false

Kisa lanmò manman pandan gwosès oswa ape akouchman ye?

Kontribitè
Nawal Nour, MD, MPH
Imaj yon fanm ansent k ap anbrase pitit li sou yon kanape
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/251751

Mòtalite matènèl, lanmò yon moun ansent pandan gwosès, akouchman, oswa nan semèn ki swiv akouchman, se youn nan evènman ki pi chokan ki ka rive nan yon fanmi.

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rapòte ke an 2021, 1,205 fanm te mouri nan kòz matènèl nan Etazini konpare ak 861 an 2020 ak 754 an 2019. Pousantaj mòtalite matènèl pou ane 2021 an te 32.9 lanmò pou chak 100,000 nesans vivan, konpare ak yon pousantaj 23.8 an 2020 ak 20.1 an 2019.

"Lanmò matènèl se yon trajedi ki afekte tout fanmi an," se di Nawal Nour, MD, MPH, yon obstetrisyen-jinekòlòg ak chèf Depatman Obstetrik ak Jinekoloji nan Lopital Brigham and Women's. "Malerezman, Etazini gen youn nan pi gwo pousantaj lanmò matènèl nan peyi devlope yo."

Ki kòz prensipal lanmò pandan gwosès ak peryòd apre akouchman?

Kat kondisyon lakòz pifò lanmò matènèl:

  1. Tansyon wo (ipètansyon): Sa rive lè san ou mete twòp presyon sou veso sangen ou yo. Tansyon wo ki pa kontwole ka mennen nan kondisyon tankou preeklanpsi oswa eklanpsi. Sa yo ka lakoz domaj nan fwa ak ren, kriz, atake nan sèvo, koma, ak lanmò.
  2. Emoraji apre akouchman: Sa rive lè ou senyen plis pase sa ou ta dwe apre ou fin akouche. Senyen anpil ka rive lè matris ou pa kontrakte (vin pi piti) ase vit apre akouchman. Li ka devlope tou lè tisi rete nan matris ou apre akouchman.
  3. Maladi kè: Sèten kalite maladi kè pandan gwosès ka mete lavi yon moun ansent an danje. Gen kèk pasyan ki kòmanse gwosès yo ak maladi kè. Gen lòt ki vin genyen li pandan yo ansent.
  4. Enfeksyon: Bakteri ka lakoz yon enfeksyon grav nan matris la ki rele sepsis.

Mòtalite matènèl ak laj

Dapre CDC a, to mòtalite matènèl ogmante ak laj manman an. To yo an 2021 te:

  • 20.4 lanmò pou chak 100,000 nesans vivan pou fanm ki gen mwens pase 25 an
  • 31.3 pou fanm ki gen ant 25 ak 39 an
  • 138.5 pou fanm ki gen 40 an oswa plis

To mòtalite matènèl pou fanm ki gen 40 an oswa plis te 6.8 fwa pi wo pase to pou fanm ki gen mwens pase 25 an.

Mòtalite matènèl ak ras

Moun ki ansent nan tout ras yo an danje pou yo mouri pandan gwosès oswa akouchman. Men moun ki gen koulè yo gen plis risk sitou. An 2021, kantite fanm Nwa ki te mouri pandan gwosès oswa apre yo fin akouche te pi wo anpil pase kantite fanm blan ak fanm Ispanik ki te mouri. Pou tout gwoup ras ak moun Ispanik yo, kantite a te ogmante anpil ant 2020 ak 2021.

Anpil pwoblèm sosyal jwe yon wòl nan risk sante pou moun ki gen koulè. Sa yo gen ladan yo mank manje, estrès ki dire lontan, twomatis, vyolans, ak rasis nan sistèm nan. "Nou dwe bay pasyan Nwa nou yo plis atansyon paske yo gen plis risk pou yo mouri pandan gwosès oswa apre yo fin akouche," se sa doktè Nour di.

Nan yon entèvyou sou mòtalite matènèl avèk The Boston Globe, Doktè Nour te reflechi sou kòz prensipal yo ak fason pasyan yo ka defann tèt yo.

