Rankontre Kelly C. McInnis, DO: Doktè Medsin Espò pou Fanm
Apre li fin jwe foutbòl nan Divizyon 1 nan Boston College, Kelly McInnis, DO, te fè pasyon li pou espò tounen yon karyè kòm doktè medsin espò ak fizyat nan Mass General Brigham Sports Medicine, kote li se direktè Medsin Espò ki pa chirijikal ak yon doktè prensipal nan Pwogram Medsin Espò pou Fanm.
Doktè. McInnis se yon doktè ekip pou Boston Red Sox, New England Patriots, ak Harvard University. Li bay ekip Boston Ballet, Boston Bruins ak New England Revolution konsèy tou.
Doktè. McInnis se responsab medikal anchèf Boston Legacy FC tou pou premye sezon klib la. Avèk Elizabeth Matzkin, MD, Doktè McInnis dirije kolaborasyon ant Boston Legacy FC ak Mass General Brigham. Ansanm, yo pral bay swen medikal ofisyèl ak sèvis medsin espò pou sezon 2026 National Women's Soccer League (NWSL), lig nasyonal foutbòl fanm nan.
Doktè. McInnis te responsab swen medikal nan Boston tou pou Koup dimond FIFA 2026 la, ki te jwe nan Gillette Stadium.
Nan entèvyou sa a, li pale sou travay li pou pran swen atlèt nan tout nivo, sou avni Pwogram Medsin Espò pou Fanm, ansanm ak kolaborasyon li ak kòlèg li yo nan domèn chiriji òtopedik.
K: Ki kèk nan priyorite w pandan w ap ede dirije Pwogram Medsin Espò pou Fanm nan?
McInnis: Objektif prensipal nou se amelyore swen yo bay atlèt fi yo.
Yo bay atlèt fi yo anpil mwens atansyon, epi gen anpil mwens rechèch sou yo pase sou atlèt gason yo. Sa vre pou espò fanm sèlman jwe, tankou sòftbòl, oswa espò fanm ak gason jwe, tankou foutbòl. Espò fanm yo ap devlope, ni nan kantite atlèt fi ni nan varyete espò yo jwe. Sa gen ladan nivo amatè, nivo elit ak tout nivo ant de yo.
Nou konnen gen diferans klè nan anatomi ak fizyoloji ant gason ak fanm. Fanm fè eksperyans chanjman òmòn pandan adolesans, gwosès (pandan ak apre gwosès), ak menopoz. Nou bezwen plis rechèch pou konprann kijan chanjman sa yo afekte kondisyon fizik ak pèfòmans. Diferans fizik atlèt fi yo fè yo gen plis risk pou yo pran kèk blesi nan anch, blesi nan jenou tankou chire ligaman kwaze devan jenou an (ACL) ak blesi nan zo akòz twòp presyon sou yo.
Nou gen anpil bagay pou nou aprann sou diferans ant fanm ak gason nan lòt domèn medsin espò ak egzèsis. Domèn sa yo gen ladan sante mantal, nitrisyon pou espò, sante kè nan espò, amelyorasyon pèfòmans ak prevansyon blesi. Avèk yon pi bon konpreyansyon sou fason diferans sa yo kontribye nan blesi ak maladi, nou ka kòmanse bay pi bon swen pou atlèt fi nan tout nivo.
Nou devlope pwogram espesyal pou ranfòse misk ak amelyore kondisyon fizik fanm yo, sitou misk ki konn fèb yo. Objektif la se anpeche blesi repete alontèm epi kenbe yo nan jwèt la pi lontan.
K: Ki objektif ou pou patenarya ant Mass General Brigham Women’s Sports Medicine ak Boston Legacy FC? Kijan wòl ou kòm responsab medikal anchèf klib la ka enfliyanse swen yo?
Nou tèlman kontan dèske nou se founisè swen medikal ak patnè nan medsin espò pou Boston Legacy FC nan premye sezon li a.
Objektif nou ak patenarya sa a se bay atlèt Boston Legacy yo swen eksepsyonèl, ak pi wo nivo ekspètiz ak angajman. Nou rasanble yon ekip ki dedye karyè yo pou fè medsin espò pou fanm vanse atravè rechèch ak swen pasyan.
Ekip pwofesyonèl sante ki soti nan plizyè domèn nan konnen atlèt fi pwofesyonèl yo gen bezwen espesyal pou sante yo, misk yo ak zo yo. Nou dwe okipe bezwen sa yo pou anpeche blesi ak maladi epi amelyore pèfòmans, sante ak byennèt jwè yo sou teren an ak deyò teren an.
Kòm responsab medikal anchèf klib la, mwen veye pou atlèt wo nivo sa yo jwenn menm kalite swen Mass General Brigham Sports Medicine bay lòt ekip pwofesyonèl New England yo. Nou adapte swen yo ak bezwen patikilye atlèt fi yo. Soti nan egzamen fizik anvan sezon an rive nan dènye gòl sezon an ak pi lwen, n ap pran swen sante total atlèt sa yo.
K: Èske ou ka dekri travay ou kòm doktè pou ekip Boston Red Sox ak New England Patriots yo?
McInnis: Atlèt pwofesyonèl yo gen bezwen inik. Demand espò yo se nan nivo elit. Se travay yo ak mwayen pou yo viv. Akòz sa, blesi yo gen gwo konsekans. Nou endividyalize bezwen yo baze sou espò, pozisyon, etap karyè, objektif pèsonèl, elatriye. Nou gen yon apwòch konplè pou evalyasyon, jesyon, ak prevansyon segondè. Sa a sanble ak sa nou fè pou atlèt amatè yo, kote pasyan yo pasyone menm jan an, men konsekans yo pa menm grav.
