10 pi bon manje pou bese kolestewòl
833-642-2863
Rele Pwogram pou Prevansyon Maladi Kè ak Veso Sangenn nan 833-642-2863.
8336422863
8336422863
Pwen kle yo
Men 10 pi bon chanjman ou ka fè nan manje ou pou bese kolestewòl:
- Sèvi ak lwil ki an sante olye de bè.
- Chwazi pwodui ki fèt ak lèt san grès.
- Chwazi manje ki gen pwoteyin ak ti kras grès olye vyann wouj.
- Manje manje ki gen fib oswa pran sipleman fib.
- Chwazi manje ki fèt ak grenn antye.
- Manje fwi ak nwa kòm ti goute.
- Mete plis legim nan manje ou.
- Eseye manje ki gen anpil pwoteyin ak ti kolestewòl, tankou pwa ak chich.
- Bwè dlo oswa bwason ki san sik.
- Eseye avwan, ze oswa ti fwi tankou frèz pou manje maten.
Byenke kò ou bezwen kolestewòl pou l viv, gen anpil chans pou ou gen plis kolestewòl pase sa ou bezwen. Dapre Romit Bhattacharya, MD, yon Ameriken gen an mwayèn 2 a 5 fwa plis kolestewòl pase kò l bezwen.
Doktè. Bhattacharya se yon doktè espesyalis nan kè nan Enstiti Kè ak Veso Sangenn Mass General Brigham. Li travay nan Pwogram pou Prevansyon Maladi Kè ak Veso Sangenn. Nan atik sa a, li eksplike ke pi bon fason pou bese kolestewòl ou se diminye konsomasyon ak pwodiksyon kolestewòl ou. Sa vle di manje mwens sik, grès satire, ak kolestewòl li menm. Kò ou sèvi ak twa bagay sa yo pou pwodui kolestewòl.
Malgre se pa tout kolestewòl ki move, li toujou bon pou sante kè ou pou konprann ki manje nan rejim alimantè ou ki ka kontribye nan nivo kolestewòl ki an sante.
Bati yon rejim alimantè ekilibre ki ba an kolestewòl
Rechèch montre lè moun chanje fason yo manje pou yo manje pi byen, nivo kolestewòl yo bese anpil. Men, chanjman sa yo gen anpil chans pou yo pa fèt tousuit.
“Imajine ou gen yon basen ki gen yon twou kote dlo ap koule, epi basen an plen kolestewòl,” se sa Doktè Bhattacharya di. “Pa gen anyen ki ka fè basen an vide pi vit, men ou ka diminye dlo k ap soti nan tiyo a oswa fèmen tiyo a pou mwens kolestewòl antre.”
Doktè. Bhattacharya rekòmande 10 chanjman ou ka fè nan rejim alimantè ou pou bese nivo kolestewòl la avèk siksè.
1. Ranplase bè ak lwil ki pi bon pou sante.
Sa vle di ranplase grès satire ak grès ki pa satire, kit yo gen yon sèl kalite kit yo gen plizyè kalite. Pami tout sa kò a sèvi avè l pou fè kolestewòl, se grès satire li pi fasil transfòme an kolestewòl.
“Bè se prèske grès satire sèlman,” se sa Doktè Bhattacharya di. Luil ki soti nan plant twopikal yo, tankou luil kokoye ak luil palmis, gen yon gwo kantite grès satire tou. Si w manje grès satire, eseye pa manje plis pase 2 gram nan yon pòsyon.
Doktè. Bhattacharya konseye sèvi ak lwil ki gen mwens grès satire, tankou:
- Lwil zaboka
- Lwil kanola
- Lwil grenn len
- Lwil oliv
- Lwil grenn tounsòl
Men, lwil sa yo toujou gen anpil kalori. Se poutèt sa, li konseye ou pa sèvi ak twòp.
“Si nou manje twòp, menm manje ki bon pou sante, nou ka pran pwa. Sa ka lakòz pwoblèm nan fason kò nou sèvi ak manje ak nan nivo kolestewòl nou.”
Romit Bhattacharya, MD
- Cardiologist, Mass General Brigham Heart and Vascular Institute
2. Chwazi manje ki fèt ak lèt san grès.
“Manje ki fèt ak lèt se youn nan pi gwo sous grès satire nan manje nou,” se sa Doktè Bhattacharya di. “Rechèch montre nou pa ta dwe manje grès ki nan lèt ak manje ki fèt ak lèt. Anpil manje ki fèt ak lèt, sitou sa ki gen tout grès yo, fèt pou ti bèf k ap grandi, pa pou moun.”
Se poutèt sa, manje ki fèt ak lèt fè pati manje ki pi move pou moun ki gen kolestewòl wo. Ou ka ranplase pwodui letye ki gen tout grès yo ak pwodui letye san grès oswa lòt altènativ san pwodui letye. Men, fè atansyon ak lèt kokoye, yo souvan itilize pou ranplase lèt. Li gen anpil grès satire pou yon manje ki soti nan plant.
3. Ranplase vyann wouj ak manje ki gen pwoteyin ak ti kras grès.
“Ranplase vyann wouj ak pwason oswa manje ki bay pwoteyin ki soti nan plant se yon bon fason pou bese kolestewòl ou,” se sa Doktè Bhattacharya di.
Li rekòmande pou ranplase vyann, ki gen anpil grès satire, avèk:
- Pwason ki gen anpil asid gra omega-3, tankou somon
- Bèt volay san po, tankou poul
- Manje ki fèt ak pwoteyin ble, yo rele seitan
- Manje ki fèt ak pwa soya fèmante, yo rele tanpe
- Tofou
4. Manje manje ki gen fib oswa pran sipleman fib.
Fib anpeche kò ou pran kolestewòl ak grès ki nan manje yo. Li ede kò ou konnen lè ou plen pou ou pa manje twòp.
“Si nou manje twòp, menm manje ki bon pou sante, nou ka pran pwa,” se sa Doktè Bhattacharya di. “Sa ka lakòz pwoblèm nan fason kò nou sèvi ak manje ak nan nivo kolestewòl nou.”
Men kèk manje ki gen anpil fib epi ki ede bese kolestewòl:
- Legim vèt ki kroustiyan
- Patat dous
- Pòmdetè òdinè
- Manje ki fèt ak grenn antye
Ou ka achte sipleman fib nan famasi tou. Asire w ou pran yo ak anpil dlo.
5. Chèche manje ki fèt ak grenn antye.
Grenn antye pa gen kolestewòl ditou. Gwo kantite fib yo genyen an ede anpeche kò ou absòbe kolestewòl ak grès ki soti nan manje ou manje yo. Men kèk bon egzanp grenn antye:
- Grenn tankou kinoa, faro ak amarant
- Diri mawon
- Grenn avwan koupe an moso oswa aplati
- Pen ble antye (li diferan ak pen ki fèt ak plizyè kalite grenn oswa ki gen grenn sou li)
6. Manje fwi ak nwa kòm ti goute.
Fwi, sitou ti fwi yo, gen anpil avantaj ki ede bese kolestewòl. Yo gen anpil fib, men yo pa gen kolestewòl ni grès satire.
Doktè. Bhattacharya avèti kont ji fwi, paske pwosesis fè ji a retire fib la epi li kite plis sik. Li note tou ke manje fwi antye pi bon pase melanje li. “Moulen fwi a epi kite kò ou dijere fib li. Sa ede kò ou konnen lè ou plen,” se sa li di.
Nwa se yon ti goute ki gen anpil fib. Yo ede ou pa santi grangou pandan lontan. Anplis, nwa gen ti kras grès satire ak anpil lòt grès ki pi bon pou sante.
