Èske mwen ka ansent pandan mwen gen maladi Crohn? Konsèy pou yon gwosès an sante
Maladi entesten enflamatwa (IBD), ki gen ladan maladi Crohn ak kolit ilsè, se yon pwoblèm sante oto-iminitè kwonik ki afekte aparèy gastwo-entestinal (GI). Kondisyon oto-iminitè rive lè sistèm defans kò a atake tèt li pa erè.
Maladi Crohn ka vin lakoz anflamasyon ak sikatris nan trip yo. Maladi a gen peryòd sentòm aktif (pafwa yo rele flare-ups) ak lòt peryòd remisyon lè sentòm yo diminye. Plis pase 1 milyon moun nan peyi Etazini ap viv ak maladi Crohn.
Rachel Winter, MD, MPH, yon gastwoanterològ nan Mass General Brigham, dekri kijan moun ki gen maladi Crohn ka pran mezi anvan ak pandan gwosès pou diminye risk pou pwoblèm sante. Doktè. Winter pran swen pasyan nan Brigham and Women’s Hospital.
Èske li san danje pou ansent lè ou gen maladi Crohn?
"Anpil pasyan ki gen maladi Crohn gen gwosès ki pase byen," se sa di Doktè. Winter di. "Nou ankouraje tout pasyan nou yo pou yo diskite ak doktè swen sante yo lè yo planifye pou yo ansent." "Konsa nou ka asire ke yo nan remisyon, ap pran medikaman ki san danje pandan gwosès, gen yon ekip swen ki gen eksperyans nan pran swen moun ansent ki gen IBD, epi gen yon plan siveyans pandan tout gwosès la."
Si w gen maladi Crohn epi w ap panse pou vin ansent, toudabò, pale ak doktè swen prensipal (PCP) ou epi ansanm ak espesyalis pou maladi nan lestomak ak nan trip ou a, yon doktè ki espesyalize nan sistèm dijestif la. Yo ka ede ou jwenn bon espesyalis ki ka travay ansanm pou kenbe maladi ou anba kontwòl anvan ou vin ansent. Sentòm yo ka vin pi grav pandan gwosès la. Risk pou sentòm yo vin pi grav pandan gwosès la diminye si ou nan remisyon pandan omwen 3 a 6 mwa anvan ou ansent.
Lè ou rete an sante anvan gwosès la, sa ba ou pi bon chans pou ou gen yon tibebe ki an sante.
Èske pitit mwen an pral vin gen IBD?
Yon istwa fanmi ak maladi Crohn ka ogmante risk pou timoun ou devlope IBD. Timoun ki se pitit yon pasyan ki gen maladi Crohn gen plis risk pou yo fè maladi Crohn. Si plizyè manm fanmi an gen IBD, risk la vin pi plis. Pa gen okenn tès jenetik ki egziste pou predi si yon timoun pral devlope IBD.
Ekip swen miltidisiplinè pou maladi Crohn pandan gwosès la
Ekip swen sante ou a ka gen ladan espesyalis sa yo ak lòt ankò:
- Yon obstetrisyen-jinekològ (OB/GYN), pou swen jeneral pandan gwosès ak akouchman
- Yon espesyalis pou maladi nan lestomak ak nan trip, pou swen espesifik pou maladi Crohn
- Yon espesyalis nan medikaman matènèl-fetal (MFM), pou swen espesyal pou pwoblèm sante konplèks pandan gwosès la
OB/GYN: Swen pandan gwosès ak akouchman
OB/GYN ou a pran swen ou pandan vizit swen woutin anvan akouchman yo epi li travay ansanm ak lòt espesyalis pou asire ou jwenn vizit oswa tès ki nesesè pandan gwosès ou. Nou ankouraje tout pasyan pou yo fè yon konsiltasyon ak yon espesyalis MFM anvan yo ansent oswa nan etap prekòs gwosès yo.
Gastwoanterològ: Swen pou maladi Crohn pandan gwosès
"Nou konseye tout pasyan pou yo fè swivi regilyèman avèk ni gastwoanterològ yo a ni OB oswa espesyalis MFM yo a pandan tout gwosès la," se sa Doktè Winter di. "Li enpòtan pou kontwole sentòm yo epi tcheke kijan maladi a ap evolye. Pasyan yo ka gen sentòm nan lestomak ak nan trip pandan gwosès men se pa akòz maladi Crohn, epi nou swiv pasyan yo ak anpil atansyon pou nou trete sentòm sa yo epi tou pou nou chèche konnen si yo la akoz kriz oswa enflamasyon."
Yon gastwoanterològ ede ou jere sentòm maladi Crohn yo epi li pale ak ekip swen ou an sou fason sa yo ta ka afekte gwosès oswa akouchman ou. Espesyalis pou maladi nan lestomak ak nan trip ou a ka vle wè ou omwen yon fwa pandan premye oswa dezyèm trimès gwosès ou pou yon tchèkòp. "Nou ankouraje pasyan yo tou pou yo fè yon tchèkòp nan twazyèm trimès gwosès yo pou nou ka diskite sou rekòmandasyon pou akouchman," se sa doktè Winter di. "Sa a ta dwe yon diskisyon pou genyen ant gastwoanterològ la, obstetrisyen an oswa espesyalis medsin pou manman ak tibebe ki nan vant lan, ak pasyan an."
Sentòm aktif maladi Crohn moun abitye genyen yo se:
- Doulè nan vant oswa kranp
- Dyare
- Pèdi pwa
- Anemi
- Fatig
Yon gwo kriz maladi Crohn ka lakoz anpil anflamasyon nan kò a (sa rive lè sistèm defans kò a reyaji epi li ka lakoz doulè ak anflamasyon), dyare, dezidratasyon, ak senyen nan trip ou.
Gen lòt sentòm ki pa twò fasil pou remake ki ka montre gen yon kriz maladi Crohn. Di doktè ou yo si ou santi nenpòt nan bagay sa yo pandan gwosès la:
- Lafyèv
- Doulè nan jwenti oswa sansiblite
- Pèt apeti oswa kè plen
- Woujè oswa doulè nan je yo
- Bòs wouj ki sansib anba po a oswa nouvo blesi sou po a, oswa gratèl
Espesyalis nan medsin matènèl-fetal: Jere swen gwosès ki konplike
Espesyalis nan medsin matènèl-fetal gen fòmasyon espesyal nan pran swen pasyan ansent ki gen pwoblèm sante kwonik. Yo akouche pasyan ki gen maladi Crohn epi ki te fè operasyon nan vant oswa nan basen, ki gen fistil (ti pasaj ki pa nòmal ki ka fòme ant ògàn yo apre yon blesi, operasyon oswa enflamasyon), oswa ki gen mak nan perine a (zòn ki ant twou dèyè a ak pati jenital la) akoz kriz maladi Crohn yo te genyen anvan. Yo swiv tou pasyan k ap pran medikaman ki ka afekte sistèm defans kò yo.
Konsèy pou jere maladi Crohn pou yon gwosès ki an sante
Si w ap planifye pou yon gwosès, oswa si ou ansent, men sa ou ka fè:
1. Kenbe maladi Crohn sou kontwòl.
Kenbe Crohn sou kontwòl enpòtan anpil pou vin ansent epi pou gen yon gwosès ki an sante. Dapre NIH, moun ki kapab planifye pou yon gwosès ta dwe tann jiskaske maladi a sou kontwòl epi yo manje bon manje pou kò yo.
Lè maladi Crohn nan sou kontwòl, ou ka gen yon gwosès ki an sante menm jan ak yon moun ki pa gen maladi a. Si maladi Crohn ou an aktif, li ka pi difisil pou vin ansent oswa pou kenbe gwosès la. Lè maladi Crohn nan aktif, sa ogmante risk pou tibebe a fèt twò bonè.
Pou kenbe maladi Crohn ou sou kontwòl, pran medikaman yo preskri ou yo anvan ak pandan gwosès la. Pifò medikaman pou IBD pa anpeche ou vin ansent, epi ou ka kontinye pran pifò ladan yo pandan gwosès la. Si w ap planifye pou vin ansent, pale ak doktè ou a pou konnen si medikaman ou yo san danje pou pran. Si w ap pran yon medikaman ou pa ka kontinye pandan gwosès la, gastwoanterològ ou a ka diskite sou lòt opsyon avèk ou.
Si w fè yon kriz maladi Crohn pandan ou ansent, li ka nesesè pou ou fè tès anplis oswa pran lòt tretman anplis. Gen anpil fason pou evalye enflamasyon pandan gwosès la, tankou tès laboratwa, tès poupou, imajri, ak andoskopi si sa nesesè.
