Presyon nan sinis:
Hope Lounsbury, PA-C
Ou leve ak yon maltèt ak presyon dèyè je ou, sou jou ou, oswa sou pon nen ou. Kisa k ap pase? Gen anpil chans pou se sinis ou yo ki lakoz sa. "Doulè ak presyon nan sinis se yon bagay mwen trete pasyan chak jou," Hope Lounsbury, PA-C, asistan doktè an chèf pou Mass General Brigham Express Care di.
Kòz presyon sinis yo pa toujou klè. "Men erezman, gen tretman ki egziste pou soulaje malèz la. E avèk èd klinisyen ou a, ou ka detèmine kòz la epi santi ou pi byen talè," se sa Lounsbury di.
Kòz presyon sinis
Sinis ou yo se espas ki nan zo tèt ou, dèyè fwon ou, nen ou, jè ou, ak je ou. Nòmalman, espas sa yo plen ak lè. Lè ou malad, sinis ou yo ka bouche ak mucus.
Enfeksyon ka fè sinis ou yo vin anflame oswa anfle tou. Sa yo rele sinizit—epi se prensipal kòz presyon sinis.
Presyon sinis anjeneral rive akoz:
- Alèji
- Enfeksyon viral (tankou rim oswa grip)
- Enfeksyon sinis bakteri
Pafwa, enfeksyon chanpiyon ka lakòz sinizit. Enfeksyon sa yo pi grav, men yo mwens komen tou.
Kalite sinizit
Sinizit vini nan de kategori:
- Sinizit akut se yon pwoblèm kout tèm. Enfeksyon ki soti nan rim ak lòt viris anjeneral dire 7 a 10 jou. Enfeksyon sinis bakteri ka dire pi lontan.
- Sinizit kwonik se yon pwoblèm alontèm, kote enflamasyon an dire plis pase 12 semèn. Gen kèk moun ki gen sinizit kwonik fè 4 oswa plis epizòd sinizit kout nan yon sèl ane. Pafwa, yon baryè fizik nan sinis yo, tankou yon septòm devye oswa polip nan nen, ka lakoz sinizit repete.
Si ou pa sèten kisa k ap lakòz sentòm ou yo, oswa ki medikaman ou ka pran, konsilte yon pwofesyonèl sante. Se pou sa nou la.
Hope Lounsbury, PA-C
- Physician Assistant, Mass General Brigham Urgent Care
Ki kote ou santi doulè presyon nan sinis?
Si ou gen konjesyon nan nen oswa twòp larim epi ou santi presyon oswa doulè nan figi ki vin pi mal lè ou panche pi devan, se pwobableman presyon sinis, se sa Lounsbury eksplike. "Kote ou santi presyon an, depann de sinis ki enfekte yo," li ajoute.
Anjeneral, ou pral santi presyon sinis:
- Sou jou ou
- Dèyè je ou
- Sou fwon ou
Presyon sinis nan zòn sa yo ka gaye tou nan zòrèy ou, dan anlè ou, ak machwè ou.
Dyagnostik presyon sinis
Kijan ou ka konnen kisa k ap lakoz presyon sinis? Li pa toujou evidan, sitou nan premye jou yo. Men gen kèk endikasyon pou chèche, se sa Lounsbury eksplike:
- Dire: Rim anjeneral dire 7 a 10 jou. Sentòm yo anjeneral rive nan pik ant jou 3 ak 6, epi yo amelyore ofiramezi. Si ou toujou santi ou mal apre 10 jou, oswa sentòm yo ap vin pi mal olye yo amelyore, ou ta ka gen yon enfeksyon bakteri ki ta ka trete ak antibyotik.
- Sezon: Alèji yo anjeneral pi grav nan prentan, epi yo ka parèt ankò nan otòn. Rim, viris, ak enfeksyon sinis ka frape nenpòt ki lè.
- Sentòm yo: Rim ak viris tankou COVID-19 anjeneral vini ak lòt sentòm, tankou gòj fè mal ak tous. Alèji anjeneral lakòz je grate, je ki dlo, ak estène. Si ou gen mikwis ak presyon nan sinis men pa gen anpil lòt sentòm, li pi pwobab se yon enfeksyon bakteri nan sinis.
- Kote: Avèk yon enfeksyon bakteri nan sinis, li komen pou santi doulè ak presyon sou yon sèl bò figi ou. Sa rive lè enfeksyon an nan yon sèl sinis. Avèk yon rim oswa alèji, sinis sou tou de bò yo pral afekte.
