Rejim alimantè pou Maladi Parkinson
Nancy Oliveira, MS, RD, LDN
Maladi Parkinson se yon maladi newodejeneratif ki afekte selil nè yo (newòn) nan sèvo a. Li mennen nan tranbleman, pwoblèm ak kontwòl mis, ak demans. Pa gen okenn gerizon pou Parkinson, men gen tretman pou ede jere ak ralanti agravasyon sentòm yo.
Chanjman nan fòm vi tankou manje byen, fè egzèsis, ak diminye estrès kapab ede tou ak Maladi Parkinson. Nancy Oliveira, MS, RD, LDN, yon dyetetisyen nan Mass General Brigham, pale de wòl rejim alimantè ak nitrisyon nan Maladi Parkinson. Oliveira se manadjè sèvis nitrisyon ak byennèt nan Brigham and Women’s Hospital.
Kijan rejim alimantè ka ede Maladi Parkinson?
“Pwosesis maladi ki mennen nan Parkinson kòmanse jiska yon deseni anvan sentòm yo parèt,” Oliveira di. “Li vrèman enpòtan pou w konsidere faktè fòm vi tankou rejim alimantè. Yo ka ede retade kòmansman sentòm yo epi ralanti pwogresyon maladi a.”
Li di gen yon enterè resan nan eksplore lyen ki genyen ant mikwobyom entesten an ak kondisyon tankou Maladi Parkinson. Mikwobyom entesten ou gen ladan tout òganis mikwoskopik ki nan aparèy dijestif la. Gen kèk rechèch ki sijere sa ou manje afekte sante sèvo ou, epi rejim alimantè ka menm jwe yon wòl nan anpeche Maladi Parkinson.
“Yon gwo etid Harvard sou Parkinson te montre moun ki manje anpil manje ki soti nan plant, tankou fwi, legim, pwa, ak grenn antye, te gen yon risk pi ba pou devlope maladi Parkinson nan,” Oliveira di. “Moun ki gen ti risk yo te manje anpil pwoteyin mèg ak mwens kantite grès satire tou.”
Moun ki gen maladi Parkinson ka boule plis kalori menm lè y ap repoze, sa vle di ou bezwen manje plis kalori. Ou ka bezwen manje anpil plis jis pou kenbe pwa w.
Nancy Oliveira, MS, RD, LDN
- Diyetisyen, Mass General Brigham
Ki pi bon rejim alimantè pou Maladi Parkinson?
Yon rejim alimantè ki bon pou kè a benefisye sante sèvo a tou. “Sa a se paske yon rejim alimantè ki bon pou kè a bon pou sante veso sangen yo, e sa gen ladan l veso sangen ki nan sèvo w yo,” Oliveira di.
Kidonk, ki manje ki bon pou maladi Parkinson? Olye w konsantre sou yon lis manje limite, Oliveira sigjere pou w swiv yon fason pou w manje ki gen ladan l:
Yon varyete manje ki abaz plant
“Maladi Parkinson se yon kondisyon enflamatwa nan sèvo a. N ap dekouvri enflamasyon nan sèvo a ak nan kò a gen anpil rapò ak mikwobyom entesten an, dè milya de mikwòb, oswa ‘ti bèt nan vant,’ ki viv nan sistèm dijestif ou.”
Ti bèt benefik ki nan vant lan renmen fib manje ki soti nan plant yo genyen. “Pandan ti bèt ki nan vant lan ap kraze fib plant yo, yo pwodui pwodui chimik ki gen efè anti-enflamatwa nan kò a,” Oliveira di. “Pwodui chimik sa yo ka ranfòse fonksyon iminitè w tou.”
Manje ki abaz plant ki bay ti bèt nan vant nou yo manje gen ladan l:
- Fwi
- Legim
- Pwa ak legim
- Nwa
- Sereyal konplè
Manje ki gen pwobyotik
Pou plis sipòte mikwobyom ou, Oliveira sigjere, pou w manje manje ki gen pwobyotik ki gen mikwòb ki benefisye sante entesten an. Manje ki an sante yo ki gen pwobyotik gen ladan yo:
- Kefi
- Kimchi
- Choukwout
- Pen ki fèt ak ledven natirèl (sourdough)
- Yogout
Li rekòmande sèlman pou w pran sipleman pwobyotik si w ap travay ak yon founisè swen sante ki konpetan. “Gwo dòz pwobyotik ou jwenn nan sipleman yo ka twòp pou sistèm ou,” li di.
Ase pwoteyin mèg ak pwoteyin ki soti nan plant
“Li vrèman enpòtan pou w jwenn ase pwoteyin paske chak selil nan kò w bezwen pwoteyin chak jou,” Oliveira di. Konbyen pwoteyin ki nesesè? “Nou rekòmande pou w pran yon minimòm 0.8 gram pwoteyin pou chak kilogram pwa kò chak jou.”
