false

Maladi kè lakay gason ak fanm: 7 Diferans

Yon koup ki pi gran k ap souri deyò.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3001086

Maladi kè se kòz prensipal lanmò nan gason ak fanm, men li ka devlope epi prezante nan fason ki diferan anpil ant sèks yo.

Michelle O’Donoghue, MD, yon kadyològ nan Mass General Brigham, dekri kijan maladi kè afekte gason ak fanm yon fason diferan. Doktè O’Donoghue se yon chèchè prensipal nan TIMI Study Group, kote li dirije esè klinik k ap egzamine maladi kè. Li pran swen pasyan ki gen pwoblèm kè tou nan Brigham and Women’s Hospital ak Lopital Massachusetts General.

Ki jan maladi kè afekte gason ak fanm yon fason diferan

Men kèk diferans kle nan anatomi, faktè risk, ak kondisyon ki gen rapò ant sèks yo:

1. Gason ak fanm gen diferans nan gwosè kè ak veso sangen.

Gason ak fanm montre diferans nan anatomi ak fizyoloji yo, depi nan poumon ak sèvo rive nan mis ak jwenti. Gason ak fanm gen diferans tou nan sistèm kadyovaskilè yo. Konpare ak gason, fanm gen kè ki pi piti ak veso sangen ki pi etwat.

Akòz diferans biyolojik sa yo, maladi kè ka evolye yon fason diferan lakay fanm lè yo konpare ak gason, Doktè O'Donoghue.

Men, jiska dènyèman, yo te konn dyagnostike epi trete fanm ki gen maladi kè menm jan ak gason avèk menm tès yo, menm pwosedi yo, ak menm medikaman yo.

2. Gason ak fanm gen akimilasyon kolestewòl nan diferan zòn.

Yon kriz kadyak rive lè plak kolestewòl akimile anndan mi atè yo epi li lakòz domaj nan gwo veso sangen yo.

Gason anjeneral devlope akimilasyon plak sa a nan pi gwo atè ki bay kè a san. Fanm yo gen plis chans pou yo devlope akimilasyon sa a nan pi piti veso sangen kè a, ke yo rekonèt kòm mikrovaskilè.

Maladi kè nan tou de sèks yo sèlman pasyèlman lye ak akimilasyon kolestewòl. Enflamasyon jwe yon wòl enpòtan tou epi li ka kontribye nan diferans nou wè lakay fanm ki gen maladi kè, Doktè O'Donoghue.

3. Gason ak fanm gen sentòm diferan lè yo fè yon kriz kadyak.

Yon kriz kadyak pa toujou sanble oswa santi menm jan an lakay fanm konpare ak gason. Gason anjeneral prezante bay founisè swen sante yo avèk doulè nan pwatrin.

Fanm yo santi presyon nan pwatrin tou (se toujou plent prensipal la), men yo gen plis chans pase gason pou yo rapòte tou:

  • Malèz nan lestomak
  • Swe
  • Vomisman
  • Doulè nan kou, machwè, gòj, vant oswa do

4. Fanm yo ka gen maladi ki sanble ak yon kriz kadyak.

Fanm yo gen plis chans pase gason pou yo soufri ak maladi ki sanble ak yon kriz kadyak. Pa egzanp, fanm yo gen plis chans pou yo fè eksperyans:

  • Yon spasm kowonè: Yon veso sangie sere epi li sanble ak yon kriz kadyak.
  • Yon diseksyon kowonè: Pawa yon veso sangen chire.
  • Sendwòm kè kase: Sa a se yon kriz kadyak chimik kote anzim ki nan san an ak chanjman ki fèt nan misk kè yo sanble ak sa yo wè pandan yon kriz kadyak, men pa gen okenn atè ki bouche jan sa rive nan maladi atè kowonè.

Pami pwofesyonèl swen sante yo, yo poko rekonèt ase lefèt ke maladi kè pa menm jan lakay tout sèks yo. Anjeneral, se yon moman kote yon pwofesyonèl swen sante pran konsyans toudenkou lè li reyalize konbyen lòt dyagnostik altènatif li ta dwe konsidere lè l ap dyagnostike yon pasyan fi, Doktè O'Donoghue/

5. Gason ak fanm ka gen diferan faktè risk pou yon maladi kè.

Faktè risk pou maladi kè nan fanm enkli istwa repwodiktif. Sèten kondisyon gwosès, tankou preeklanpsi ak dyabèt jestasyonèl, ka se gwo endikatè pou risk maladi kè nan lavni.

Yon etid ki fèt an 2016 sou andometrioz ak maladi kè, chèchè nan Brigham te reyalize, te montre fanm ki gen laj 40 an oswa pi piti ki gen andometrioz te gen 3 fwa plis chans pou yo fè kriz kadyak, gen doulè nan pwatrin, oswa bezwen tretman pou atè ki bouche, konpare ak fanm menm gwoup laj la ki pa t gen andometrioz.

Fanm ki gen andometrioz, preeklanpsi, oswa dyabèt jestasyonèl ta dwe adopteabitid vi ki bon pou kè a. Abitye tèt ou ak siy ak sentòm yon kriz kadyak, epi mande doktè ou pou evalye risk maladi kè ou, Doktè O'Donoghue.

Pwogram Maladi Kadyovaskilè ak Gwosès Brigham nan bay swen espesyalize pou fanm ki gen maladi kadyovaskilè anvan, pandan, ak apre gwosès. Nan sant la, kadyològ ak obstetrisyen kolabore pou idantifye ak modifye faktè risk yo bonè pou anpeche maladi kè anvan li devlope.

Gen kèk fanm ki ka fè yon kriz kadyak men yo tonbe anba nivo deteksyon an. Founisè swen sante yo ap kòmanse aplike papòt espesifik pou sèks pou sèten tès dyagnostik.

Michelle O'Donoghue, MD

  • Kadyològ, Mass General Brigham

6. Gason ak fanm bezwen swen dyagnostik kè diferan.

Lè yon fanm prezante devan yon founisè swen sante ak siy ak sentòm yon kriz kadyak, yo ka resevwa swen dyagnostik diferan pase yon gason.

Pa egzanp, si yo sispèk yon kriz kadyak, ni gason ni fanm resevwa yon tès troponin kadyak (cTn), ki mezire nivo troponin k ap sikile. Pwoteyin sa a lage nan san an lè yon kriz kadyak domaje misk kè a. Nivo troponin ki pi wo vle di plis domaj nan kè. Men papòt klinik ki siyal yon kriz kadyak ka diferan selon sèks yo.

Gen kèk fanm ki ka ap fè yon kriz kadyak, men yo pa rive nan nivo yo ka detekte a. Founisè swen sante yo ap kòmanse aplike papòt espesifik pou sèks pou sèten tès dyagnostik, Doktè O'Donoghue.

Yon lòt tès dyagnostik, kateterizasyon kadyak, depi lontan konsidere kòm metòd referans prensipal pou dyagnostike yon kriz kadyak, men tès sa a chèche wè si gen blokaj nan gwo atè yo. Piske fanm gen plis chans pase gason pou yo gen plis akimilasyon plak nan pi piti atè yo, tès sa a ka pa pi apwopriye pou fè dyagnostik maladi kè lakay fanm.

Si yon kateterizasyon kadyak pa bay pwofesyonèl swen sante yo repons yo t ap atann yo, fanm yo ta dwe mande si lòt tès ta apwopriye. Sa ka gen ladan yon MRI kadyak pou chèche siy enflamasyon nan kè a, oswa imajri andedan atè kowonè yo pou egzamine andedan mi veso sangen yo ki nan kè a, Doktè. O'Donoghue.

Nan Sant pou Maladi Kadyovaskilè pou Fanm, klinisyen yo adapte sèvis dyagnostik ak tretman pou fanm. Sa gen ladan l iltrason entravaskilè ki ka pi byen detekte maladi kè lakay fanm.

Doktè O'Donoghue te diskite sou jan li enpòtan pou fanm yo peye atansyon sou nenpòt sentòm yo ta ka genyen epi defann sante yo nan yon entèvyou resan ak Boston 25 News. Gade videyo a isit la.

7. Gason ak fanm ka bezwen tretman diferan pou maladi kè.

Founisè medikal yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan trete akimilasyon plak kolestewòl tipik nan pi gwo veso sangen kè a. Men, gen yon konpreyansyon ki pi fèb sou fason pou trete plak nan mikwovaskilati a, oswa enflamasyon kè a.

Sa te di, yon kantite klinisyen k ap grandi ap kòmanse apwoche desizyon tretman ak konesans ke fanm ka benefisye de tretman ki diferan de sa yo itilize nan gason, soti nan kalibrasyon sibtil nan pacemakers rive nan varyasyon sou anjiyoplasti.

Finalman, esè klinik yo pral pi byen enfòme klinisyen yo sou diferans tretman ant gason ak fanm. Chèchè nan Mary Horrigan Connors Center for Women’s Health Research angaje yo nan etidye diferans sa yo epi mete dekouvèt yo an aplikasyon nan fason yo bay swen sante.

Ki jan pou diminye risk pou maladi kè ou?

Maladi kè ka evite, menm si ou gen istwa maladi kè nan fanmi ou. Chanjman nan fòm vi ka gen yon gwo enpak sou anpeche maladi kadyovaskilè oswa anpeche li vin pi mal, ki gen ladan:

primary
internal
Aprann plis sou swen kè ak vaskilè
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular