Swen ijans pou lafyèv
Pwen kle yo
Ki jan pou konnen si ou gen lafyèv ak kilè pou chèche swen medikal:
- Sèvi ak yon tèmomèt dijital nan bouch pou pran tanperati ou, oswa yon tèmomèt dijital nan dèyè pou tibebe oswa timoun ki poko gen 5 an ki pa ka kenbe tèmomèt la nan bouch yo.
- Yon tanperati kò nòmal se 98.6 degre Fahrenheit (F). Yon lekti tèmomèt ki depase 100.4 degre F konsidere kòm yon lafyèv pou granmoun ak timoun ki gen plis pase 12 semèn. Pran nòt tanperati ou kèk fwa pa jou, paske li ka chanje pandan jounen an.
- Rele pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) si ou menm oswa pitit ou gen yon tanperati ki rive 104 degre F oswa ki pi wo oswa si yon tibebe ki poko gen 12 semèn gen yon tanperati ki depase 100.4 degre F.
- Ou ka trete lafyèv lakay ou ak medikaman ki fè lafyèv bese tankou ibipwofèn oswa asetaminofèn. Bwè anpil likid, repoze kò ou byen, epi evite aktivite ki fatigan jiskaske lafyèv ou ale epi ou santi ou pi byen.
- Konsidere swen ijan vityèl si ou gen lòt sentòm tankou dezidratasyon, konvilsyon, gratèl sou po oswa kou rèd.
Tout moun konn gen lafyèv detanzantan. Lè tanperati kò a ogmante, se souvan yon siy ki montre sistèm defans kò ou ap konbat yon enfeksyon oswa yon lòt maladi. Souvan, yon lafyèv bese poukont li pandan jèm yo ap kite kò ou. Men pafwa, yon lafyèv se siy yon pwoblèm sante ki mande tretman. Doktè medsin ijans Mass General Brigham Joseph W. Kopp, MD eksplike kilè ou ta dwe chèche swen medikal pou yon lafyèv.
Kisa lafyèv ye?
Pwofesyonèl sante yo konsidere yon tanperati ki rive 100.4 degre Fahrenheit (38 degre Celsius) oswa ki pi wo kòm yon lafyèv. "Nou konsidere 98.6 degre F (37 degre Sèlsiyis) kòm yon tanperati kò nòmal," se sa Dr. Kopp di. "Men kèk moun gen tanperati kò ki ka pi wo oswa ki pi ba. Sa pa vle di yo gen lafyèv."
Lè yon moun gen lafyèv, li souvan gen lòt sentòm tou, tankou:
- Doulè nan kò
- Frison
- Fatig
- Maltèt
- Pèt apeti
- Transpirasyon oswa figi ki vin wouj
Ki jan pou pran tanperati ou
Gen plizyè kalite tèmomèt pou pran tanperati kò. "Tèmomèt dijital pou bouch ou kenbe nan bouch ou bay mezi ki pi egzak," se sa Dr. Kopp di. Men, tèmomèt dijital yo itilize nan dèyè yo pi bon pou tibebe ak timoun ki poko gen 5 an ki pa ka kenbe yon tèmomèt nan bouch yo. Swiv enstriksyon fabrikan ki vini ak tèmomèt la pou jwenn pi bon rezilta yo.
Ou kapab itilize youn nan tèmomèt sa yo tou, byenke rezilta yo ka pa egzak menm jan ak rezilta lòt tèmomèt yo:
- Tèmomèt pou pran tanperati nan zòrèy
- Tèmomèt fwon
- Tèmomèt enfrawouj
- Tèmomèt anba bra
Tanperati kò ou chanje natirèlman pandan jounen an. Li souvan pi ba nan maten, epi answit li monte ofiramezi pandan ou nan fè plis aktivite. Pou kontwole yon lafyèv, li ka itil pou pran tanperati ou nan diferan moman pandan jounen an. "Ou ka kenbe yon dosye sou lè nan jounen an ak mezi tanperati a pou pataje ak pwofesyonèl sante ou a, men pa fè mwayèn mezi yo," se sa Dr. Kopp di.
