Kijan pou Bese Tansyon ou epi Jere Tansyon Wo
Pwen kle pou bese tansyon
- Fè egzèsis regilyèman. Vize pou 150 minit aktivite modere pa semèn.
- Suiv yon rejim alimantè ki an sante. Diminye sodyòm epi konsantre sou fwi, legim, ak pwoteyin mèg.
- Kenbe yon pwa ki an sante. Pèdi menm yon ti kantite pwa ka fè yon diferans.
- Limite alkòl epi sispann fimen. Abitid sa yo gen yon gwo enpak sou tansyon.
- Jere estrès. Pratike teknik tankou meditasyon oswa respire pwofon.
Prèske mwatye nan granmoun (47%) nan Etazini gen tansyon wo, oswa tansyon, dapre American Heart Association(AHA), men li souvan pa lakòz sentòm.
“Se poutèt sa yo pafwa rele l asasen an silans, paske moun ka genyen l pandan yon bon bout tan,” se sa John F. Keaney Jr., MD, yon kadyològ Mass General Brigham Heart and Vascular Institute nan Brigham and Women's Hospital eksplike. Nan atik sa a, Doktè Keaney dekri kijan pou w atenn epi kenbe tansyon sib ou.
Kisa ki tansyon?
Tansyon mezire fòs san an k ap pouse kont sifas atè w yo, ki pote san soti nan kè w pou rive nan rès kò w. Yo mezire l ak de chif:
- Sistolik: Presyon an lè kè w bat, oswa kontra
- Dyastolik: Presyon an lè kè w repoze ant chak batman
Daprè AHA, tansyon nòmal se 120/80 mmHg, oswa 120 sistolik sou 80 dyastolik. Inite yo itilize pou mezire tansyon se milimèt mèki oswa mmHg.
Tansyon wo se yon bagay ki trè komen. Li vin pi komen lè w ap pran laj, epi pi souvan rive lakay moun ki gen dyabèt ak obezite.
John F. Keaney Jr., MD
- Kadyològ, Mass General Brigham
Kisa ki yon nivo tansyon nòmal?
Dapre AHA, yon lekti tansyon nòmal pou pifò granmoun se mwens pase 120/80 mmHg. Sa ka varye yon ti kras selon laj oswa sèks. Toujou konsilte doktè w si w gen kesyon sou sa ki nòmal pou kò w.
Kisa ki tansyon wo a?
Tansyon wo a se lè tansyon w toujou pi wo pase nòmal. Gid yo varye, men Asosyasyon Kè Ameriken an defini tansyon wo kòm lè yon pasyan gen yon lekti tansyon 130 mm Hg oswa plis pou tansyon sistolik, oswa 80 mm Hg oswa plis pou tansyon dyastolik.
Tansyon wo oswa ipètansyon ka varye nan gravite, e menm lakòz yon sitiyasyon ijans.
Si lekti tansyon ou an pi wo pase 120/80, pale ak founisè swen sante prensipal (PCP) ou sou fason pou jere li.
Tansyon wo trè komen. Li vin pi komen lè w ap pran laj, epi pi souvan rive lakay moun ki gen dyabèt ak obezite, se sa Doktè Keaney di. Si yo kite l san tretman, li ka lakòz pwoblèm sante grav tankou kriz kadyak, atak nan sèvo, ak aritmi. Li te pwouve san dout ke si ou kapab bese tansyon ou, bagay sa yo vin mwens yon pwoblèm, se sa Doktè Keaney di.
Si yon lekti tansyon lakay ou pi wo pase 180/120, ou ka nan yon ijans tansyon wo. Rele 9-1-1 si tansyon ou pi wo pase 180/120 epi ou gen nenpòt nan sentòm sa yo:
- Doulè nan pwatrin
- Souf kout
- Doulè nan do
- Pèt sansasyon
- Feblès
- Chanjman nan vizyon
- Difikilte pou pale
Kisa ki lakòz tansyon wo (ipètansyon)?
Tansyon wo ka koze pa yon konbinezon faktè risk ki soti nan kò a ak chwa fason w ap viv.
Faktè risk ki ka ogmante chans pou ou gen tansyon wo enkli:
- Laj k ap ogmante
- Ras, sitou yon ogmantasyon chans nan moun ki gen orijin Afriken
- Antesedan familyal tansyon wo
- Maladi kwonik
- Estrès
- Gwosès (tansyon wo pandan gwosès yo rele pre-eklanmsi epi se yon kondisyon grav)
Gen chwa vi ki ka fè ou gen plis chans pou gen tansyon wo, tankou:
- Fimen ak itilizasyon pwodwi tabak
- Pa fè ase egzèsis
- Viv yon vi sedantè
- Manje twòp sèl ak sodyòm nan rejim alimantè ou
- Gen obezite
- Bwè twòp alkòl
Diskite sou faktè risk ou yo ak doktè ou, epi konsidere fè chanjman nan vi ou pou ede diminye risk ipètansyon ou.
Kijan tansyon wo afekte sante ou?
Anpil sistèm ògàn yo afekte pa tansyon wo. Si yo kite tansyon wo san tretman, li ka mennen nan pwoblèm sante grav tankou:
- Konjesyon serebral
- Kriz kadyak
- Ensifizans kadyak ak lòt fòm maladi kè
- Maladi ren oswa ensifizans renal
- Maladi atè periferik, ki afekte janm ak bra ou
- Pèt vizyon
- Disfonksyon seksyèl
Tès pou tansyon wo
Si yo dyagnostike ou ak tansyon wo, doktè ou ka mande lòt tès pou chèche kòz la, tankou:
- Siveyans anbilatwa (tcheke tansyon ou regilyèman sou yon peryòd tan pwolonje).
- Tès laboratwa san ak pipi.
- Ekokadyogram (itilize sonn son pou konsilte kè a)
- Elektwokadyogram (yo rele tou yon ECG oswa EKG, sa a mezire aktivite elektrik kè a)
Kijan pou tcheke tansyon lakay ou
Doktè ou ka mande ou pou mezire epi kenbe tras tansyon ou lakay ou pou kontwole kijan tretman ou ap mache, oswa pou jwenn yon pi bon foto sou tansyon ou lè ou pa nan yon biwo medikal.
“Si ou kapab pote lekti tansyon bay doktè ou nan kondisyon lavi nòmal ou, sa trè valab,” se sa Doktè Keaney di.
Monitè tansyon lakay yo disponib nan magazen lokal yo ak sou entènèt. Anvan w chwazi aparèy ou a, tcheke lis aparèy tansyon valide Asosyasyon Medikal Ameriken an pou asire pa w la apwouve. Doktè yo an jeneral rekòmande kalite monitè ki mete sou pati anwo bra a, paske yo gen tandans bay mezi ki pi egzat pase sa yo ki mete sou avan bra oswa sou ponyèt la.
Pou pran yon mezi tansyon lakay ou:
- Chita an silans pandan omwen 5 minit pou w detann ou. Sa ede w jwenn yon mezi egzat.
- Chita dwat ak tou de pye w atè.
- Mete bra w sou yon tab pou l detann epi l nan nivo kè w.
- Mete brasa tansyomèt la sou pati anwo bra w.
- Suiv enstriksyon ki te vini ak brasa tansyomèt la pou w pran yon mezi.
- Ekri chif tansyon w yo (ni sistolik ni dyastolik) oswa anrejistre yo sou telefòn ou.
Jwenn plis konsèy ak enfòmasyon sou fason pou w pran yon mezi tansyon egzat lakay ou nan gid nou an.
Chanjman nan fason w viv pou kontwole tansyon
“Youn nan pi bon fason ou ka fè tansyon w desann se atravè modifikasyon nan fason w viv, se sa Doktè Keaney di. Men chanjman ou ka fè nan abitid ou chak jou:
- Fè egzèsis regilyèman pou kenbe atè w yo an sante.. Vize fè 150 minit (2 èdtan ak 30 minit) aktivite fizik entansite modere pa semèn.
- Kenbe yon pwa an sante.
- Diminye konsomasyon sèl. Eseye pran mwens pase 1,500mg sodyòm pa jou.
- Sispann fimen.
- Limite alkòl.
- Dòmi ase (vize omwen 7 èdtan pa lannuit).
- Diminye estrès.
Chanjman nan fason w viv pa oblije ekstrèm pou yo fè yon diferans. “Ou pa oblije enskri nan yon sal espò, epi ou pa oblije achte okenn ekipman espesyal.” Si ou ka mache byen vit pandan 30 minit pa jou, 5 fwa pa semèn, ou ka jwenn tout benefis prensipal egzèsis la pou sante w. “Ou pa oblije kòmanse kouri maraton,” se sa Doktè Keaney eksplike.
Si chanjman nan fason w ap viv pa sifi pou kontwole tansyon wo w, doktè w ka rekòmande youn oswa plizyè medikaman pou ede bese tansyon w.
Kilè pou w pran medikaman pou tansyon
Gen kèk pasyan ki ka toujou bezwen medikaman pou kontwole tansyon yo. “Si w gen yon tansyon wo ki pi konplike, tankou si w gen dyabèt tou, ou ka bezwen pran plis pase yon medikaman,” se sa Doktè Keaney di. Medikaman yo ka bese tansyon nan plizyè fason diferan:
- Elimine dlo ak sèl anplis nan kò w.
- Detann veso kè w yo.
- Diminye fòs batman kè w
- Bloke aktivite nè ki ka sere veso sangen w yo.
Menm avèk medikaman, yo toujou rekòmande chanjman nan fason w ap viv. “Modifikasyon nan fason w ap viv fè li pi fasil pou atenn objektif la, menm si ou oblije sèvi ak medikaman,” se sa Doktè Keaney eksplike. W ap jwenn plis benefis pou medikaman w yo.