McLean OnTrack
617-855-3535
Sou pwogram nan
McLean OnTrackTM bay pi bon swen posib pou jèn adilt ki nan etap prekòs twoub sikotik yo. Nou konprann ke fè eksperyans yon epizòd sikoz — sitou premye epizòd sikoz la — kapab yon peryòd chaje ak gwo ensètitid ak difikilte pou pasyan yo ak fanmi yo.
Pwogram swen anbilatwa nou an espesyalize nan tretman pou jèn adilt ki gen ant 18 ak 30 an, ki te fè premye epizòd psikoz yo pandan ane ki sot pase a.
Apwòch nou nan swen
Pwogram nou an pi byen adapte pou moun ki se:
- K ap viv etap prekòs sikoz apre yon premye epizòd sikoz resan
- K ap lite ak sikoz akòz twoub sikotik prensipal oswa twoub imè
- K ap chèche entèvansyon prekòs ak tretman anbilatwa pèsonalize
Pwogram anbilatwa dezan nou an bay swen endividyalize ak objektif espesifik pou amelyore kapasite fonksyonèl.
Lè nou konsantre sou eksperyans inik chak pasyan nou yo, n ap fè efò pou nou jwenn yon langaj komen pou nou diskite sou difikilte yo epi jwenn yon chemen pou n avanse. Kidonk, chak plan tretman adapte pou reponn ak bezwen espesifik moun nan.
Byenke etap prekòs tretman yo ka mande pou pasyan an fè vizit souvan epi chanje medikaman, frekans ak entansite tretman an anjeneral diminye pandan kapasite pasyan an pou l fonksyone ap amelyore sou yon peryòd dezan.
Yon pati enpòtan nan misyon nou se travay pou devlope tretman efikas lè nou fè rechèch syantifik. Nou bay pasyan yo opòtinite pou yo patisipe volontèman nan etid rechèch ki vize konprann pwosesis byolojik ki lakòz sikoz ak devlope tretman efikas.
Objektif prensipal swen klinik ak rechèch nou yo se travay pou pèmèt moun yo reprann kapasite fonksyonèl yo epi oryante lavi chak moun nan yon direksyon pozitif.
Pou moun k ap chèche tretman pou jèn ki gen risk pou devlope pwoblèm sante mantal grav, tanpri konsidere Pwogram Sipò, Tretman ak Rezilyans (STAR).
Epizòd sikotik ka lakòz gwo twoub nan travay, lekòl ak relasyon. Moun ki soufri ak sikoz ka enkyete yo pou lefètke y ap pran reta parapò ak moun menm laj avèk yo, yo pap ka reyalize objektif alontèm yo, epi yo pap ka retounen nan lavi yo te genyen anvan epizòd maladi a te kòmanse.
Premye ane yo apre premye epizòd sikoz la se peryòd kote nou ka gen pi gwo enpak pou chanje kou maladi a ak pwosesis rekiperasyon an, yon fason pou diminye risk pou moun nan vin gen yon andikap alontèm.
Nan McLean OnTrackTM, nou kwè ke si nou bay jèn yo pouvwa pou yo jwe wòl prensipal ak aktif nan pwòp swen sante yo, sa ap amelyore chans yo pou refè nèt epi kenbe eta sante sou tan. Non pwogram nan, "OnTrack," mete aksan sou priyorite nou bay rekiperasyon fonksyonèl ak modèl nou an ki baze sou pran desizyon ansanm.
Piske fason maladi a evolye ka varye nan etap prekòs yo, yo etabli plan tretman ki adapte ak bezwen chak pasyan pandan y ap evolye, toutpandan y ap aplike pi bon pratik pou trete premye epizòd sikoz.
Yo adapte entansite ak konbinezon metòd tretman yo selon sitiyasyon chak moun. Frekans vizit pou swen anbilatwa varye selon pasyan an, men an jeneral, sesyon yo fèt chak semèn nan faz prekòs la epi yo diminye avèk letan pandan moun yo ap reprann fòs yo epi rekòmanse aktivite nòmal yo.
Pwogram nan ofri terapi endividyèl ak an gwoup, pwogram sipò pou fanmi, tretman avèk medikaman, konsèy nan men moun ki gen menm eksperyans, ak sèvis jesyon ka. Pasyan yo benefisye tou de sèvis atravè McLean, tankou resous pou swen ak edikasyon, ansanm ak konsiltasyon newolojik ak medikal.
Nou byen egzamine risk ak avantaj chak tretman pou chak pasyan, sa ki gen ladan l itilizasyon medikaman. Konsèy ak jesyon konsènan medikaman baze sou prensip ki fè konnen trete sentòm yo pa toujou vle di retabli kapasite fonksyonèl.
Okontrè, nou enplike jèn yo nan pwosesis pou yo bay lavi yo sans, lè nou itilize plizyè apwòch terapetik anplis metòd tradisyonèl yo.
Objektif nou se travay avèk chak pasyan pou anpeche lòt boulvèsman nan lavi yo, retabli kapasite moun nan pou l fonksyone, epi ede moun ak fanmi yo reprann kontwòl lavi yo. Pwogram nan ofri sipò pou manm fanmi yo ak moun k ap bay swen yo, epi li entegre yo kòm yon pati esansyèl nan ekip tretman an, lè li ba yo konsèy, sipò ak fòmasyon, kit se endividyèlman oswa an gwoup.
McLean OnTrack apwopriye pou granmoun ki gen ant 18 ak 30 an, ki te fè yon premye epizòd sikoz nan 12 mwa ki sot pase yo.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram nan oswa pou fè yon referans, tanpri rele 617-855-3535.
Pifò konpayi asirans kouvri McLean OnTrack. Genyen tou yon frè $1,000 ou dwe peye ou menm yon sèl fwa pou sèvis asirans pa kouvri. Depans sa a moun nan dwe peye nan pòch li pa ta dwe yon obstak pou jwenn tretman; se poutèt sa, n ap bay asistans finansye ki adapte selon sitiyasyon ekonomik moun ki kalifye pou sa.
Lopital McLean aksepte Medicare, Medicaid Massachusetts, ansanm ak anpil plan asirans prive ak plan swen jere. Aprann plis enfòmasyon sou konpayi asirans Lopital McLean aksepte yo. Sa ka itil ou tou pou w revize enfòmasyon McLean konsènan faktirasyon pasyan ak asistans finansye.
Swen pasyan kolaboratif
Anplwaye miltidisiplinè nou yo gen ladan yo sikyat ak sikològ sètifye, rezidan, travayè sosyal klinik ki gen lisans, ak yon konseye kanmarad.
Ekip la ap travay pou bati relasyon konfyans ak kolaborasyon avèk pasyan yo ak manm fanmi yo nan yon anviwònman ki pran swen pasyan yo epi ki bay sipò.
Kesyon yo poze souvan
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
Espesyalis nou yo
617-855-3535
Kontakte McLean OnTrack
617-855-3535
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal