false

Parkinson kont Esklewoz miltip: Ki diferans lan?

Yon fi k ap souri k ap wouze plant sou yon balkon.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3000583

Maladi Parkinson ak esklewoz miltip (MS) afekte kapasite w pou w deplase kò w pandan y ap lakòz mouvman involontè tou.

“Tou de kondisyon yo ka lakòz tranbleman,” Michael Levy, MD, PhD, yon newoiminològ nan Mass General Brigham di. “Men maladi diferan sa yo gen kòz, tès dyagnostik, ak tretman ki diferan.”

Maladi Parkinson ak MS se de maladi pwogresif ki dire tout lavi. Yo afekte sèvo a ak mwèl epinyè a nan sistèm nève santral la. Sentòm yo vin pi mal a mezi tan ap pase. Pandan pa (ko) gen gerizon pou youn nan maladi sa yo, tretman yo ka amelyore kalite lavi.

Doktè Levy, ki sèvi kòm direktè rechèch nan Pwogram Newo-iminoloji ak Maladi Newo-enfektye nan Massachusetts General Hospital, eksplike 5 diferans kle ant Parkinson ak MS.

1. Maladi Parkinson ak MS afekte kò a nan diferan fason

Esklewoz miltip se yon maladi a medyasyon iminitè, sa vle di yon repons anòmal ki pouse sistèm iminitè a atake myelin nan. Myelin se sibstans gra ki antoure epi pwoteje nè yo nan sèvo a ak nan mwèl epinyè a. Domaj ki lakòz la afekte kapasite sèvo a pou kominike ak mis ki kontwole mouvman, sansasyon, ak vizyon.

“Deklanchè a ka yon viris tankou viris Epstein-Barr la,” doktè Levy di, “men nou vrèman pa konnen kisa ki deklanche sistèm iminitè a pou l atake sèvo a ak mwèl epinyè a lakay moun ki gen MS yo.”

Maladi Parkinson se yon twoub mouvman. Li rive lè newòn yo nan yon zòn toupre baz sèvo a deteryore epi mouri. Newòn sa yo pwodui dopamin. Mesaje chimik sa a enpòtan pou siyal nan sèvo a ki kòdone fonksyon tankou mouvman, lapawòl, vale, ak respire.

Menm jan ak MS, ekspè yo pa sèten sou kisa ki lakòz maladi Parkinson nan. Ekspozisyon a pestisid ak lòt toksin ka deklanche maladi a. Jiska 1 moun sou 10 ki gen maladi a gen yon antesedan familyal Parkinson. Yo pote yon mitasyon jenetik ki lakòz maladi Parkinson familyal la.

2. Gen diferans nan laj aparisyon maladi a ak ki moun ki gen risk yo.

Nenpòt moun ka devlope maladi Parkinson oswa esklewoz miltip (MS). Men faktè sa yo fè yo diferan:

  • Laj aparisyon: MS la jeneralman parèt ant 20 ak 40 an. Li kapab afekte timoun tou (MS pedyatrik). Maladi Parkinson nan jeneralman parèt nan kòmansman rive nan mitan laj 60 an, oswa menm pi ta. Li ra anpil lakay timoun.
  • Sèks byolojik: MS rive pi souvan kay fanm oswa moun yo te asiyen fi nan nesans yo (AFAB). Maladi Parkinson rive pi souvan kay gason oswa moun yo te asiyen gason nan nesans yo (AMAB).

3. Gen diferans ant sentòm Parkinson ak MS.

Maladi Parkinson ak MS afekte chak moun yon fason diferan. Kondisyon yo pataje kèk sentòm, ki se youn nan rezon ki fè li fasil pou konfonn yo. Tou de kondisyon yo ka lakòz feblès nan mis, kò rèd, oswa espasm ki afekte mache. Tou de kondisyon yo lakòz tou fatig ak depresyon. Men, kèk nan sentòm yo la sèlman pou kondisyon espesifik la.

Sentòm esklewoz miltip

Avèk MS, feblès nan mis ka kòmanse sou yon bò kò a epi answit afekte tout kò a. MS ka parèt sou fòm kriz (kote ou gen sentòm) ak remisyon (kote sentòm yo lejè oswa pa parèt ditou).

Siy ak sentòm MS yo enkli:

  • Pwoblèm balans, sitou lè w ap mache
  • Vètij kwonik oswa okazyonèl
  • Difikilte pou reflechi oswa sonje
  • Vizyon doub oswa lòt pwoblèm vizyon
  • Pikotman, angoudisman, oswa doulè nan manm yo, figi, oswa lestomak

Sentòm maladi Parkinson

Sentòm maladi Parkinson souvan afekte yon bò kò a an premye anvan yo afekte tout kò a piti piti. Sentòm yo ka mwens grav nan yon bò. Kontrèman ak sentòm MS, ki ka vini epi ale, sentòm maladi Parkinson yo pèsiste chak jou.

Siy maladi Parkinson yo enkli:

  • Rijidite cogwheel: Mis ki rèd ak sere ka rann li difisil pou w bouje bra yo. Lè yon founisè swen eseye bouje bra yon pasyan, li bouje ak yon mouvman kout, brit, tankou yon klikè.
  • Demach Parkinsonyen: Lè y ap mache, moun ki gen maladi Parkinson nan ka panche an avan, trennen pye yo, epi yo pa balanse bra yo. Yo ka rete yo kanpe pandan y ap mache oswa yo ezite anvan yo fè yon pa.
  • Mouvman ki ralanti: Pèt kontwòl miskilè ka ralanti mouvman yo. Li ka pi difisil pou yo konplete aktivite chak jou tankou lave kò ak abiye. Yon moun ka vin mwens ekspresif, sa yo rele yon "figi san ekspresyon".
  • Tranbleman: Tranbleman ka lakòz men, pye, oswa machwè yo ap souke nan envolontèman. Moun yo souvan fè yon mouvman repetitif tankou y ap "woule yon konprime", kote yo fwote pous ak endèks yo ansanm.

4. Founisè swen sante yo itilize diferan tès pou fè dyagnostik maladi Parkinson ak esklewoz miltip (MS).

Pa gen yon tès dyagnostik definitif pou maladi Parkinson oswa pou MS. Founisè swen sante yo evalye sentòm yo epi yo fè egzamen fizik ak newolojik. Gen kèk tès, tankou IRM nan sèvo, ki ka ede founisè swen sante yo fè yon dyagnostik.

Tès pou fè dyagnostik MS

Tès sa yo ede founisè swen sante yo fè dyagnostik MS epi elimine lòt kondisyon ki lakòz sentòmki menm jan an:

  • Tès potansyèl evoke pou evalye repons sistèm nève a lè li estimile
  • Ponksyon lonbè (tès likid nan kolòn vètebral) pou teste likid serebwospinal la pou pwoteyin ak selil enflamatwa ki asosye ak MS
  • Tès vizyon, tankou tomografi koyerans optik (OCT), pou tcheke si gen chanjman nan vizyon

Tès pou fè dyagnostik maladi Parkinson

Tès sa yo ede founisè swen sante yo fè dyagnostik maladi Parkinson epi elimine lòt kondisyon ki lakòz sentòm ki menm jan an:

  • Eskanè transpòtè dopamine (DaT) pou chèche chanjman nan sistèm dopamine nan sèvo a
  • Tès jenetik pou tcheke si gen chanjman nan jèn ki lakòz fòm maladi Parkinson ereditè
  • Eskanè tomografi òdinatè emisyon foton inik (SPECT) pou montre ki zòn nan sèvo a ki aktif ak ki zòn ki mwens aktif

Pwogrè imans nan tretman yo pandan de dènye deseni yo ap ede amelyore kalite lavi pasyan yo. Chèchè yo kontinye chèche nouvo fason pou jere epi finalman geri maladi sa yo ki chanje lavi moun.

Michael Levy, MD, PhD

  • Newo-iminològ, Mass General Brigham

5. Tretman pou maladi Parkinson ak MS yo diferan.

Paske maladi Parkinson ak MS gen kòz ak sentòm diferan, tretman yo diferan tou.

Tretman pou MS

“Gen apeprè de douzèn terapi medikaman ki trè efikas epi ki FDA apwouve pou MS,” dapre sa Doktè Levy di.

Medikaman ki modifye maladi a ka diminye kantite ak gravite atak sistèm iminitè a sou sèvo a. Yo minimize sentòm yo epi yo ede ralanti pwogresyon maladi a. Kòtikostewoyid yo se medikaman ki ka soulaje enflamasyon pandan yon kriz MS.

Tretman pou maladi Parkinson

Ekip swen Parkinson ou an ka travay avèk ou pou analize ki opsyon tretman ki pi bon pou ou.

Medikaman ak lòt terapi pou maladi Parkinson yo soulaje sentòm yo. Men, yo pa ralanti ni sispann pwogresyon maladi a. Pifò medikaman chanje kantite dopamin nan sèvo a. Carbidopa-levodopa se medikaman dopamin ki pi souvan preskri pou maladi Parkinson.

Gen kèk moun ki gen maladi Parkinson ki jwenn benefis nan estimilasyon sèvo pwofon (DBS). Gen yon ti jeneratè enpilsyon k ap voye enpilsyon elektrik san danje nan elektwod (ti fil) pwofesyonèl sante yo mete nan sèvo a. DBS ka soulaje sentòm yo.

Chanjman nan fason w viv tankou manje byen epi fè egzèsis pou maladi Parkinson ka ede w jere kondisyon w tou.

Espwa pou moun ki gen maladi Parkinson ak esklewoz miltip (MS)

“Pwogrè imans nan tretman yo pandan de dènye deseni yo ap ede amelyore kalite lavi pasyan yo,” Doktè Levy di. “Chèchè yo kontinye chèche nouvo fason pou jere epi finalman geri maladi sa yo ki chanje lavi moun.”

Doktè-syantifik nan Mass General Brigham ap patisipe aktivman nan devlopman: