Swen ijan pou maltèt
Ronak V. Shah, MD
Moun souvan gen maltèt, men se pa tout ki menm jan. Gen kèk ki bay yon ti doulè ki pèsiste—li deranje ou, men li fasil pou jere. Gen kèk ki lakoz yon doulè ki twòp ki ka anpeche ou regle aktivite ou. Gen lòt ki pa twò grav, men ki pa twò lejè nonplis.
Kilè yon maltèt ta dwe voye w nan sèvis swen ijan oswa nan sal ijans? Ronak V. Shah, MD, direktè medikal Mass General Brigham Express Care, diskite sou kalite maltèt moun souvan genyen yo epi li bay konsèy sou kilè ak ki kote pou chèche swen.
Kalite maltèt
Kalite maltèt moun pi souvan genyen yo evalye nan swen ijan yo tonbe nan youn nan twa kategori:
- Maltèt sinizit ki vini ak yon enfeksyon nan sinis yo. Anjeneral yo vini ansanm ak nen ki bouche ansanm ak presyon nan sinis yo.
- Maltèt tansyon akoz plizyè faktè, tankou estrès. Yo souvan gen rapò ak misk ki sere nan tèt, kou oswa machwè. epi anjeneral, yo santi tankou yon doulè ki pa twò fò, tankou yon bann ki antoure tèt la byen sere. "Maltèt tansyon ka dire ant 30 minit rive yon semèn," se sa Dr. Shah di. "Men yo gen tandans lakòz doulè ki pi modere ki pèmèt ou kontinye regle tout aktivite ou."
- Maltèt migrèn lakoz gwo doulè, tankou ou santi tanbou ap bay nan tèt ou. Yo souvan rive ak lòt sentòm tankou kè plen oswa sansiblite nan limyè ak son. Pafwa, anvan migrèn nan kòmanse, moun nan ka wè bagay yon fason ki diferan, yo rele sa aura. Yo ka dire ant 4 èdtan rive 3 jou, epi anjeneral yo vin pi mal si ou bouje. Sa yo se kalite maltèt ki anjeneral voye moun nan swen ijan oswa nan sal ijans. "Migrèn yo ka lakoz ou pa ka regle aktivite ou," se sa Dr. Shah di.
Kilè pou ale nan sal ijans pou maltèt
Nan ka ki ra, yon maltèt ka siy yon ijans medikal, tankou yon atak serebral oswa yon pwoblèm ak yon veso sangen nan sèvo a. Ale nan sal ijans si maltèt ou a gen rapò ak nenpòt nan sentòm sa yo:
- Pèt vizyon
- Gwo lafyèv
- Konfizyon
- Pèdi sansasyon oswa feblès
- Maltèt toudenkou ki grav anpil parèt san avètisman, pafwa yo rele li "tèt fè mal loraj"
Swen medikal pou maltèt
Kisa ou ta dwe fè lè ou gen yon maltèt ki pa yon ijans?
"Gen kèk bagay ou ka eseye lakay ou," se sa Dr. Shah di. Li rekòmande pou pran yon medikaman pou doulè san preskripsyon tankou ibipwofèn oswa asetaminofèn, epi swiv enstriksyon ki sou etikèt la. Epi asire w ou byen idrate, paske dezidratasyon ka fè maltèt vin pi mal.
Si ou toujou gen doulè, rele doktè swen prensipal (PCP) ou. Anpil klinik swen prensipal Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit menm jou a, ni an pèsòn ni vizit vityèl.
"Li toujou yon bon lide pou ou tcheke avèk PCP ou an premye—oswa avèk newològ ou oswa espesyalis pou pwoblèm maltèt, si ou deja ap resevwa tretman pou maltèt," se sa Dr. Shah di. Biwo doktè ou a ka rekòmande pwochen etap yo epi ede ak nenpòt pwoblèm ijan.
Si ou pa gen yon PCP oswa pa gen randevou ki disponib, ou ka ale nan sèvis swen rapid. Yon lòt opsyon itil se Swen Vityèl 24/7 Mass General Brigham. Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 an oswa plis, menm si yo pa janm wè yon pwofesyonèl sante Mass General Brigham anvan. Ni nouvo pasyan ni pasyan ki deja la ka pran yon randevou konsiltasyon anliy 24 èdtan chak jou, 7 jou chak semèn, pou menm jou a oswa pou jou kap vini an, atravè pòtay asyan Mass General Brigham nan.
"Swen Vityèl 24/7 ka yon bon opsyon si w pa sèten kisa pwochen etap ou ta dwe ye," se sa Dr. Shah di. "Se yon fason pou pale ak yon pwofesyonèl medikal ki resevwa fòmasyon pou ede ou deside si ou ka eseye remèd lakay oswa si ou dwe ale nan sèvis swen ijan oswa nan sal ijans."
Si w pa gen okenn nan sentòm ‘siy danje’ ki montre gen yon ijans, swen eksprès se yon bon opsyon pou jere maltèt.
Ronak V. Shah, MD
- Direktè Medikal, Mass General Brigham Express Care
Èske swen ijan ka trete migrèn?
Pou fè dyagnostik pwoblèm ki gen rapò ak maltèt, pwofesyonèl sante pou swen ijan an pèsòn ka fè tès tankou:
- Egzamen fizik tankou tcheke siy vital
- Egzamen newolojik
- Tès pou tcheke fòs kò ou, demach ou, ak reflèks ou
- Tès fonksyon sansoryèl (tankou vizyon ak tande)
- Evalyasyon pou menenjit oswa lòt enfeksyon
Pwofesyonèl sante pou swen ijan an pèsòn ka bay medikaman, tankou yon "melanj medikaman pou migrèn"—yon konbinezon piki pou trete doulè migrèn. Sa yo varye, men anjeneral yo gen ladan yo yon dwòg anti-enflamatwa ki pa estewoyid (NSAID) nan yon gwo dòz, ak yon medikaman kont kè plen. Ni pwofesyonèl sante pou swen ijan vityèl ak an pèsòn yo ka preskri medikaman tou, sitou si ou deja gen yon dyagnostik maltèt kwonik epi ou jis bezwen èd pou kontwole doulè a.
"Si w pa gen okenn nan sentòm "siy danje" ki montre gen yon ijans, swen ijan se yon bon opsyon pou jere maltèt," se sa Dr. Shah di.