Rejim alimantè pou GERD: Manje ki diminye asid
Sarah Andrus, MS, RD, LDN
Tout moun konn gen kè brile detanzantan. Men, si ou santi ou gen kè brile sa a nan pwatrin ou oswa nan gòj ou regilyèman, kèk chanjman nan rejim alimantè ou ak abitid manje ou ka pote kèk soulajman.
“Manje ou ta dwe ap deplase nan yon sèl direksyon — soti nan bouch ou rive nan lestomak ou — epi li ta dwe dijere nan lestomak ou nan yon sèten peryòd tan,” Sarah Andrus, MS, RD, LDN, yon dyetetisyen pou pasyan ekstèn Mass General Brigham nan Klinik GERD ak sansasyon kè brile nan Lopital Newton-Wellesley di. “Pou moun ki gen asid kwonik oswa GERD (maladi rflu gastro-ezofaj), pwosesis sa a pa fonksyone byen”
Nan moun ki gen GERD, kontni asidik nan lestomak la ka remonte nan ezofaj la (tib ki konekte bouch ou ak lestomak ou). Asid ak GERD ka lakòz sentòm ki deranje. Yo kapab tou irite pawa ezofaj ou epi lakòz pwoblèm sante pita. Konnen kisa pou ou manje — ak kisa pou ou evite — lè ou gen GERD ka ede ou jwenn soulajman epi anpeche domaj nan pawa ezofaj la.
Sentòm rflu asid
Rflu asid ak GERD souvan lakòz youn oswa plizyè nan sentòm sa yo:
- Santiman boule nan gòj ou oswa nan pwatrin ou, yo rele kè brile
- Tous oswa gòj fè mal
- Santiman manje kole nan gòj ou
- Rejiritasyon, lè manje tounen moute nan bouch ou soti nan ezofaj ou.
- Difikilte pou vale (disfaji)
- Chanjman nan vwa oswa vwa ki anwe
Sepandan, “GERD silansye” enplike rflu asid souvan ki domaje ezofaj la men ki pa lakòz sentòm. Maladi an souvan dekouvri pandan yon andoskopi, yon tès ki sèvi ak yon ti kamera pou eksplore ezofaj ou.
Ki manje ki lakòz rflu asid?
Manje ou manje ak fason ou manje yo ka kontribye nan rflu asid.
“Pa gen okenn manje ki lakòz GERD, men sèten manje ak abitid ka agrave sentòm GERD yo. Nou gen yon lis byen defini de manje ak konpòtman ki gen plis chans pou lakòz GERD, Andrus di. Sepandan, manje ki deklanche sentòm yo diferan pou chak moun. Kidonk, se pa yon bon lide pou jis retire tout lis manje sa yo. Yo ka pa pwoblèm pou ou, epi pa manje yo ka elimine anpil bon eleman nitritif nan rejim alimantè ou.”
Li sijere kenbe yon dosye sou sa ou manje ak ki lè ou santi sentòm yo. Sa ka ede w idantifye ki manje ki afekte w pèsonèlman.
Manje ki irite pawa èzofaj la
Gen kèk manje ki pi asid epi ki ka irite pawa èzofaj la. Manje ki gen asid ke anpil moun ki gen GERD evite yo se:
- Pwodwi sitwon, tankou sitwon ak ji zoranj
- Manje pikant
- Pwodwi tomat, tankou sòs wouj
Manje ki detann valv èzofaj la
Gen de valv (sfinktè) nan èzofaj ou. Valv anwo a konekte bouch ou ak èzofaj ou. Valv anba a konekte èzofaj ou ak lestomak ou. Yo ta dwe rete fèmen jiskaske yo bezwen louvri pou pèmèt manje antre. Yo louvri tou lè nou vomi.
“Men kèk manje ak bwason ka detann valv sa a ki nan fen èzofaj ou a, sa ki pèmèt sa ki nan lestomak la ki gen asid tounen moute nan èzofaj la,” Andrus eksplike. Manje sa yo gen ladan yo:
- Alkòl
- Chokola
- Kafe
- Manje ki gen anpil grès
- Mant, sitou mant piper
Manje ki lakòz presyon nan sistèm dijestif la
Lòt manje, tankou bwason gazeuz tankou soda ak seltzè ka lakòz distansyon (presyon) nan lestomak la ki fòse sfinktè èzofaj ki pi ba a louvri. Gwo repa ak manje ta nan aswè ka gen efè sa a tou. Lè sfiktè ki pi ba a louvri, asid lestomak la ka tounen moute.
Lè ou gade kat mondyal la ki montre kote ki gen plis moun ki gen GERD, se souvan nan zòn kote rejim alimantè moun yo gen plis manje ki transfòme epi ki gen mwens fib oswa manje natirèl antye. Rejyon ki gen mwens asid yo gen tandans konsome plis plant.
Sarah Andrus, MS, RD, LDN
- Outpatient Dietitian, Mass General Brigham
Manje ki ede ak rflu asid
Trè kèk manje yo te montre yo sispann oswa konplètman rezoud rflu asid, epi pa gen okenn rejim pafè pou GERD. Men, kèk manje ak abitid ka pwoteje ou kont kondisyon an oswa kapab soulaje sentòm yo, Andrus di.
"Lè ou gade kat mondyal la ki montre kote ki gen plis moun ki gen GERD, se souvan nan zòn kote rejim alimantè moun yo gen plis manje ki transfòme epi ki gen mwens fib oswa manje natirèl antye," li di. "Rejyon ki gen mwens asid yo gen tandans konsome plis plant."
Si ou santi ou gen sentòm GERD, reflechi sou rejim alimantè ou epi egzamine chak repa pou jwenn yon sous fib. Si ou jwenn rejim alimantè ou manke, eseye kòmanse ranplase idrat kabòn senp ak fib konplike. Andrus rekòmande yon rejim alimantè rich ak kèk manje pou evite rflu asid:
- Fwi
- Legim
- Sereyal konplè
Pou sentòm GERD aktif, manje ki alkalin (ki opoze ak asidik) ka ede netralize asid nan lestomak. Pwodwi letye se yon bon sous manje alkalin. Si ou ka tolere pwodwi letye, eseye manje sa yo pou touswit diminye asid nan lestomak:
- Fwomaj kotaj
- Kefir (yon lèt fèrmante)
- Lèt
- Yogout
Kèk resous sijere ke jenjanm, pwodwi mant ak dlo sitwon ka ede. Sepandan, Andrus di yo ka aktyèlman agrave GERD, kidonk eseye yo avèk prekosyon.
Lòt konsèy pou anpeche rflu asid
Abitid manje kapab deklanche sentòm rflu asid tou. Andrus rekòmande pou moun fè kèk chanjman fasil pou soulaje GERD:
- Pa bwè anpil dlo pandan repa yo. Dlo kapab ranpli lestomak la epi mete plis presyon sou valv ezofaj la.
- Mastike chiklèt pou ogmante pwodiksyon saliv. Saliv ede kraze epi dijere manje yo.
- Pa manje ta nan mitan lannwit, paske kouche touswit apre w fin manje ka deklanche kè brile.
- Manje dousman pou evite vale lè. Sa fè w mastike manje w pi byen tou epi li ekspoze manje a ak plis saliv, sa ki ede nan dijesyon.
- Manje ti repa chak kèk èdtan. Sa ap anpeche ou sote repa epi manje repa ki twò gwo, ki ka agrave GERD.
- Sispann fimen. Abitid sa a lye ak yon risk ogmante pou rflu asid ak lòt kondisyon gastwoentestinal.
Kilè pou rele doktè ou pou GERD
Andrus sijere pou ou pale avèk doktè swen prensipal ou oswa yon gastwenteolojis si:
- Medikaman yo pa efikas ankò jan yo te konn ye a.
- Ou oblije sèvi ak antasid plis pase yon fwa oswa de fwa pa semèn.
- Ou oblije chanje rejim alimantè w pou anpeche sentòm yo, sitou si w ap retire gwoup manje enpòtan.
GERD ak kansè
Pandan ke sansasyon kè brile souvan se sentòm GERD ki pi komen, gen kèk moun ki pa fè eksperyans li. Yo ka remake lòt siy oswa sentòm ki gen rapò ak GERD oswa ki ka yon siy posib kansè, tankou:
- Anemi
- Difikilte oswa doulè pandan w ap vale
- Kari dan
- Pèt pwa san rezon
- Chanjman nan vwa tankou vwa anwe.
Si w gen nenpòt nan sentòm sa yo epi yo grav oswa yo dire lontan, pale ak doktè w sou GERD ak kansè. Yo ka ede elimine kondisyon ki pi grav, tankou kansè nan èzofaj, anvan yo trete GERD ou.
Jere sentòm GERD
Gastroanterològ yo ka ofri medikaman ak pwosedi chirijikal ki ka ede menm nan ka GERD grav. Pa egzanp, Klinik GERD ak kè brile nan Lopital Newton-Wellesley se youn nan kèk klinik GERD entèdisiplinè nan peyi a. Li gen ladan l gastroanterològ, chirijyen, asistan doktè, enfimyè ak dyetetisyen ki espesyalize nan kondisyon an.
Yon dyetetisyen ka patikilyèman efikas lè l ede w evalye rejim alimantè ou an jeneral epi idantifye sa k lakoz reflu asid pou ou. Yon dyetetisyen kapab rekòmande tou sipleman dyetetik pou asire bon nitrisyon epi kenbe yon pwa an sante.