7. Mete plis legim nan rejim alimantè ou.
Ou ta renmen pa li pati sa a? Si ou pa renmen legim, poze tèt ou kesyon sa a: Èske ou trete legim ou yo menm jan ou trete vyann ou?
“Byen souvan, nou pa bay legim menm chans ak vyann,” se sa Doktè Bhattacharya fè remake. « Èske ou chwazi legim ou yo avèk anpil atansyon epi chèche sa ki pi fre yo? Èske ou fè yo pran gou nan yon asezonman? Èske ou gen yon fason ou pi renmen kwit yo oswa mete epis ladan yo?” Li di fason ou gade, manyen, pran sant ak prepare manje ou ka fè ou renmen l plis.
Pifò legim pa gen kolestewòl ni grès ditou, epi yo se yon bon sous fib. Tout legim ede bese kolestewòl, men Doktè Bhattacharya mete aksan sou legim fanmi chou ak legim ki gen fèy vèt, tankou:
- Bwokoli
- Ti chou Briksèl
- Chou
- Chou frize
- Epinad
8. Eseye pwa ak lòt manje ki gen anpil pwoteyin ak ti kras kolestewòl.
Pwoteyin ede ou santi ou plen pi lontan apre ou fin manje. Manje bon sous pwoteyin ka anpeche ou manje twòp pandan tout jounen an. Men kèk manje ki gen anpil pwoteyin ak ti kras kolestewòl:
- Pwa nwa, pwa wouj ak pwa soya
- Pwa chich
- Jèn pwa soya vèt, yo rele edamame
- Lantiy
- Tofou
9. Chwazi bwason san sik oswa dlo pito.
Sik fè kò ou lage ensilin, yon òmòn ki afekte fason kò ou trete sik epi itilize enèji. Ensilin sèvi tou kòm yon siyal ki ankouraje kò ou pwodui plis kolestewòl. Li jwe yon wòl kle nan fason kò a pwodui kolestewòl.
“Sik fè kò nou pwodui kolestewòl pi vit epi an pi gwo kantite,” se sa Doktè Bhattacharya di. Chwazi opsyon san sik olye de bwason ki gen sik ka ede w kenbe nivo kolestewòl ou ba.
10. Kòmanse jounen ou ak yon dejene ki pa gen anpil kolestewòl.
Yon bon dejene ka prepare ou pou rès jounen an. Doktè. Bhattacharya sijere kèk manje maten li renmen ki gen ti kras kolestewòl, tankou:
- Blan ze oswa tofou brase ak epis sou pen ble antye griye
- Yogout grèk ak ti fwi, bannann ak manba nwa
- Avwan ak ti fwi, nwa ak grenn chia
Ki lòt konsèy ki genyen pou evite manje twòp?
Lè w ap chanje fason ou manje, sonje kenbe yon bon ekilib nan asyèt ou. Pa mete twòp manje ladan l, menm si manje a bon pou sante. Kò ou bezwen diferan eleman nitritif nan bon kantite.
Doktè. Bhattacharya rekòmande pou ranpli yon ka nan asyèt ou ak pwoteyin mèg (ki soti nan plant, pwason oswa bèt volay san po), mwatye asyèt la ak legim ki pa gen anpil lanmidon. Rès la ta dwe gen grenn antye ak grès ki bon pou sante.
Pou rete ekilibre epi evite manje twòp, eseye:
- Bwè anpil dlo.
- Manje bò tab la, pa devan televizyon an. Televizyon an ka anpeche w remake lè w plen.
- Note sa w manje nan yon kaye oswa yon aplikasyon pou konnen konbyen w manje toutbon.
- Sèvi ak asyèt ki pi piti pou limite kantite manje ou pran.
Aprann plis sou swen kadyak ak vaskilè
Kontakte Pwogram Prevansyon Maladi Kè
833-642-2863
Rele Pwogram pou Prevni Maladi Kè ak Veso Sangen yo nan 833-642-2863.
8336422863
8336422863