Se moman pou ou rete vijilan. Si ou santi gen yon bagay ki pa nòmal, tanpri pa inyore li. Si ou gen nenpòt pwoblèm, nou vle konnen. Tanpri rele oswa vini pou nou ka wè ou. Sa enpòtan anpil.

Nawal Nour, MD, MPH

  • Obstetrician-Gynecologist
  • Mass General Brigham

Anpeche lanmò ki gen rapò ak gwosès

Brigham and Women’s Hospital se yon lidè nasyonal nan mete an plas efò pou pwoteje moun ansent kont kondisyon ki menase lavi. Dapre Pew Charitable Trusts, yo ka anpeche jiska 60 pousan lanmò matènèl. Se poutèt sa, ekip swen Brigham yo ap pran plizyè mezi pou pwoteje pasyan yo pandan gwosès ak apre yo fin akouche.

Moun ki ansent ki gen pwoblèm sante ki ka danjere resevwa plis atansyon nan men doktè ak lòt moun k ap pran swen yo. Pa egzanp, pasyan ki gen tansyon wo resevwa kounye a monitè tansyon pou yo itilize lakay yo. Si tansyon yo monte, yo mande yo pou yo rele Doktè yo imedyatman.

Brigham vini tou ak nouvo direktiv strik ki gen rapò ak senyen pandan akouchman. Ekip swen yo idantifye pasyan ki gen sèten faktè risk, konsa pwofesyonèl sante yo ka vijilan. Pwofesyonèl sante yo kontwole kantite san pasyan an pèdi avèk anpil atansyon, epi yo pare pou bay tretman byen vit si yon moun ki ansent ap pèdi twòp san. Ekip swen yo patisipe nan fòmasyon woutin pou prepare yo pou reponn a ijans ki gen rapò ak senyen.

"Si nou ka detekte bagay sa yo prekòs, nou nan yon pi bon pozisyon pou nou sove pasyan sa yo," se sa doktè Nour di.

Abòde prejije san konsyans lakay doktè yo

Pou ede pwoteje moun ansent ki gen koulè, Brigham konsantre sou abòde sa yo rele "prejije san konsyans" pami doktè yo. Rechèch montre doktè blan yo ka trete pasyan ki pa blan yo yon fason diferan, menm lè yo ap eseye trete tout moun menm jan. Pa egzanp, yo ka pa bay pasyan yo ase medikaman pou doulè oswa yo ka panse pasyan an pa pèdi anpil san. Sa ka lakoz pi move swen pou moun ki gen koulè ak yon pi gwo risk lanmò matènèl.

"Antanke Doktè, nou dwe asire n nou pa kite pwòp prejije nou enfliyanse fason nou bay pasyan swen," se sa Doktè Nour di. "Isit la nan Brigham, nou vle ede moun konprann pwoblèm sa a, paske se yon bagay ki enpòtan anpil pou nou."

Siy avètisman pou veye pandan gwosès la

Ekip swen Brigham yo konsantre tou sou kreye yon espas ki pi akeyan pou moun ansent. "Li enpòtan pou pasyan yo gen bon relasyon ak doktè yo, kote yo ka pale lib epi di laverite," se sa doktè Nour di. "Nou vle yo santi yo alèz pou poze kesyon epi defann tèt yo."

Doktè Brigham yo ankouraje moun ansent ak nouvo paran yo pou yo rete vijilan pou sentòm ki bay enkyetid. Sa yo enkli:

  • Konfizyon oswa lapawòl ki pa klè
  • Maltèt oswa chanjman nan vizyon
  • Gwo senyen
  • Tèt vire oswa santi w ap pèdi konesans
  • Pèdi sansasyon nan figi, nan bra, oswa nan janm
  • Doulè nan vajen, nan pwatrin, oswa nan vant
  • Kè k ap bat twò vit

“Se moman pou ou rete vijilan. Si ou santi gen yon bagay ki pa nòmal, tanpri pa inyore li," se sa doktè Nour di. “Si ou gen nenpòt pwoblèm, nou vle konnen. Tanpri rele oswa vini pou nou ka wè ou. Gen anpil an jwèt.

primary
internal
Aprann kijan Mass General Brigham ap fè swen klinik yo vin pi ekitab
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/allison-bryant-mantha-q-a-making-clinical-care-more-equitable