Pou kalkile minimòm konsomasyon pwoteyin chak jou w, miltipliye pwa kò w an liv pa 0.36. Pa egzanp, si w peze 150 liv, ou bezwen omwen 54 gram pwoteyin pa jou.
Pwoteyin ou an pa oblije soti nan vyann. Anfèt, pwoteyin ki soti nan plant yo ka trè benefik. “Kèk etid montre pwoteyin ki soti nan plant tankou tofou, pwa, nwa, ak tanmpe ede diminye enflamasyon,” Oliveira di. "Epi manje pwoteyin sa yo gen ladan yo tou fib ti bèt nan vant yo prefere yo.
Distribisyon konsomasyon pwoteyin ou an ka enpòtan si w ap pran levodopa, yon tretman kouran pou maladi Parkinson. “Manje pwoteyin an menm tan w ap pran levodopa ka fè medikaman an mwens efikas,” Oliveira di. Li rekòmande pou w pran levodopa omwen inèdtan anvan oswa apre w fin manje pwoteyin.
Manje pou w evite ak maladi Parkinson
Oliveira di byenke li enpòtan pou w konnen ki manje ki bon pou moun ki gen maladi Parkinson; bon rejim alimantè a pa vle di swiv règ estrik, men pito suiv yon modèl manje jeneral ki pi byen sipòte sante ou. “Sa gen rapò ak efè sinèjik anpil diferan manje ki an sante k ap travay ansanm,” li di.
Men kèk kalite manje pa sipòte modèl manje an sante sa a. Li ankouraje pou yo limite:
Grès satire
Yon rejim ki ba an grès satire pi bon pou sante veso sangen yo paske grès satire ka lakòz enflamasyon nan veso sangen yo. “Ou vle fè sa w kapab pou kenbe veso sangen nan sèvo w an sante posib,” Oliveira di.
Manje ki iltra-trete ki pa gen anpil eleman nitritif
Manje ki iltra-trete ki gen lis engredyan long, engredyan atifisyèl, grès ki pa bon pou sante, sik ajoute, ak konsèvatif gen ti kras nitrisyon. Epi yo ka afekte mikwobyom ou negativman. “Nou vle ankouraje kwasans ti bèt benefik nan vant, sa vle di limite kalite manje iltra-trete sa yo epi manje anpil manje ki rich ak eleman nitritif,” Oliveira di.
Eksè alkòl
“Nou rekòmande pa plis pase yon konsomasyon alkòl modere pou moun ki gen maladi Parkinson,” Oliveira di. Dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), sa vle di yon maksimòm de:
- De bwason pa jou pou gason
- Yon bwason pa jou pou fanm
Asire w w ap manje ase.
Avèk maladi Parkinson nan, li ka difisil pou w manje ase, sitou lè ou gen sentòm. Sa rive pou plizyè rezon:
- Metabolis ou ka pi wo. “Moun ki gen maladi Parkinson ka boule plis kalori menm lè yo repoze, sa vle di ou bezwen manje plis kalori,” Oliveira di. “Ou ka bezwen manje yon kantite ki pi gwo jis pou kenbe pwa ou.”
- Ou ka gen difikilte pou w mastike ak vale manje. Parkinson afekte mis ou yo, sa enkli sa yo ki ede ou vale manje, sa ki ka fè li pi difisil pou w manje.
- Ou ka santi vant ou plen pi vit. Mis ki deplase manje nan aparèy dijestif ou yo ka pa travay byen, kidonk manje yo soti nan lestomak ou pi dousman. Sa fè ou santi vant ou plen pi vit, sa ki fè ou vle manje mwens.
- Ou ka santi ou twò fatige pou w manje. Manje mande enèji, epi ou ka pa santi ou anvi manje si ou deja fatige.
Pou ede w konbat pwoblèm sa yo, Oliveira sigjere konsomasyon:
- Manje mou ki pa mande pou yo moulen yo anpil
- Esmousi ki plen nitrisyon
- Soup ak bouyon
- Repa ki pi piti men ou pran pi souvan
- Anpil dlo
“Lè ou jwenn ase pwoteyin ak eleman nitritif, ou pral remake yon ogmantasyon nan nivo enèji ou,” Oliveira di. “Sa itil paske lè ou fatige, li vin difisil pou w manje.”
Li rekòmande pou w travay ak yon dyetetisyen ki sètifye (RD) lè w ap monte ekip swen Parkinson ou paske rejim alimantè ak nitrisyon ka konplèks. Yon RD ka kreye plan repa pèsonalize ak manje ou renmen, asire l w ap satisfè bezwen nitrisyonèl ou, epi ede w optimize konsomasyon pwoteyin ou.