Poukisa moun fè tèt yo mal?
Avètisman sou kontni: Diskisyon sou fè tèt ou mal ak mansyone swisid
Fè tèt ou mal se yon pwoblèm sante ki afekte moun atravè mond lan — men malgre sa, sijè sa a toujou konsidere kòm yon bagay moun pa pale fasil sou li. Kòm rezilta, li ka difisil pou konprann jan moun fè tèt yo mal san entansyon swisid. Epi san bon jan konpreyansyon, li ka sanble enposib pou ede yon moun ou renmen k ap travèse yon moman difisil.
Mark Schechter, MD, yon sikyat Mass General Brigham ak prezidan Depatman Sikyatri nan Lopital Salem, reponn kesyon komen sou fason pou ede yon moun k ap fè tèt li mal.
Kisa ki fè tèt ou mal la?
Fè tèt ou mal, oswa blese tèt ou ki pa swisid (NSSI), se zak kote yon moun fè ekspre li blese tèt li. Li ka difisil pou konprann, men moun ki blese tèt yo san entansyon swisid (NSSI) pa ap chèche mete fen nan lavi yo. Souvan, y ap fè tèt yo mal pou lage oswa jere gwo emosyon ki fè mal.
“Nou fè diferans ant fè tèt ou mal ak yon tantativ swisid pa entansyon, Doktè Schechter eksplike. “Èske moun lan te gen kèk entansyon pou mouri, oswa èske se te kèk lòt motivasyon tankou soulajman nan detrès?”
Lè nou panse sou fè tèt nou mal, nou sitou panse sou domaj volontè nan kò a. Sa ka gen ladan l aksyon tankou:
- Grafouyen
- Koupe
- Frape
- Boule tèt nou
- Frape yon sifas ki di
- Vale objè avèk entansyon pou fè tèt nou mal
Men, jan Doktè Schechter eksplike, “Fè tèt nou mal ka gen ladan l tou fason ki mwens evidan pou fè tèt nou mal, tankou bwè, konsome dwòg nan yon eksè ki danjere, mete tèt nou nan sitiyasyon seksyèl ki danjere, oswa pa manaje.”
Pifò moun ki blese tèt yo fè sa paske yo gen santiman ki twò difisil pou yo sipòte, epi yo santi pa gen okenn lòt fason pou soulaje yo. Blese tèt yo ka bay yo yon ti soulajman.
Mark Schechter, MD
- Sikyat, Mass General Brigham
Kisa ki lakòz moun fè tèt yo mal?
“Pifò moun fè tèt yo mal paske yo gen santiman twò difisil pou yo ka sipòte, ki fè yo santi pa gen okenn lòt fason pou soulaje tèt yo, Doktè Schechter eksplike, “epi fè tèt yo mal la bay yon soulajman. Santiman sa yo ka entans: gwo lapenn, dezespwa, yon santiman kote w santi w kwense, ki se yon sans dezespwa ak yon pèsepsyon ke pa gen lòt fason pou soti.”
Fè tèt ou mal la ka sanble yon lide ki kontradiktwa. Apre tou, sa lakòz doulè. Men pou moun ki fè tèt yo mal kòm yon teknik pou yo fè fas ak sitiyasyon yo, doulè a ofri soulajman kont soufrans emosyonèl. Gen kèk moun ki note ke moun ki blese tèt yo montre siy adiksyon ki komen. Santiman soulajman sa a ka fò epi rekonpanse, sa ki fè li difisil pou sispann blese tèt ou.
Gen yon move lide ki gaye anpil ki fè moun kwè moun blese tèt yo pou yo atire atansyon. Kòm Doktè. Schechter eksplike se anjeneral pa sa ditou ka a. An reyalite, moun souvan kache lè y ap fè tèt yo mal akoz wont ak kilpabilite, ki se toutafè opoze ak ‘chèche atansyon.’
“Pifò moun fè tèt yo mal akoz santiman detrès ki pa ka sipòte sa a epi yo pa ka jwenn okenn lòt fason pou yo jwenn soulajman, Doktè Schechter eksplike. “Gen kèk fwa moun fè tèt yo mal pou yo montre detrès yo pa ka mete eksprime avèk mo, tankou lè yo ta renmen di: 'Mwen bezwen èd'. Men, nou pa ka sipoze tou ke se sa ki prensipal motivasyon an.”
Siy ki montre yon moun ap fè tèt li mal
Pafwa, fè tèt ou mal ka parèt evidan. Pa egzanp, ou ka wè blesi ki fèk fèt oswa boule sou bra oubyen janm yon moun ou renmen, oswa tach san sou rad li. Men souvan, sa pa klè, epi moun ka fè tèt yo mal akoz kilpabilite oswa wont.