2. Kontwole medikaman ou yo.
Pa kòmanse pran okenn medikaman oswa sispann pran yo san ou pa pale ak pwofesyonèl sante ou yo anvan. Pifò medikaman pou maladi Crohn yo san danje pou pran pandan gwosès ak pandan ou ap bay tete. Konklizyon ki soti Ozetazini Dapre bazdone LactMed Bibliyotèk Nasyonal Medsin nan, pifò medikaman pou IBD swa yo pa parèt nan lèt tete a, oswa yo jwenn yo an kantite ki tèlman piti yo pa ta dwe yon danje pou tibebe a.
Doktè yo ka rekòmande pasyan yo sispann kèk medikaman, tankou medikaman ki ka lakoz malfòmasyon lè timoun nan fèt, tankou methotrexate ak thalidomide. Kèk nan medikaman pou pran nan bouch ki pi nouvo pou maladi Crohn yo tou ki pa rekòmande pou pran pandan gwosès. Pasyan yo dwe sispann pran medikaman sa yo anvan yo vin ansent, kidonk li enpòtan pou fè doktè ou konnen lè ou planifye pou eseye vin ansent.
Pifò nan medikaman ki disponib pou trete maladi Crohn yo pa lakoz plis risk pou gen pwoblèm pandan gwosès. Doktè yo konseye pasyan yo pou yo kontinye pran medikaman yo pandan gwosès la paske lè maladi a rete sou kontwòl pandan tout gwosès la, gen mwens risk konplikasyon pou gwosès la.
Pou tout pasyan, kèlkeswa medikaman y ap pran, Doktè Winter rekòmande pou yo kontwole IBD a ansanm ak sante manman ak tibebe a pandan gwosès la, tankou:
- Tès laboratwa pandan chak trimès
- Swen gwosès woutin ak ultrason jan doktè obstetrisyen (OB) oswa espesyalis medsin fetis-manman (MFM) ou rekòmande a.
- Tès laboratwa pou nitrisyon, tankou nivo fè ak vitamin B12. Doktè. Winter konseye tout pasyan ki ansent pou yo pran yon vitamin prenatal. Gen kèk pasyan ki ka bezwen sipleman folat anplis.
- Konsèy konsènan vaksen ki rekòmande pou tibebe a. Ekspè yo rekòmande pou pa bay tibebe ki te ekspoze ak medikaman biyolojik pandan gwosès la vaksen vivan pandan 12 premye mwa yo. Nan Etazini, sa gen ladan vaksen kont wotaviris. Medikaman biyolojik yo fèt pou diminye aktivite kèk pati nan sistèm defans kò a.
Li enpòtan pou kontinye ale nan randevou swivi pou ou menm ak pitit ou a apre akouchman epi pandan w ap bay tete.
3. Siveye kisa ou ap manje ansanm ak pwa ou.
Pifò pasyan ki ansent fè tès san pandan tout gwosès yo pou kontwole:
- Anemi, oswa mank globil wouj nan san an
- Sik nan san
- Nitrisyon debaz
Piske moun ki gen maladi Crohn gen yon pi gwo risk pou yo soufri malnitrisyon, sa ki ka afekte yon tibebe k ap devlope, li ka nesesè pou ou fè lòt tès anplis pou tcheke si ou ap resevwa ase eleman nitritif. Pwofesyonèl sante ou yo ka konseye ou pran sipleman pou ede kò ou jwenn eleman nitritif li bezwen yo.
Ou ka resevwa tès espesifik pou:
- Vitamin D
- Vitamin B12
- Fè
- Folat
Doktè yo kontwole tou kantite pwa ou pran an jeneral. Pwofesyonèl sante ou yo ka mete ou an kontak ak yon espesyalis nan nitrisyon ki ka ede asire ou jwenn bon eleman nitritif yo epi pran yon kantite pwa ki bon pou sante.
Risk pou san fè boul si ou ansent epi ou gen maladi Crohn
Moun ki gen maladi Crohn gen plis tandans fè boul nan san. Boul sa yo ka bloke nan veso sangen yo e sa ka lakoz plizyè pwoblèm sante pandan gwosès la, tankou atak kè ak estwòk.
Dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) yo, men siy ak sentòm lè san fè boul :
- Difikilte pou respire
- Batman kè ki rapid oswa iregilye
- Doulè nan pwatrin, malèz, oswa doulè lè w ap pran yon gwo souf oswa lè w ap touse
- Touse san
- Tansyon ki ba anpil
- Vètij oswa tonbe (pèdi konesans)
- Anflamasyon oswa doulè nan janm oswa nan ti towo janm
Konprime kontwòl oral yo ka ogmante risk pou boul san, sitou pou pasyan ki gen IBD. Pale ak pwofesyonèl sante ou a sou risk ou genyen pou san ou fè boul si ou planifye pou ou pran konprime planin apre gwosès la. Yo ka rekòmande pou ou pran konprime san estwojèn oswa yon konprime oral ki gen yon dòz ba estwojèn, pou diminye risk pou fòmasyon boul san.
Nou ankouraje tout pasyan pou yo asire ni espesyalis pou maladi nan lestomak ak nan trip yo a ni espesyalis OB oswa MFM yo a swiv yo regilyèman pandan tout gwosès la.
Rachel Winter, MD, MPH
- Gastroenterologist
- Mass General Brigham
Efè maladi Crohn sou tibebe yo
Doktè ak chèchè yo toujou ap diskite sou fason maladi Crohn ka afekte tibebe a. Maladi a ka ogmante risk pou :
- Tibebe ki fèt ak yon pwa ki ba (mwens pase 5 liv, 8 ons)
- Akouchman prematire (anvan 37 semèn gwosès)
- Lanmò tibebe anvan li fèt, lè yon tibebe mouri nan vant manman an apre 20 semèn gwosès
Lè maladi a rete an remisyon pandan tout gwosès la, sa diminye risk pou ou gen konplikasyon pandan gwosès la.
Gen kèk etid ki fè konnen maladi Crohn fè pasyan ki ansent lan gen yon pi gwo risk pou li soufri dyabèt pandan gwosès (yo rele li tou dyabèt jestasyonèl) oswa pre-eklanpsi. Gen lòt ki montre yon tibebe ki se pitit yon manman ki gen maladi Crohn pa gen plis risk pase yon tibebe ki se pitit yon manman ki pa gen maladi a. Espesyalis OB oswa MFM ou yo fè tès pou dyabèt jestasyonèl nan kad swen woutin pandan gwosès.
Kòm prekosyon, doktè yo rekòmande si ou ansent epi ou gen maladi Crohn, obstetrisyen ou a dwe swiv ou ak anpil atansyon. Si ou gen maladi Crohn, ou kapab kouch nòmal; men doktè yo rekòmande akouchman pa sezaryèn (c-seciton) pou pasyan ki gen maladi aktif nan zòn ki toupre twou dèyè a, oswa pou moun ki gen mak nan perine a oswa fistil nan zòn sa a akoz kriz Crohn. Nou konseye ou fè yon konvèsasyon epi fè yon egzamen fizik avèk gastwoenterològ ou ak obstetrisyen ou nan twazyèm trimès la, pou diskite sou plan akouchman an.
Efè pozitif gwosès sou maladi Crohn
Lè maladi Crohn aktif, li ka rann vin ansent oswa kenbe yon gwosès plis difisil; men gwosès la ka diminye chans pou gen yon kriz Crohn.
Gen kèk rechèch ki montre ke gwosès diminye chans pou kriz maladi Crohn.
Pwogrè nan rechèch ak tretman maladi Crohn
Maladi Crohn difisil kèlkeswa si ou ansent oswa w ap planifye vin ansent.
Malgre pa gen okenn kòz definitif pou maladi Crohn, chèchè Mass General Brigham yo ap etidye faktè jenetik, defo nan sistèm iminitè, ak wòl mikrobyom entesten an kòm chimen pwomèt. Nou gen ekip pluridisiplinè pou bay swen tout pasyan ki gen maladi Crohn.
Maladi Crohn pa gen okenn gerizon, men gen medikaman ak tretman efikas ki disponib pou jere kondisyon an. Chak ane, nouvo esè klinik ede fè pwogrè nan rechèch sou maladi Crohn ak lòt maladi oto-iminitè ki konplike. Chak nouvo tretman oswa medikaman ede doktè yo pwoche pi pre yon gerizon.