K: Ki wòl ou nan jou match la?
McInnis: Mwen fè pati yon ekip espesyalis ki bay swen medikal pandan match Boston Red Sox yo nan peryòd antrènman prentan an ak pandan sezon regilye a. Nou pran swen pwoblèm medikal ak blesi ki rive toudenkou sou teren an. Priyorite nou se toujou sante, sekirite, ak byennèt atlèt nou yo. Nou defann atlèt nou yo, toujou nan enterè yo epi pou sekirite yo, kèlkeswa enpòtans match la oswa sezon an.
Lè n ap trete atlèt pwofesyonèl, nou itilize tout ekspè nan ekip nou an pou bay pi bon swen posib. Nou konsidere zouti tretman ki pi modèn e ki baze sou prèv, ansanm ak entèvansyon dènye kri pou bay yon retou an sekirite epi rapid nan jwèt la. Se menm apwòch sa a nou pran pou atlèt amatè nou yo.
Kelly C. McInnis, DO
- Sports Medicine Physiatrist
- Mass General Brigham
K: Kijan eksperyans ou nan pran swen atlèt pwofesyonèl benefisye lòt pasyan ou yo?
McInnis: Lè n ap trete atlèt pwofesyonèl, nou itilize tout ekspè nan ekip nou an pou bay pi bon swen posib. Nou konsidere zouti tretman ki pi modèn, ki baze sou prèv, ansanm ak entèvansyon dènye kri, pou bay yon retou an sekirite epi rapid nan jwèt la. Se menm apwòch sa a nou pran pou atlèt amatè nou yo.
Mwen vrèman renmen pran swen atlèt ki fè espò pou plezi e menm moun ki senpleman renmen fè egzèsis anpil. Nou konnen egzèsis se medikaman nan plizyè fason. Trete atlèt tout nivo ak moun aktif tout nivo se sa mwen vrèman renmen.
K: Kijan ou abòde swen pasyan kòm yon fizyat?
McInnis: Nou fòme pou trete tout blese ak pwoblèm miskilèskeletik, ansanm ak blese ak pwoblèm newolojik. Pou kòlèg mwen yo nan chiriji òtopedik, objektif prensipal la se retabli pati kò ki blese yo. Yo fè operasyon pou repare pati kò ki blese yo. Okontrè, wòl prensipal fizyat la se ede moun nan reprann kapasite li pou l fè aktivite li yo.
Nou konsidere moun nan nan tout aspè l, nou gade sitiyasyon an nan tout antye l. Si m ap egzamine yon pasyan ki gen doulè nan jenou, m ap gade anch lan, kolòn vètebral la, pye a ak cheviy la. Tout estrikti kò sa yo jwe yon wòl nan fason jenou an fonksyone.
K: Kijan ou menm ak kòlèg ou yo nan chiriji òtopedik travay ansanm pou pran swen pasyan yo?
McInnis: Nou travay byen ansanm epi nou bay swen konplemantè, kit n ap wè yon pasyan apre operasyon oswa anvan operasyon. Katreven dis pousan nan swen nan domèn medsin espò pa mande operasyon; se poutèt sa, nou revize tout opsyon tretman ki pa mande operasyon epi nou eseye tout posiblite sa yo, si sa apwopriye. Epi nou fè pasyan yo jwenn swen pi vit nan men espesyalis chirijikal ki apwopriye a si yon operasyon nesesè oswa si tretman san operasyon an pa mache. Chirijyen yo konte sou konpetans nou nan tretman san operasyon. Yo souvan voye pasyan ban nou pou swen tankou tretman ak piki.
Yon atlèt ka wè m, epi li ka pa konnen si se yon pwoblèm chirijikal oswa non. E atravè pwosesis evalyasyon an ak eseye kèk mezi tretman ki pa chirijikal, yo ka finalman bezwen operasyon. Lè mwen voye pasyan an bay yon kòlèg chirijyen, atant yo deja fikse. Sa ede kòlèg chirijyen mwen yo travay pi efikas epi devlope yon relasyon ak pasyan an.
Pafwa, mwen wè pasyan sa a tou apre operasyon an, ansanm ak fizyoterapis la. Mwen ba yo konsèy sou fason pou yo rekòmanse fè aktivite ak espò yo renmen yo.
K: Kijan ou anvizaje avni Medsin Espò pou Fanm?
McInnis: Domèn nan relativman nouvo, ak yon avni briyan. Nou planifye pou dirije avansman Medsin Espò pou Fanm nan swen klinik, rechèch, edikasyon, ak angajman kominotè. Fanm kontinye fè pwogrè enpòtan nan patisipasyon ak pèfòmans nan atletik. Nou vle amelyore swen nou bay yo anmenmtan epi, alafen, bay pi bon swen konplè posib avèk pwofesyonèl sante ki soti nan plizyè domèn.
K: Kisa ou pi renmen nan travay ak ekip Medsin Espò Mass General Brigham nan?
McInnis: Mwen gen anpil chans pou m fè pati yon gwoup founisè eksepsyonèl nan Medsin Espò Mass General Brigham. Sa ki fè kote sa a espesyal pou travay, se jan nou mete atlèt yo an premye nan swen nou bay ak jan nou travay ann ekip.