sere, ak mwens ladrès nan men yo an jeneral
- Mouvman ki ralanti (bradikinezi), souvan plis sou yon bò kò a pase sou lòt bò a
- Ti chanjman nan fason ou mache, tankou lè yon janm trennen yon ti kras
- Tranbleman, sitou yon tranbleman dousman lè kò a an repo, ki afekte yon bò kò a plis pase lòt bò a
“Siy ki pa motè yo ka parèt anvan ou devlope nenpòt nan sentòm Parkinson ki pi klasik yo tankou tranbleman ak pwoblèm balans,” di Doktè. Hayes di. “Siy ki pa motè sa yo ka parèt plizyè dizèn ane anvan sentòm motè yo.”
Nan kòmansman an, ka pa gen okenn enpak reyèl sou lavi w. Moun souvan atribiye premye sentòm ki pa motè maladi Parkinson la — e menm kèk sentòm motè bonè — ak aje, epi yo pa chèche èd.
Michael Hayes, MD
- Neurologist, Mass General Brigham
Ki lè sentòm maladi Parkinson yo anjeneral kòmanse?
Dapre Dr. Hayes, sentòm motè maladi Parkinson la pi komen nan moun ki gen plis pase 50 an. “Men, nou wè kèk nan sentòm ki pa motè yo menm plizyè dizèn ane anvan,” li di. Sepandan, laj aparisyon premye sentòm yo ka varye anpil. “Mwen te wè tou moun ki nan ventèn yo ki gen sentòm motè maladi Parkinson, men sa rive pi raman.”
Poukisa li difisil pou fè dyagnostik siy prekòs maladi Parkinson nan?
Li difisil, oswa menm enposib, pou pwofesyonèl sante yo fè dyagnostik maladi Parkinson sèlman dapre siy prekòs ki pa gen rapò ak mouvman yo. Doktè. Hayes di youn nan rezon ki fè sa difisil se paske siy prekòs ki pa gen rapò ak mouvman yo souvan soti nan lòt pwoblèm sante, pa nan maladi Parkinson.
“Jiskaske gen sentòm motè, nou anjeneral pa ka fè dyagnostik la,” di Doktè. Hayes di. Pa gen okenn tès pèsonèl pou maladi Parkinson nan. Olye de sa, founisè swen sante yo dwe fè yon evalyasyon. Li di pwofesyonèl sante yo ka anjeneral fè dyagnostik maladi Parkinson dapre 3 siy
- Tranbleman nan repo sou yon bò kò a (tranbleman asimetrik)
- Ralantisman mouvman sou yon bò kò a (bradikinezi asimetrik)
- Sentòm yo amelyore avèk medikaman ki aji sou dopamin, yon tretman yo souvan itilize pou maladi Parkinson
Sepandan, Doktè Hayes note ke premye sentòm yo ka varye. Gen kèk moun ki gen maladi Parkinson nan etap bonè ki gen tranbleman oswa ralantisman mouvman sou tou de bò kò a, oswa yo pa reponn ak medikaman dopaminèjik. Gen kèk moun ki gen maladi Parkinson ki pa janm devlope tranbleman.
Gen lòt tès ak eskanè ki ede pwofesyonèl sante yo konnen si sentòm yo soti nan maladi Parkinson. Men, nan etap prekòs maladi a, li ka difisil pou doktè yo fè diferans ant maladi Parkinson ak lòt pwoblèm sante, tankou:
- Tranbleman esansyèl
- Demans kò Lewy
- Atwofi miltisistemik (MSA)
- Idrosefali presyon nòmal (NPH)
- Paralizi sipranikleyè pwogresif (PSP)
Fason nou pran swen moun ki gen maladi Parkinson
Aprann plis sou Pwogram Maladi Parkinson la
Ki sentòm motè ak ki pa motè ki parèt nan etap avanse maladi Parkinson la?
Pandan maladi Parkinson la ap pwogrese, li afekte mouvman konplèks yo pi plis toujou.
“Maladi Parkinson pa anpeche yon manm oswa yon pati nan kò a bouje. Li fè mouvman konplike yo vin pi difisil pou fè,” di Doktè. Hayes di. “Mouvman tankou mache, ou konn fè san w pa bezwen reflechi sou yo, vin pi difisil. Lè sa a, ou oblije konsantre sou chak mouvman pou w ka fè yo.”
Nan etap avanse maladi Parkinson, sentòm ki gen rapò ak mouvman yo gen ladan yo:
- Pwoblèm balans
- Mouvman kò ou konn fè natirèlman san w pa reflechi sou yo vin ra, tankou fè jès pandan w ap pale
- Figi san ekspresyon, kote ekspresyon vizaj yo pa parèt natirèlman ankò
- Move kowòdinasyon
- Difikilte pou pale
- Tranbleman ki vin pi grav
Nan etap avanse yo, sentòm ki pa gen rapò ak mouvman yo konn parèt tou, tankou pwoblèm ki gen rapò ak:
Kisa ou dwe fè si ou gen siy prekòs maladi Parkinson la?
Sentòm maladi Parkinson yo ak fason maladi a pwogrese ka diferan anpil selon moun nan. “Nan kòmansman an, ka pa gen okenn enpak reyèl sou lavi ou.” se sa Doktè Hayes di. “Moun souvan mete sentòm prekòs maladi Parkinson ki pa motè yo — e menm kèk sentòm prekòs ki motè — sou kont laj, epi yo pa chèche èd.”
Si ou gen nenpòt sentòm ki gen rapò ak mouvman, li enpòtan pou yon pwofesyonèl sante egzamine ou. Pa gen gerizon pou maladi Parkinson la, men tretman ede ou jere sentòm yo epi pwolonje kalite lavi ou. Gen anpil metòd ki efikas pou diminye efè maladi Parkinson epi ede ou kontinye fè bagay poukont ou, tankou:
- Medikaman
- Eksitasyon pwofon sèvo a
- Tretman yon pati nan sèvo a ak iltrason konsantre (talamotomi)
- Rejim alimantè
- Egzèsis
- Kontinye aprann nouvo bagay
- Kenbe kontak ak lòt moun
Si ou remake nenpòt siy prekòs maladi Parkinson, pwofesyonèl sante k ap pran swen ou a ka ba ou yon referans pou wè espesyalis ki ka ede ou. Ou menm ak ekip k ap pran swen ou pou maladi Parkinson an ka travay ansanm pou deside ki pwochen etap pou nou pran.
Aprann plis sou Sant Twoub Mouvman (Movement Disorders Center) an
Kontakte Pwogram Maladi Parkinson
Brigham and Women's Hospital
617-732-7432
Massachusetts General Hospital
617-726-5532