Doktè. Schechter eksplike. “Kèk siy avètisman ki montre yon moun ka ap fè tèt yo mal se koupe repete, ematom, oswa mak san eksplikasyon. Pafwa, moun mete chemiz manch long oswa pantalon tout tan, kèlkeswa jan tan an ye. Oswa foula oswa mayo ki gen gwo kou pou kache mak sou bra, janm, oswa kou.”
Ou ka remake yon chanjman toudenkou nan konpòtman oswa nan imè. Yon moun ka fè eksperyans chanjman nan imè ki rapid epi ki egzajere; yo ka parèt tou deprime ak san espwa. Yo ka menm eksprime santiman ki fè yo santi yo pa vo anyen.
Ki moun ki pi riske pou fè tèt yo mal?
“Fè tèt ou mal se yon bagay ki rive pi souvan pase sa moun panse, Doktè Schechter eksplike. “An jeneral, yo panse se fanm ki fèt tèt yo mal plis ke gason, epi sa ka vre. Men, sa ka pi pre 50-50 ke sa nou panse. Se paske anpil nan konpòtman gason konn fè, tankou pwovoke yon batay epi blese tèt yo, bay yon mir, bwè alkòl, oswa konsome dwòg twòp, souvan pa konsidere kòm fè tèt yo mal.”
Fè tèt ou mal plis rive lakay adolesan yo. Men, sa rive tou lakay granmoun, sitou si yo gen yon istwa chòk nan anfans oswa sèten maladi sikyatrik tankou twoub depresif majè (depresyon) ak twoub bipolè. NSSI pi komen tou lakay moun ki idantifye kòm moun ki pa etewoseksyèl oswa transgan. Eksperyans kote yon moun ap sibi entimidasyon oswa viktim lòt jèn parèy li se yon faktè risk tou pou fè tèt li mal.
Èske fè tèt ou mal mennen nan swisid?
“Repons kout la se non, Doktè Schechter eksplike. "Anpil moun ki fè tèt yo mal pa fini pa touye tèt yo. Men, relasyon ki genyen ant fè tèt ou mal ak swisid konplike paske fè tèt ou mal, menm lè li pa lakòz lanmò, se yon faktè risk pou swisid."
Sa a se youn nan rezon ki fè li tèlman enpòtan pou chèche èd pou abitid fè tèt ou mal la touswit anvan li vin pi difisil pou sispann.
Kijan pou w sispann fè tèt ou mal
Si w pare pou w sispann fè tèt ou mal, li enpòtan pou w chèche èd anvan tout bagay. Fanmi, zanmi, kòlèg, pwòch, ak nenpòt moun ou ka fè konfyans ka ofri w sipò.
Chèche èd pwofesyonèl nan men yon terapet ki gen lisans epi konsidere fè yon evalyasyon pou medikaman. Si w pa konnen ki kote pou w kòmanse, pale ak founisè swen sante prensipal (PCP) ou. Yo ka mete w an kontak ak yon terapet ki ka ede w rekonèt sa ki deklanche abitid fè tèt ou mal la epi prepare fason ki pi an sante pou kalme tèt ou.
Ou ka ranplase abitid fè tèt ou mal la ak lòt konpòtman tankou fè egzèsis, koute mizik, fè atizay, ale fè yon ti mache, oswa fè egzèsis ki mande anpil efò. Gen moun ki santi yon douch cho oswa pran yon beny ede yo santi yo pi byen. Gen lòt ki renmen frape yon sak pwensonaj, oswa patisipe nan lòt aktivite entans, menm kèk aktivite ki ka fè yon ti jan mal tankou yon antrennman di.
Kijan pou ede yon moun k ap fè tèt li mal
Li enpòtan anpil pou w kòmanse avèk konpasyon — pa avèk kritik. Eseye sonje ke moun ki fè tèt yo mal fè sa paske yo santi yo tèlman mal, yo pa ka sipòte sa ankò epi yo pa ka jwenn okenn lòt fason pou yo debarase yo de santiman sa yo. Moun ki fè tèt yo mal souvan santi yo koupab, yo wont, epi yo santi yo poukont yo. Jis fè yo santi ou tande yo epi ou konprann yo ka deja pote yon gwo soulajman.
Poze kesyon epi koute san w pa jije. Fè atansyon pou w pa bay twòp konsèy oswa pou w pa pale twòp sou pwòp eksperyans pa w. Pa ezite poze kesyon sou panse swisid. Sa ka fè w santi w pa alèz, men li enpòtan anpil. Si yon moun santi l gen lide swisid, li dwe ale nan yon sèvis ijans pou jwenn swen touswit.
Pale ouvètman sou blese tèt ou ak sou santiman ki pouse yon moun fè sa se youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou moun nan santi l alèz pou l vin pale avè w epi chèche èd. Epi si w ap lite, rele yon moun ou fè konfyans. Ou pa pou kont ou nan sa. Mande èd se premye etap la nan chemen rekiperasyon.