Èske Ze Bon pou Kè a?
Bwouye, bouyi di, kuit, oswa fri, Ameriken yo renmen ze. Men anpil moun manje ze avèk yon santiman koupab poutèt enkyetid sou fason ze afekte sante kè a.
Bon nouvèl la: Lè ou manje yo avèk mezi, ze ka fè pati yonrejim alimantè ki bon pou kè, daprè Pradeep Natarajan, MD, MMSc, yon kadyològ nan Mass General Brigham epi direktè Sant Prevansyon Maladi Kadyovaskilè nan Massachusetts General Hospital. Ze yo bon, men limite kantite total la a youn pa jou, an mwayèn sou yon semèn, san ou pa fè eksè ekstrèm nan yon sèl jou.
Nan atik sa a, Doktè Natarajan pataje plis enfòmasyon sou dènye rechèch yo sou ze aknivo kolestewòl ki sen epi fason pou enkòpore ze nan yon rejim alimantè ki bon pou kè.
Kolestewòl dyetetik kont kolestewòl k ap sikile
Yon gwo ze se yon sous enpòtan kolestewòl dyetetik kalite kolestewòl ou konsome a. Li gen apeprè 186 miligram kolestewòl ki konsantre nan jòn ze a. Anvan 2015, Gid Dyetetik pou Ameriken ki pibliye nan Depatman Sante ak Sèvis Imèn Etazini, te sijere pou pa manje plis pase 300 miligram kolestewòl pa jou, Se sa Doktè Natarajan di. Plis pase yon ze ka fè w depase limit la.
Lè Etazini te chanje Gid Dyetetik yo an 2015, yo te retire avètisman pou konsomasyon kolestewòl dyetetik la, Se sa Doktè Natarajan di. « Sa se paske prèv sou risk sante kolestewòl dyetetik yo varye anpil. »
Yo te ajiste gid yo tou paske, sa ki etone, kolestewòl dyetetik jeneralman pa afekte kolestewòl k ap sikile (oswa kolestewòl nan san) anpil. Kò a pwodui kolestewòl k ap sikile, yo jwenn li nan san an, epi doktè w mezire l avèk yon tès san. Li ka kole sou sifas veso sangen yo epi lakòz blokaj ki finalman mennen ak atak estwòk ak kriz kadyak..
Rechèch montre ke manje manje ki gen anpil grès satire, sitou asid gra, ogmante kantite kolestewòl k ap sikile ke kò w pwodui, Se sa Doktè Natarajan di. Manje ki gen anpil asid satire yo pami pi move manje pou kolestewòl wo. Grès satire yo an jeneral jwenn nan pwodui bèt, pwodui letye, ak kèk luil plant twopikal. Yo an jeneral solid nan tanperati chanm. Asid gra yo nan kèk manje ki soti nan bèt ak manje ki fabrike, tankou magarin. Ze yo gen yon kantite grès satire ki ba, avèk mwens pase 2 gram pa gwo ze, epi yo gen sèlman ti kantite asid gra.
Ze ak kolestewòl: Dènye rechèch la
Rechèch sou ze ak maladi kè pa tire konklizyon definitif. Prèv pou yon bò oswa lòt la sou ze yo manke, sa ki fè sijè a twoublan pou konsomatè yo, Se sa Doktè Natarajan di.
Gen kèk etid ki montre yon koneksyon ant konsomasyon ze ak yon risk ki wo pou maladi kè. Lòt etid di manje ze diminye risk pou kèk maladi ki gen rapò ak kè.
Kontèks la enpòtan anpil lè n ap konsidere etid sa yo, Se sa Doktè Natarajan di. Etid sou rejim alimantè yo pafwa difisil pou entèprete paske rezilta yo ka defòme pa fason patisipan yo viv. Konklizyon sou konsomasyon ze ka afekte pa:
- Metòd preparasyon: Ze yo souvan kuit ak grès ajoute.
- Asosyasyon manje: Moun gen tandans manje manje gra tankou bekonn ak sosis ansanm ak ze.
- Nivo aktivite: Li ka difisil pou suiv nivo egzèsis pou patisipan etid yo
- Manje ranplase: Moun ki evite ze ka ranplase yo ak lòt manje ki afekte sante kè.
Moun pa bezwen depanse twòp enèji mantal yo ap limite ze, depi yo pa manje kantite ki twòp. Olye de sa, yo ta dwe konsantre sou minimize lòt bagay nan rejim alimantè yo ke rechèch yo montre ki afekte sante kè negatif, tankou diminye asid satire ak idrat kabòn rafine.
Pradeep Natarajan, MD, MMSc
- Kadyològ, Mass General Brigham.
Ze kòm yon pati nan yon rejim alimantè ki bon pou kè
Avèk sèlman 78 kalori yo chak, epi ki gen anviwon 6 gram pwoteyin, ze se yon manje ki gen relativman ti kalori epi ki chaje ak eleman nitritif. Kidonk, yo gen plas yo nan yon rejim alimantè ki ekilibre, Se sa Doktè Natarajan di. Pou moun ki an sante, sa vle di li byen pou w pran plezi ak yon onmlèt twa ze yon fwa oswa de fwa pa semèn. Chwazi blan ze si ou vle benefisye pwoteyin ki baze sou ze san jòn ze ki gen anpil kolestewòl la. Jis pa egzajere.
Piske kèk rezilta montre ke twòp konsomasyon ze ka yon kòz enkyetid, li fè sans pou modere kantite ze w ap manje, Se sa Doktè Natarajan di.
Moun ki gen maladi kè oswa kolestewòl wo ka bezwen redui konsomasyon ze yo menm plis. Pale ak doktè w oswa yon nitrisyonis sou fason pou diminye kolestewòl oswa ki limit ki apwopriye pou kondisyon medikal espesifik.
Yon rejim alimantè reyalis se youn ou renmen. Si ou renmen ze, aprann kijan pou enkòpore yo nan fason w ap viv. Modifikasyon rejim alimantè ka difisil pou moun ki gen dyagnostik maladi kè. Rejim alimantè ki gen anpil restriksyon ka difisil pou moun suiv, Se sa Doktè Natarajan di.
Si ou gen maladi kè, li sijere pou w rantre nan yon pwogram reyabilitasyon kadyak. Nou ede moun reyalize rejim alimantè ki bon pou kè a ki reyalis epi ki agreyab, se sa li di.
Doktè Natarajan ofri direktiv jeneral sa yo pou yon rejim alimantè ki bon pou kè a:
- Elimine asid gra epi redui grès satire: Rechèch montre yo poze yon gwo risk pou maladi kè. Olye de sa, chwazi grès poli-ensatire yo jwenn nan luil legim, somon, nwa, ak grenn.
- Redui idrat kabòn rafine: Idrat kabòn rafine ka ogmante risk pou obezite, sendwòm metabolik, ak dyabèt.. Yo komen nan pwodui boulanjri ak manje trete tankou bretzèl ak bisuit.
- Konsantre sou fib: Fib ki soti nan plant tankou grenn antye, pwa, legim, ak fwi ka diminye risk pou maladi kè, dyabèt, ak lòt maladi.
An menm tan, li byen pou manje ze. Moun pa bezwen depanse anpil enèji mantal yo ap limite ze, depi yo pa manje kantite ki twòp, Se sa Doktè Natarajan di. Olye de sa, yo ta dwe konsantre sou minimize lòt bagay nan rejim alimantè yo rechèch montre ki afekte sante kè a negatif, tankou diminye asid satire ak idrat kabòn rafine.