- Koulè: Avèk alèji, larim ki soti nan nen ou anjeneral klè oswa yon ti jan blanch. Avèk enfeksyon ki soti nan viris ak bakteri, larim nan gen tandans pi fonse nan koulè. Men se yon mit ke larim vèt klere vle di yon enfeksyon bakteri nan sinis, se sa Lounsbury di. "Ou pa ka konnen si enfeksyon an soti nan yon viris oswa yon bakteri sèlman dapre koulè mikwis la."
Ki jan pou soulaje presyon nan sinis
Ou pa nesesèman bezwen wè doktè ou nan premye siy presyon nan sinis. Gen bagay ou ka eseye lakay ou pou jwenn soulajman:
- Antistaminik: Si alèji ap lakoz presyon nan sinis ou, eseye pran yon antistamin san preskripsyon pou kalme sentòm yo.
- Dekonjesyonan: Grenn oswa espre dekonjesyonan san preskripsyon ka ede kalme enflamasyon epi soulaje presyon nan sinis. Men, pale ak doktè swen prensipal (PCP) ou oswa famasyen anvan ou pran yo si ou gen tansyon wo oswa ipètansyon, se sa Lounsbury fè konnen.
- Medikaman pou doulè: Medikaman tankou ibipwofèn ak asetaminofèn ka ede kalme doulè nan sinis ak tèt fè mal.
- Sprey estewoyid: Yon espre abaz estewoyid pou flite nan nen san preskripsyon ka kalme enflamasyon ki soti nan sinizit epi ede larim nan koule. Espre sa yo ka itil pou nenpòt kòz presyon nan sinis, se sa Lounsbury di.
- Irigasyon nan nen: Neti pots ak rens pou nen ka ede retire larim nan sinis ou yo. “Jis asire w ou sèvi ak dlo sèl esteril oswa dlo esterilize, epi swiv enstriksyon ki vini ak rens pou nen an oswa neti pot la," se sa Lounsbury di. "Pa sèvi ak dlo tiyo ki pa trete pou irigasyon nan nen, paske li ka lakòz diferan kalite enfeksyon."
- Chalè: Konprès cho yo mete sou sinis ou yo ka ede rim nan vin likid epi ankouraje l koule. Yon douch cho ak vapè ka ede ouvè pasaj nan sinis ou.
- Masaj: Mase figi ou anlè sinis ou yo ka ede kraze mikwis la pou diminye presyon an.
Kilè pou wè yon founisè swen sante pou tretman presyon nan sinis
Si sentòm ou yo pa ale apre 10 jou, oswa si yo sanble ap vin pi mal olye yo amelyore, ou ta ka gen yon enfeksyon bakteri nan sinis. Gen kèk enfeksyon bakteri nan sinis ki ale poukont yo san antibyotik, se sa Lounsbury di. Men, yon pwofesyonèl sante ka preskri antibyotik pou ede ou konbat enfeksyon an.
Alòs, ou pa oblije tann 10 jou pou ou wè pwofesyonèl sante ou a. "Si ou pa sèten sa k ap lakoz sentòm ou yo, oswa si ou pa sèten ki medikaman ou ka pran, fè yon pwofesyonèl sante egzamine ou," se sa Lounsbury di. “Se pou sa nou la.”
Pou ou kòmanse, rele PCP ou a. Biwo doktè ou aa ka rekòmande pwochen etap yo epi ede ou ak nenpòt pwoblèm ijan. Anpil pratik swen primè Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit nan menm jou a, an pèsòn, ak vizit vityèl. Si ou pa gen yon PCP oswa pa gen randevou ki disponib, ou ka ale nan sèvis swen rapid.
Anvan ou ale nan klinik la, li bon pou ou fè yon tès COVID lakay ou, se sa Lounsbury di tou. Maltèt ak presyon nan sinis yo se sentòm komen COVID-19 tou. "Mwen te trete anpil pasyan ki te sèten yo te gen yon enfeksyon nan sinis, men ki te vin gen COVID," se sa li di.
Vizit vityèl pou sinizit
Doktè yo pa toujou bezwen wè ou an pèsòn pou fè dyagnostik epi trete sinizit ak enfeksyon nan sinis. "Yon vizit vityèl se yon bon opsyon pou anpil pwoblèm sinis," se sa Lounsbury di.
Yon lòt opsyon itil se swen vityèl 24/7 nan Mass General Brigham (sistèm swen sante). Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 an oswa plis, menm si yo pa janm wè yon founisè Mass General Brigham anvan. Tou de nouvo pasyan ak pasyan aktyèl yo ka pran yon randevou Swen Vityèl 24/7 pou jou sa a oswa jou ki vin apre a sou Mass General Brigham Patient Gateway.