Kòz komen lafyèv
Pami kòz komen lafyèv yo, genyen:
- Enfeksyon bakteri, tankou enfeksyon nan gòj ak estreptokòk oswa enfeksyon nan aparèy urin (UTI)
- Enfeksyon nan zòrèy
- Enfeksyon viral, tankou rim, grip ak COVID-19
- Repons sistèm iminitè a apre vaksinasyon
- Maladi otoiminitè
Kilè ou ta dwe chèche swen medikal pou yon lafyèv?
Ou ta dwe rele pwofesyonèl swen prensipal ou (PCP) si ou menm oswa pitit ou gen:
- Tanperati ki rive 104 degre F (40 degre C) oswa plis; pou tibebe ki poko gen 12 semèn oswa moun ki gen sistèm iminitè febli, tanperati ki depase 100.4 degre F (38 degre C)
- Lafyèv ki pa amelyore ak medikaman, tankou ibipwofèn oswa asetaminofèn
- Lafyèv ki dire plis pase 5 jou
- Konfizyon oswa chanjman nan konpòtman
- Batman kè ki twò rapid oswa difikilte pou respire
- Konvilsyon
- Siy dezidratasyon, tankou pipi ki diminye oswa je ki antre anndan
- Gratèl sou po
- Kou rèd
Biwo doktè ou aa ka rekòmande pwochen etap yo epi ede ou ak nenpòt pwoblèm ijan. Anpil klinik swen prensipal Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit menm jou a, vizit an pèsòn ak vizit vityèl. Si ou pa gen yon PCP oswa si pa gen randevou ki disponib, Swen Vityèl 24/7 kapab yon bon opsyon.
“Yon pwofesyonèl swen vityèl chèche konnen plis sou sentòm ou yo ak istwa medikal ou pou detèmine kisa ki gen anpil chans lakòz lafyèv la. Pwofesyonèl swen an ka rekòmande pou w ale nan yon sant swen rapid pou fè tès pou yon enfeksyon viral oswa bakteri, oswa pou w fè yon vizit an pèsòn pou yo verifye si w gen yon enfeksyon nan zòrèy oswa si gen yon lòt kòz.”
Joseph W. Kopp, MD
- Emergency Medicine Doctor, Mass General Brigham
Kilè ou ta dwe chèche swen vityèl pou yon lafyèv?
Pwofesyonèl sante pou swen vityèl 24/7 nan Mass General Brigham yo pran swen pasyan ki gen 3 an oswa plis, sa gen ladan moun ki poko janm wè yon pwofesyonèl sante Mass General Brigham anvan. Ni nouvo pasyan ni moun ki deja pasyan yo ka pran randevou pou yon vizit swen vityèl menm jou a oswa jou ki vin apre a sou Mass General Brigham Patient Gateway.
“Yon pwofesyonèl swen vityèl chèche konnen plis sou sentòm ou yo ak istwa medikal ou pou detèmine kisa ki gen anpil chans lakòz lafyèv la,” se sa Doktè Kopp di. “Pwofesyonèl swen an ka rekòmande pou w ale nan yon sant swen rapid pou fè tès pou yon enfeksyon viral oswa bakteri oswa pou w fè yon vizit an pèsòn pou yo verifye si w gen yon enfeksyon nan zòrèy oswa si gen yon lòt kòz.”
Pwofesyonèl swen vityèl ou a fè sant swen ijan an konnen ou pral vin la. Si ou bezwen yon tès sèlman, ou ka vini san randevou epi fè l san ou pa bezwen pale ak yon pwofesyonèl sante ankò. Si ou bezwen yon egzamen fizik, pwofesyonèl sante pou swen ijan an ap gen enfòmasyon ki soti nan randevou swen vityèl ou a, sa k ap ede akselere vizit ou a.
Trete lafyèv lakay ou
Anpil maladi ki lakoz lafyèv amelyore nan espas 3 a 4 jou. Annatandan, men kèk bagay ou ka fè pou ede ou santi ou pi byen lè ou gen lafyèv:
- Evite aktivite ki mande anpil efò.
- Bwè anpil dlo, bwason ki gen elektwolit ak lòt likid pou rete idrate.
- Pran anpil repo.
- Pran yon beny tyèd oswa yon douch tyèd.
- Pran ibipwofèn oswa asetaminofèn pou bese tanperati kò a pandan yon ti tan.
Chèche swen medikal tousuit si lafyèv la pa tonbe, si li vin pi mal, oswa si li vini ak sentòm yo mansyone pi wo a.